| Chapter 4 |
1 |
ś Seyč a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa: |
2 |
-Fč resansman tout pitit gason moun Keyat yo, nan branch fanmi Levi a, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansčt yo. |
3 |
Pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fč travay ki gen pou fčt nan Tant Randevou a. |
4 |
Men travay pitit gason Keyat yo va fč nan Tant Randevou a, kote yo mete apa nčt pou Seyč a. |
5 |
Lč lč a rive pou pčp la ranmase zafč yo pou yo deplase, Arawon ak pitit gason l' yo va antre nan kay Bondye a, y'a desann rido ki devan Bwat Kontra a, y'a kouvri bwat la ak li. |
6 |
Y'a mete yon premye gwo nap an po bazann sou li, epi y'a kouvri l' ak yon dezyčm nap an twal ble. Apre sa, y'a pase manch pou pote bwat la nan gwo bag yo. |
7 |
Y'a kouvri tab pou pen yo ofri bay Bondye a ak yon dra ble. Y'a mete asyčt, tas, kafetyč ak bňl yo sčvi nan sčvis pou mwen yo sou li. Pen yo ofri bay Seyč a va toujou rete sou li tou. |
8 |
Y'a voye yon dra wouj sou li, y'a kouvri tout ak yon nap fčt ak po bazann, epi y'a pase manch pou pote tab la nan gwo bag yo. |
9 |
Y'a pran yon dra tou ble, y'a kouvri gwo lanp sčt branch lan ak tout ti lanp li yo, pensčt li yo, plat li yo ak veso pou lwil yo. |
10 |
Y'a vlope yo ansanm nan yon nap an po bazann, epi y'a mete l' sou yon branka pou pote l'. |
11 |
Apre sa, y'a mete yon dra ble sou lotčl an lň a, y'a kouvri l' nčt ak yon nap an po bazann, epi y'a pase manch pou pote lotčl la nan bag yo. |
12 |
Y'a pran tout bagay yo sčvi nan kote ki apa nčt pou Seyč a, y'a mete yo nan yon dra ble, y'a vlope yo nan yon nap an po bazann, epi y'a mete yo sou yon branka pou pote yo. |
13 |
Y'a wete sann ki sou lotčl la, epi y'a kouvri lotčl la ak yon dra wouj. |
14 |
Y'a pran tout bagay ki mache ak lotčl la: recho, pčl, fouchčt, plat pou resevwa sann, y'a mete yo sou lotčl la. Apre sa, y'a kouvri l' ak yon nap an po bazann, epi y'a pase manch pou pote lotčl la. |
15 |
Lč lč a va rive pou pčp la leve lamach, lč Arawon ak pitit gason l' yo va fin kouvri tout mčb ki nan kote ki apa nčt pou Seyč a, ansanm ak tout bagay ki mache ak yo a, se lč sa a gason moun Keyat yo va vin pran mčb yo pou pote yo. Moun Keyat yo pa gen dwa manyen bagay yo mete apa nčt pou Seyč a. Si yo fč sa, y'ap mouri. Se tout reskonsablite moun Keyat yo sa, lč y'ap deplase Tant Randevou a. |
16 |
Eleaza, pitit gason Arawon, prčt la, va reskonsab kontwole lwil lanp yo, lansan santi bon an, pen yo toujou ofri bay Seyč a ak lwil pou mete moun apa a. Wi, l'a kontwole tout kay Bondye a nčt ak tou sa ki ladan l', menm kote ki apa nčt pou Seyč a ak bagay ki ladan l' yo. |
17 |
Seyč a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa: |
18 |
-Pa kite anyen rive moun fanmi Keyat yo ki pou ta fč yo disparčt nan mitan moun Levi yo. |
19 |
Men sa pou nou fč pou yo pa mouri, pou yo ka viv, lč y'ap pwoche bň bagay ki apa nčt pou Seyč a. Arawon ak pitit gason l' yo va antre anvan epi y'a bay chak moun travay pa yo, y'a di yo sa pou yo pote. |
20 |
Men, moun Keyat yo pa janm gen dwa antre al gade lč y'ap vlope bagay ki apa nčt pou Seyč a. Si yo fč sa, y'ap mouri. |
21 |
ś Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa: |
22 |
-Fč resansman tout pitit gason moun Gčchon yo tou, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansčt yo. |
23 |
Pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fč travay ki gen pou fčt nan Tant Randevou a. |
