Haitian Creole Bible

Leviticus 13

Leviticus

Return to Index

Chapter 14

1

ķ Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

2

-Men regleman w'a bay pou yo swiv lč y'ap fč sčvis pou moun ki geri apre yo te gen move maladi po. Jou pou yo rekončt moun lan geri a, y'a mennen l' bay prčt la.

3

Prčt la va pran l', l'a soti ansanm avč l' lōt bō limit kan kote moun rete a. L'a egzaminen l' byen egzaminen, pou l' wč si malad la geri vre.

4

Prčt la va bay lōd pou yo pote pou moun ki te malad la de zwazo tou vivan epi ki bon pou moun k'ap fč sčvis pou Bondye, ansanm ak yon moso bwa sčd, yon moso twal kamwazi ak yon ti branch izōp.

5

Apre sa, prčt la va bay lōd pou yo touye premye zwazo a anwo yon bōl an tč plen dlo fre.

6

L'a pran lōt zwazo a tou vivan ansanm ak bwa sčd la, moso twal kamwazi a ak ti branch izōp la, l'a plonje yo nan san zwazo yo te touye anwo dlo fre a.

7

Apre sa, l'a voye san an sčt fwa sou moun ki te gen move maladi po a epi l'a di moun lan nan kondisyon ankō pou fč sčvis Bondye. L'a lage zwazo vivan an pou l' vole al fč wout li nan bwa.

8

Moun ki te malad la va lave rad ki te sou li yo, l'a kale tčt li nčt, l'a benyen nan gwo dlo, epi l'a nan kondisyon pou fč sčvis Bondye ankō. Apre sa, l'a antre nan kan kote moun rete a, men li p'ap antre lakay li pandan sčt jou.

9

Sou setyčm jou a, l'a kale tčt li ankō, l'a koupe tout bab li, tout plim je l' ak tout plim ki sou tout rčs kō li. L'a lave rad ki te sou li a, l'a lave kō l' nan gwo dlo. Apre sa, l'a nan kondisyon pou l' fč sčvis Bondye.

10

ķ Sou wityčm jou a, l'a pran de ti belye ki pa gen ankenn enfimite ak yon ti fenmčl mouton ki gen ennan epi ki pa gen ankenn enfimite. L'a pran tou de mamit farin melanje ak lwil oliv epi yon boutčy demi lit plen lwil oliv.

11

Prčt k'ap fč sčvis la va mennen moun lan ansanm ak ofrann li yo devan Seyč a, jouk nan papōt Tant Randevou a.

12

Rive la, prčt la va pran yonn nan ti belye yo, l'a ofri l' ansanm ak demi lit lwil la bay Seyč a pou peye pou sa moun lan te fč ki mal. L'a balanse yo devan Seyč a tankou yon ofrann espesyal pou Seyč a.

13

L'a touye ti mouton an kote yo konn touye bčt yo ofri pou mande padon an osinon pou boule nčt la, nan kote yo mete apa pou sčvis Bondye a. L'a fč sa konsa paske bčt moun yo ofri pou peye pou sa yo fč ki mal la osinon pou mande Bondye padon an, se pou prčt la li ye. Se yon ofrann yo mete apa nčt pou Seyč a.

14

Apre sa, prčt la va pran ti gout nan san ti mouton an, l'a pase l' sou pwent tete zōrčy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zōtčy pye dwat li.

15

Prčt la va pran ti gout lwil nan boutčy la, l'a vide l' nan pla men gōch li.

16

L'a tranpe yon dwčt men dwat li nan lwil ki nan pla men gōch li a. Avčk dwčt la, l'a voye ti gout lwil sčt fwa devan lotčl Bondye a.

17

L'a pran ti gout nan lwil ki nan pla men gōch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zōrčy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zōtčy pye dwat li.

18

Lčfini, l'a vide rčs lwil ki nan pla men l' lan sou tčt moun lan. Se konsa prčt la va fč sčvis pou mande Bondye padon devan lotčl Seyč a.

19

Apre sa, prčt la va fč ofrann pou peye sa moun lan fč ki mal. L'a fč sčvis pou mande Bondye padon pou moun ki te malad la. L'a touye bčt pou yo boule nčt la.

20

L'a mete l' sou lotčl la ansanm ak farin ble melanje ak lwil la. Se konsa prčt la va fč sčvis pou mande padon pou moun lan, epi moun lan va nan kondisyon ankō pou l' fč sčvis Bondye.

21

ķ Si moun lan pōv epi li pa gen anpil mwayen, l'a pote yon sčl ti mouton pou yo ofri pou peye pou sa moun lan te fč ki mal la. L'a pote twaka mamit farin sčlman melanje ak lwil oliv ak yon boutčy demi lit plen lwil.

22

L'a pote de ti toutrčl tou osinon de ti pijon, jan mwayen li va penmčt li, yonn pou sčvi ofrann pou mande padon, lōt la pou boule nčt pou Seyč a.

23

Sou wityčm jou a, l'a pote yo bay prčt la devan pōt Tant Randevou a, pou prčt la fč sčvis pou mete l' nan kondisyon pou li ka sčvi Seyč a ankō.

24

Prčt la va pran ti mouton li ofri pou peye pou sa moun lan fč ki mal la ansanm ak boutčy lwil la, l'a balanse yo devan Seyč a tankou yon ofrann.

25

Apre sa, l'a touye ti mouton an, l'a pran ti gout nan san li l'a mete sou pwent tete zōrčy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zōtčy pye dwat li.

