Haitian Creole Bible

Deuteronomy 5

Deuteronomy

Return to Index

Chapter 6

1

ś Koulye a, men kňmandman, lňd ak prensip Seyč a, Bondye nou an, te mande pou yo moutre nou, pou nou te ka swiv yo nan peyi kote nou pral antre pou nou pran pou nou an.

2

Konsa, ni nou menm, ni pitit nou yo, ni pitit pitit nou yo, n'a gen krentif pou Seyč a, Bondye nou an, n'a kenbe tout lňd ak tout kňmandman li ban nou yo, chak jou nan lavi nou. Se konsa n'a viv lontan.

3

Koute byen sa m'ap di nou, nou menm pčp Izrayčl! Pa bliye yo. Fč tou sa mwen di nou fč. Se sa ki va fč nou viv ak kč kontan. Se sa ki va fč nou tounen yon gran nasyon nan bon peyi sa a, kote lčt ak siwo myčl ap koule tankou dlo, jan Seyč a, Bondye zansčt nou yo, te di l' la.

4

ś Koute byen, nou menm pep Izrayčl! Seyč a, Bondye nou an, se li ki sčl mčt.

5

Se pou nou renmen Seyč a, Bondye nou an, avčk tout kč nou, avčk tout nanm nou, avčk tout fňs kouraj nou.

6

Pa janm bliye kňmandman m'ap ban nou jňdi a.

7

N'a moutre yo bay pitit nou yo. N'a repete yo nan zňrčy yo, kit nou chita lakay nou, kit n'ap mache sou granchemen, kit nou kouche nan kabann nou, kit nou kanpe ap travay.

8

Mare yo sou ponyčt nou ak sou fwon nou pou nou sa pa janm bliye yo.

9

N'a ekri yo sou chanbrann pňt lakay nou ak sou pňtay lavil nou yo.

10

Seyč a pral kenbe pwomčs li te fč Abraram, Izarak ak Jakňb, zansčt nou yo, li pral fč nou antre nan peyi li te fč sčman l'ap ban nou an. Se yon peyi kote n'a jwenn gwo bčl lavil nou pa t' bati,

11

kote n'a jwenn kay plen bon bagay san se pa nou menm ki te mete yo la, avčk pi byen fon nou pa t' fouye, avčk jaden rezen ak jaden oliv nou pa t' plante. Lč sa a, lč n'a fin manje plen vant nou,

12

fč atansyon pou nou pa bliye Seyč a, li menm ki te fč nou soti kite peyi Lejip kote nou te esklav la.

13

Se pou Seyč a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm ase pou nou sčvi. Se non li sčlman pou nou pran pou fč sčman.

14

Pa kouri dčyč lňt bondye. Piga n' al sčvi bondye pčp k'ap viv toupre nou yo.

15

Paske Seyč a, Bondye ki rete nan mitan nou an, se yon Bondye ki fč jalouzi anpil. Si nou fč sa, l'a fache sou nou, l'a disparčt nou nčt sou latč.

16

Piga nou sonde Seyč a, Bondye nou an, jan nou te fč l' bň Masa a.

17

ś Se pou nou kenbe tout kňmandman Seyč a ansanm ak tout lňd ak tout prensip li ban nou pou nou swiv.

18

N'a fč sa ki dwat ak sa ki byen nan je Bondye pou nou ka gen kč kontan, pou nou ka pran bčl peyi Seyč a te fč sčman l'ap bay zansčt nou yo,

19

pou nou ka chase tout lčnmi nou yo devan nou, jan li te pwomčt la.

20

Yon jou, lč pitit nou yo va mande nou poukisa Seyč a, Bondye nou an, mande nou pou nou swiv tout lňd, tout prensip ak tout kňmandman sa yo,

21

lč sa a, n'a di yo: Nou te esklav farawon an nan peyi Lejip. Seyč a te fč nou soti kite peyi Lejip la avčk fňs ponyčt li.

22

Nou te wč ak je nou tout mčvčy ak tout mirak li te fč pou kraze peyi Lejip, ansanm ak farawon an ak tout moun pa l' yo.

23

Men nou menm, li fč nou soti kote nou te ye a, li mennen nou nan peyi li te pwomčt zansčt nou yo, epi li ban nou li.

24

Apre sa, Seyč a, Bondye nou an, te pase nou lňd pou nou kenbe tout prensip sa yo. Konsa, n'a gen krentif pou li, n'a viv ak kč kontan, epi l'a konsčve lavi nou jan li fč sa pou nou jouk koulye a.

25

Si nou vle fč Bondye plezi, se pou nou fč atansyon pou nou swiv tout kňmandman sa yo nčt, se pou nou mache devan Seyč a, Bondye nou an, jan li te mande nou an.

Deuteronomy 7

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com