Haitian Creole Bible

Genesis 14

Genesis

Return to Index

Chapter 15

1

ś Apre bagay sa yo, Abram fč yon vizyon. Li wč Seyč a ki t'ap pale avč l'. Seyč a di l' konsa. Abram, ou pa bezwen pč anyen. Se mwen menm k'ap pwoteje ou. M' sere yon gwo gwo rekonpans pou ou.

2

ś Abram di. Seyč, Bondye, kisa ou vle ban mwen? Mwen tout fin mouri, mwen pa gen pitit. Sčl moun lakay mwen ki pral eritye m', se Elyezč, moun peyi Damas la.

3

Abram di ankň. Gade! Ou pa ban m' pitit. Se yonn nan domestik mwen yo ki pral eritye m'.

4

Lč sa a, li tande Seyč a ki di l' konsa. Non, se pa li menm ki pral eritye ou. Se pwňp pitit zantray ou ki pral eritye ou.

5

Seyč a fč Abram soti deyň, li di l' konsa Leve je ou, gade syčl la byen. Konte zetwal yo si ou kapab. Apre sa, li di. Pitit pitit ou yo va anpil tankou zetwal nan syčl la.

6

Abram mete konfyans li nan Seyč a, se konsa Seyč a fč l' gras.

7

ś Seyč a di. Se mwen menm, Seyč a, ki te fč ou soti lavil Our nan peyi Kalde a, pou m' te ka ba ou peyi sa a pou ou.

8

Abram di. Seyč, Bondye, kijan pou m' fč konnen peyi sa a pou mwen vre?

9

Seyč a di l'. Pran yon ti gazčl bčf twazan, yon fenmčl kabrit twazan, yon belye twazan, yon toutrčl ak yon jenn pijon.

10

Abram al pran tout bčt sa yo, li koupe yo mitan pou mitan, li mete moso yo yonn anfas lňt. Men, li pa koupe zwazo yo an de.

11

Chak fwa malfini karanklou vin pou desann sou vyann bčt yo, Abram pouse yo ale.

12

ś Solčy tapral kouche lč dňmi vňlč Abram. Li dňmi nčt ale. Epi yon sčl lapčz pran l' nan dňmi an. Kote l' te ye a vin fč tout nwa.

13

Seyč a di l'. Konnen sa byen: Pitit pitit ou yo pral viv tankou etranje nan yon peyi ki pa pou yo. Y'ap fč yo tounen esklav, y'ap peze yo pandan katsanzan (400 an).

14

Men, apre sa, m'ap pini nasyon ki va pran yo fč esklav la. Konsa, lč lč a va rive pou yo kite peyi sa a, y'a soti avčk anpil anpil richčs.

15

Kanta ou menm, ou pral mouri ak kč poze, ou pral jwenn zansčt ou yo ki mouri deja. Wi, anvan ou antre anba tč, wa viv lontan san ankenn pwoblčm.

16

Apre kat jenerasyon, pitit pitit ou yo va tounen isit la, paske se pou nou tann moun Amori yo rive nan dčnye bout mechanste yo.

17

ś Apre solčy fin kouche, te fč nwa anpil. Epi men li, yon recho ki t'ap fč lafimen ansanm ak yon gwo bwa dife tout limen parčt. Yo pase nan mitan moso vyann bčt yo.

18

Se jou sa a Seyč a te pase kontra avčk Abram. Li di l' konsa M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyč Lejip, rive jouk larivyč Lefrat la.

19

Sa vle di tout peyi kote moun Keni yo, moun Kenizi yo, moun Kadmon yo,

20

moun Et yo, moun Ferezi yo, moun refayim yo,

21

moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Gigach yo ak moun Jebis yo rete.

Genesis 16

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com