26

Prčt la va vide ti gout lwil nan pla men gōch li,

27

l'a tranpe yon dwčt men dwat li nan lwil ki nan pla men gōch li a. Avčk dwčt la, l'a voye lwil la sčt fwa devan lotčl Seyč a.

28

Apre sa, l'a pran nan lwil ki nan men gōch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zōrčy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li a ak sou gwo zōtčy pye dwat li a.

29

Lčfini, l'a vide rčs lwil ki nan pla men gōch li a sou tčt moun lan. Se konsa l'a fč sčvis pou mande Bondye padon devan lotčl Seyč a.

30

Apre sa, l'a ofri toutrčl yo, osinon pijon yo, dapre sa mwayen moun lan te penmčt li,

31

yonn pou mande padon pou peche, lōt la pou yo boule nčt ansanm ak ofrann farin ble a. Se konsa prčt la va fč sčvis pou mande Bondye padon pou moun lan.

32

Men regleman pou yo swiv lč yon moun ki gen move maladi po pa gen dekwa pou l' ofri tou sa li te dwe ofri pou sčvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fč sčvis Bondye ankō.

33

ķ Seyč a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:

34

-Lč n'a fin antre nan peyi Kanaran an, peyi m'ap ban nou pou rele nou pa nou an, si mwen voye salpčt sou yonn nan kay kote nou rete yo, men sa pou nou fč.

35

Mčt kay la va al jwenn prčt la, l'a di l': Gen yon bagay tankou salpčt ki parčt sou miray kay mwen an.

36

Prčt la va bay lōd pou yo mete tou sa ki nan kay la deyō anvan li vin egzaminen kay la. Konsa, tou sa ki te nan kay la ka toujou sčvi pou moun k'ap sčvi Bondye. Apre sa, prčt la va vini, l'a antre nan kay la pou egzaminen l'.

37

L'a egzaminen tout miray yo. Si li wč gen kčk kote ki manje nan miray la, epi ki gen ti koulč včt osinon wouj,

38

prčt la va soti nan kay la, l'a fčmen l' akle pou sčt jou.

39

Sou setyčm jou a, prčt la va tounen, l'a egzaminen miray kay la ankō. Si li wč tach la gaye sou miray kay la,

40

prčt la va bay lōd pou yo wete wōch kote yo te jwenn salpčt la, y'a voye wōch yo jete yon kote andeyō lavil la, kote yo mete bagay ki pa ka sčvi pou sčvis Bondye.

41

Apre sa, l'a fč yo grate tout anndan kay la, epi y'a jete tout vye kras mōtye yo te grate a andeyō lavil la, menm kote yo mete bagay ki pa ka sčvi nan sčvis Bondye.

42

Y'a pran lōt wōch ranplase wōch yo te wete yo epi y'a rekrepi kay la.

43

Si salpčt la parčt ankō apre yo fin wete wōch malad yo, apre yo fin grate kay la epi yo rekrepi l',

44

prčt la va tounen vin gade. Si li wč salpčt la gaye nan kay la, la konnen kay la gen yon move maladi sou miray li. Moun k'ap sčvi Bondye pa ka rete ladan l'.

45

Lč sa a, y'a demoli kay la nčt epi y'a pran wōch, bwa, mōtye ki te nan kay la, y'a voye yo jete andeyō lavil la, kote yo mete bagay ki pa ka sčvi pou sčvis Bondye.

46

Tout moun ki te antre anndan kay la lč kay la te fčmen an p'ap nan kondisyon pou sčvi Bondye jouk aswč rive.

47

Tout moun ki te kouche osinon ki te manje anndan kay la va gen pou lave rad ki te sou yo.

48

Lč prčt la vin gade a, si li te jwenn salpčt la disparčt nčt apre yo te fin rekrepi kay la, prčt la va fč konnen kay la nan bon kondisyon ankō pou moun k'ap sčvi Bondye ka rete ladan l', paske salpčt la disparčt nčt.

49

Apre sa, prčt la va fč sčvis pou wete peche nan kay la. L'a pran de zwazo, kčk moso bwa sčd, yon moso twal kamwazi ak yon ti branch izōp.

50

L'a touye yonn nan ti zwazo yo anwo yon bōl an tč plen dlo fre.

51

Apre sa, l'a pran bwa sčd la, ti branch izōp la, moso twal kamwazi a ansanm ak lōt zwazo ki vivan an, l'a plonje yo nan san premye zwazo a ki melanje ak dlo fre a. Apre sa, l'a voye san an sčt fwa sou kay la.

52

Se konsa prčt la va fč sčvis pou wete peche nan kay la, avčk san zwazo a, dlo fre a, zwazo vivan an, bwa sčd la, ti branch izōp la, epi moso twal kamwazi a.

53

Apre sa, l'a lage ti zwazo vivan an pou l' vole al fč wout li nan bwa andeyō lavil la. Se konsa l'a fč sčvis pou mande Bondye padon pou kay la epi kay la va nan bon kondisyon pou moun k'ap sčvi Bondye ka rete ladan l' ankō.

54

ķ Men regleman pou nou swiv lč yon moun gen move maladi po osinon pyas,

55

lč kanni tonbe sou rad osinon lč salpčt parčt nan yon kay,

56

lč yon moun gen yon kote sou po l' ki anfle osinon lč li gen yon bouton ou ankō yon tach ki parčt sou po l'.

57

Se konsa n'a konnen lč yon bagay nan bon kondisyon osinon lč li pa nan bon kondisyon pou moun k'ap sčvi Bondye. Se tout regleman yo sa pou move maladi po.

Leviticus 15

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com