24 |
Men travay moun Gčchon yo, men sa pou yo pote: |
25 |
lčz twal ki sčvi pou moute kay Bondye a ansanm ak gwo tant ki kouvri kay Bondye a, kouvčti fčt ak po bazann ki anwo tant lan, seri rido ki fčmen pňt Tant Randevou a, |
26 |
rido galeri ki kouvri tant lan ak lotčl la nčt, rido ki fčmen galeri a, kňd yo ak tout lňt bagay ki mache ak bagay sa yo. Se yo ki pou fč tout travay ki gen rapň ak bagay sa yo. |
27 |
Moun Gčchon yo va travay sou lňd Arawon ak pitit gason l' yo. Y'a fč tout travay yo, y'a pote tou sa yo gen pou yo pote. Y'a reskonsab tou sa y'ap pote a. |
28 |
Sa se tout reskonsablite moun Gčchon yo nan travay ki gen pou fčt nan Tant Randevou a. Se Itama, pitit gason Arawon, prčt la, ki va kontwole tou sa y'ap fč. |
29 |
Seyč a di Moyiz ankň: -W'a fč resansman tout pitit gason moun Merari yo, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansčt yo. |
30 |
W'a pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fč travay ki gen pou fčt nan Tant Randevou a. |
31 |
Se yo menm k'ap reskonsab pote ankadreman, travčs, poto ak sipň kay Bondye yo, |
32 |
poto, sipň, pikčt ak kňd pou galeri ki fč wonn tant lan, avčk tout bagay ki sčvi ak yo, ansanm ak tout zouti y'ap bezwen pou fč travay yo. Y'a bay chak moun non bagay la reskonsab pou l' pote a. |
33 |
Se tout reskonsablite moun Merari yo sa nan travay yo gen pou fč nan Tant Randevou a. Se Itama, pitit Arawon, prčt la, ki va ba yo sa pou yo fč. |
34 |
ś Dapre lňd Seyč a te bay la, Moyiz, Arawon ak chčf pčp Izrayčl yo te fč resansman gason nan fanmi Keyat yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansčt yo. |
35 |
Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fč pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a. |
36 |
Yo jwenn demil sčtsansenkant (2.750) gason antou nan37 tout fanmi Keyat yo. Se moun sa yo ki te la pou fč travay ki gen pou fčt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lňd Seyč a te bay Moyiz la. |
38 |
Apre sa, yo fč resansman gason nan fanmi Gčchon yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansčt yo. |
39 |
Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fč pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a. |
40 |
Yo jwenn demil sisantran (2.630) gason |
41 |
nan tout fanmi Gčchon yo. Se moun sa yo ki te la pou fč travay ki gen pou fčt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lňd Seyč a te bay Moyiz la. |
42 |
Apre sa, yo fč resansman gason nan fanmi Merari yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansčt yo. |
43 |
Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fč pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a. |
44 |
Yo jwenn twamil desan (3.200) gason |
45 |
nan tout fanmi Merari yo. Se moun sa yo ki te la pou fč travay ki gen pou fčt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lňd Seyč a te bay Moyiz la. |
46 |
Se konsa Moyiz ak Arawon ak chčf pčp Izrayčl yo te fč resansman branch fanmi Levi yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansčt yo. |
47 |
Yo te pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fč pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a, osinon k'ap pote l' lč y'ap deplase. |
48 |
Yo jwenn antou witmil senksankatreven (8.580) gason. |
49 |
Se konsa, dapre lňd Seyč a te bay Moyiz pou pčp la, yo pran non chak gason moun Levi yo ak travay pou yo fč ak sa pou yo pote. Se Seyč a menm ki te bay Moyiz lňd fč resansman sa a. |