| Chapter 37 |
1 |
ś Men Jakňb rete rete l' nan peyi Kanaran kote papa l' te pase tout lavi l'. |
2 |
Men istwa fanmi Jakňb la. Jozčf te yon jenn gason disčtan. Li t'ap gade mouton ak kabrit ansanm ak frč l' yo, pitit gason Bila ak Zilpa, fanm kay papa l' yo. Li te konn rapňte bay papa l' tout vye bagay yo t'ap fč. |
3 |
Izrayčl menm te renmen Jozčf plis pase tout lňt pitit li yo, paske li te fin granmoun lč Jozčf te fčt. Li fč yon bčl varčz long ak manch pou li. |
4 |
Lč frč l' yo wč jan papa yo te renmen Jozčf plis pase yo, yo pran rayi l'. Yo pa t' louvri bouch avč l' san yo pa joure l'. |
5 |
ś Yon jou, Jozčf fč yon rčv. Li rakonte l' bay frč li yo. Sa te fč yo rayi l' pi plis toujou. |
6 |
Li di yo: -Mesye, tande yon rčv mwen fč. |
7 |
Mwen wč nou tout nou te nan jaden, chak moun t'ap mare yon pakčt zčb. Pakčt mwen an rete konsa li kanpe tout dwat pou kont li, epi tout pakčt pa nou yo fč wonn li, yo vin bese tčt devan pa m' lan tankou moun y'ap salwe. |
8 |
Frč l' yo di l': -Anhan! Ou vle di ou pral chčf nou, ou pral kňmande nou! Yo te vin rayi l' pi plis toujou poutčt rčv li te di yo li fč a. |
9 |
Apre sa, Jozčf fč yon lňt rčv ankň. Li rakonte l' bay frč li yo. Li di yo: -Mwen fč yon lňt rčv. Mwen wč solčy la, lalen lan ansanm ak onz zetwal ki t'ap bese tčt devan mwen. |
10 |
Li rakonte rčv la bay papa l' ansanm ak frč l' yo. Men papa a t'ap rale zňrčy li, li t'ap di l': -Ki kalite rčv w'ap fč konsa a? Koulye a, se pou mwen menm, manman ou ansanm ak onz frč ou yo, pou nou vin bese tčt devan ou? |
11 |
Frč Jozčf yo t'ap fč jalouzi, men papa l' t'ap kalkile tout bagay sa yo nan tčt li. |
12 |
ś Frč Jozčf yo leve, y ale jouk Sichčm ak bann bčt papa yo pou fč yo manje. |
13 |
Izrayčl rele Jozčf, li di l' konsa: -Frč ou yo mennen bčt yo jouk Sichčm al manje. Vini non, m'ap voye ou bň kote yo pou mwen. Jozčf reponn: -Men mwen wi, papa. |
14 |
Izrayčl di l' konsa: -Tanpri, ale we kouman frč ou yo ak bčt yo ye laba a. Apre sa, tounen vin pote nouvčl yo ban mwen. Konsa, se papa l' menm ki te fč l' pati kite Fon Ebwon an. Lč Jozčf rive Sichčm, |
15 |
li pčdi wout li nan savann lan, li kontre ak yon nonm ki mande l': -Kisa w'ap chache konsa? |
16 |
Jozčf reponn li: -M'ap chache frč m' yo. Tanpri, di m' ki kote yo mennen bčt yo al manje. |
17 |
Nonm lan di l': -Yo te isit la wi, men yo pati deja. Mwen tande yo t'ap di yo pral Dotan. Jozčf pati dčyč frč l' yo, li jwenn yo Dotan. |
18 |
Men, anvan Jozčf te rive, yo te gen tan wč l' byen lwen ap vini. Yo fč konplo pou yo touye l'. |
19 |
Yonn di lňt: -Men nonm ki renmen fč rčv la ap vini. |
20 |
Annou wč. N'ap touye l', n'ap jete kadav la nan yonn nan pi yo. Epi n'a di se bčt nan bwa ki touye l'. Konsa n'a wč si sa l' te wč nan rčv li yo va rive vre. |
21 |
Woubenn t'ap koute yo, li t'ap chache yon jan pou sove Jozčf anba men yo. Li di yo: -Piga nou touye l'. |
22 |
Pa fč san koule. Ann voye l' jete nan pi sa a ki nan dezč a. Men, pa leve men sou li. Li t'ap di yo sa paske li te fč lide sove l' anba men yo pou l' te voye l' tounen bay papa l'. |
23 |
ś Lč Jozčf rive bň kote frč l' yo, yo wete bčl varčz long ak manch ki te sou li a. |
24 |
Yo pran l', yo jete l' nan pi a. Pi a te vid, li pa t' gen dlo. |
25 |
Apre sa, yo chita pou yo manje. Pandan yo leve je yo, konsa yo wč yon kolonn moun Izmayčl ki t'ap vwayaje. Yo te soti Galarad. Chamo yo te chaje ak gonm bwa, lansan ak lami yo t'ap pote al vann nan peyi Lejip. |
26 |
Jida di frč l' yo konsa: -Sa sa ap rapňte nou pou nou touye frč nou an epi apre sa pou nou kache sa? |
27 |
Annou vann li ak moun Izmayčl yo. Konsa nou p'ap bezwen leve men nou sou li. Apre tou, se frč nou li ye, se menm san ak nou. Frč l' yo tonbe dakň. |
28 |
Lč machann Madyan yo vin ap pase, yo rale Jozčf moute sot nan pi a. Yo vann li ak moun Izmayčl yo pou vin pyčs lajan. Moun Izmayčl yo menm mennen l' nan peyi Lejip. |
29 |
Lč Woubenn tounen nan pi a, li pa jwenn Jozčf ladan l'. Sa te fč l' lapenn anpil. Li chire rad ki te sou li a. |
30 |
Li tounen al jwenn frč li yo, li di yo: -Ti gason an pa nan pi a non! Kisa m' pral fč koulye a? |
31 |
ś Yo touye yon bouk kabrit, yo pran bčl varčz Jozčf la, yo tranpe l' nan san an. |
32 |
Yo voye varčz la bay papa yo ak komisyon sa a: -Men sa nou jwenn. Gade wč si se pa varčz pitit gason ou lan. |
33 |
Jakňb rekončt rad la, li di: -Men wi, se varčz pitit gason m' lan. Se yon bčt nan bwa ki devore l'. Bčt la dechčpiye l' nčt. |
34 |
Sa ou tande a, yon sčl lapenn pran Jakňb, li chire rad ki te sou li, li mare yon tanga sak nan ren li. Li pase kčk tan ap kriye pou pitit gason l' lan. |
35 |
tout lňt gason l' yo ansanm ak pitit fi l' yo te vin ba l' kouraj, men li te refize tande sa yo t'ap di l'. Li t'ap plede repete: -M'ap kriye pou pitit gason m' lan jouk m al jwenn li lč m'a mouri. Se konsa li t'ap kriye pou pitit gason l' lan. |
36 |
Pandan tout tan sa a, moun Madyan yo te gen tan vann Jozčf nan peyi Lejip ak Potifa, yonn nan chčf lame farawon an. Se li menm ki te kňmandan gad palč yo. |