Haitian Creole Bible

Genesis 27

Genesis

Return to Index

Chapter 28

1

ś Izarak rele Jakňb, li beni l'. Apre sa, li ba li lňd sa a: -Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou.

2

Leve non, ale Mezopotami lakay Betwčl, papa manman ou. W'a pran yonn nan piti fi Laban yo pou madanm. Laban, se frč manman ou.

3

Mwen mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' beni maryaj ou, pou l' ba ou anpil pitit, pou ou tounen zansčt anpil nasyon.

4

Se pou l' beni ou, ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo, menm jan li te beni Abraram, pou ou ka pran posesyon peyi kote w'ap viv koulye a, peyi li te deja bay Abraram lan.

5

Se konsa Izarak fč Jakňb pati. Jakňb ale nan Mezopotami lakay Laban, pitit Betwčl, moun peyi Aram lan. Laban se te frč Rebeka, manman Jakňb ak Ezaou.

6

ś Ezaou vin konnen ki jan Izarak te beni Jakňb, ki jan li te voye l' Mezopotami al chache yon madanm. Li vin konnen tout lč Izarak t'ap beni Jakňb la, li te pase l' lňd sa a: Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou.

7

Ezaou te wč Jakob te obeyi papa l' ak manman l', li te pati pou Mezopotami.

8

Konsa, Ezaou vin wč Izarak papa l' pa t' renmen fi peyi Kanaran yo.

9

Li leve, li ale lakay Izmayčl, lňt pitit gason Abraram lan, li pran yon lňt madanm mete sou sa li te genyen deja yo. Li marye ak Maalat, yonn nan pitit fi Izmayčl yo. Maalat sa a, se te sč Nebajňt.

10

ś Jakňb kite Bčcheba, li pati pou Karan.

11

Li rive yon kote, li rete pase nwit la la, paske sňlčy te fin kouche. Li pran yon wňch sčvi l' zňrye, epi li kouche atč a konsa pou l' dňmi.

12

Li fč yon rčv. Li reve li wč yon nechčl ki te kanpe de pye l' atč ak tčt li pčdi nan syčl la. Zanj Bondye yo t'ap moute desann sou nechčl la.

13

Epi li wč Seyč a kanpe anwo nechčl la. Seyč a t'ap di: -Se mwen menm, Seyč a, Bondye Abraram, zansčt ou, ak Bondye Izarak. Ou wč tč kote ou kouche a, m'ap ba ou l' pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo.

14

Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyč ki sou latč. Yo pral gaye nan tout direksyon, lčs, lwčs, nň, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latč.

15

Pa bliye, m'ap toujou la avčk ou, m'ap voye je sou ou kote ou pase. M'ap fč ou tounen nan peyi sa a, paske mwen p'ap lage ou san m' pa fč tout sa mwen sot di ou la a.

16

ś Jakňb leve nan dňmi an, li di: -Wč pa wč, Seyč a isit la, mwen pa t' konn sa.

17

Msye vin pč, li di: -Isit la se yon kote pou moun respekte! Se pa lňt bagay, isit la se kay Bondye ak pňt syčl la.

18

Jakňb leve byen bňnč, li pran wňch li te fč sčvi l' zňrye a, li plante l' tankou yon bňn tč, li vide lwil sou li pou mete l' apa pou Bondye.

19

Li rele kote sa a Betčl. (Anvan sa, lavil la te rele Louz.)

20

Jakňb fč yon pwomčs bay Seyč a, li di: -Si Bondye toujou kanpe avčk mwen, si li voye je sou mwen nan tout vwayaj sa m'ap fč a, si li ban m' manje pou m' manje ak rad pou m' met sou mwen,

21

si l' fč m' tounen ak kč poze lakay papa m', Seyč a va Bondye m' vre.

22

Wňch sa a mwen plante nan tč tankou bňn lan va sčvi kay pou Bondye. m'a ba ou yon dizyčm nan tout sa ou va ban mwen.

Genesis 29

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com