| Chapter 13 |
1 |
ś Si ta gen nan mitan nou yon pwofčt osinon yon moun ki konn fč vizyon, epi ki ta fč konnen kčk siy osinon kčk gwo bagay pral rive nan mitan nou, |
2 |
si sa li te anonse a rive vre epi li ta vin di nou: Ann al swiv lňt bondye nou poko konnen menm yo! Ann al fč sčvis pou yo! |
3 |
nou pa fčt pou nou koute pawňl pwofčt sa a ap di, ni sa moun ki konn fč vizyon an ap vin rakonte nan zňrčy nou. Paske se Seyč a, Bondye nou an, k'ap sonde nou, l'ap chache konnen si vreman vre nou renmen Seyč a ak tout kč nou, ak tout nanm nou. |
4 |
Se Seyč a, Bondye nou an, pou nou swiv. Se li menm pou nou gen krentif. Se lňd li pou nou swiv. Se sa li di nou pou nou koute. Se li menm pou nou sčvi. Pa janm vire do ba li. |
5 |
Kanta pou pwofčt sa a, osinon moun k'ap fč vizyon an, se pou nou touye yo. Paske y'ap ban nou konsčy pou nou kenbe tčt ak Seyč a, Bondye nou an, ki te fč nou soti kite peyi Lejip epi ki te wete nou nan esklavaj nou te ye laba a. Se pou nou touye yo, paske y'ap chache fč nou kite chemen Seyč a, Bondye nou an, te mete devan nou pou nou te swiv la. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fčt nan mitan nou. |
6 |
ś Si yon frč nou, bň papa osinon bň manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avčk nou, osinon ankň yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tčt nou an kachčt pou fč n' al sčvi lňt bondye, bondye ni nou menm ni zansčt nou yo pa t' janm konnen, |
7 |
yonn nan bondye lňt moun k'ap viv ansanm avčk nou sou latč, kit yo toupre nou, kit yo byen lwen nou, |
8 |
pa janm tonbe dakň avčk li. Pa koute sa l'ap di nou. Se pou nou san pitye pou li. Pa chache pwoteje li, pa chache kouvri anyen pou li. |
9 |
Okontrč, se pou nou touye l'. Premye moun ki pou leve men sou li pou touye l' ak koutwňch se va nou menm. Apre sa, n'a kite lňt moun vin ede nou touye l'. |
10 |
N'a kalonnen l' wňch jouk li mouri, paske li te vle fč nou vire do bay Seyč a, Bondye nou an, li menm ki te fč nou soti kite peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la. |
11 |
Lč sa a, tout moun pčp Izrayčl yo va konn sa, y'a pč. Konsa, yo yonn p'ap janm fč yon bagay mal konsa ankň nan mitan pčp la. |
12 |
ś Si nou vin tande y'ap di nan yonn nan lavil Seyč a ban nou pou nou rete yo, |
13 |
gen kčk moun, kčk vňryen, moun menm ras ak nou ki te pran tčt moun k'ap viv nan lavil sa a pou fč yo al sčvi lňt bondye nou pa janm konnen, |
14 |
se pou nou chache konnen bagay la byen. N'a mennen ti ankčt nou, n'a poze keksyon adwat agoch. Si bri y'ap fč kouri a vre, si nou jwenn prčv yon bagay mal konsa te fčt vre, |
15 |
se pou nou pran nepe nou, se pou nou touye dčnye moun ki nan lavil sa a ansanm ak tout bčt yo. Se pou nou detwi lavil la nčt nan dife pou Bondye ansanm ak tou sa ki ladan l'. |
16 |
N'a ranmase tou sa moun yo te genyen nan lavil la, n'a anpile yo sou plas piblik la. N'a mete dife nan lavil la ak tou sa ki ladan l' pou yo sčvi yon ofrann pou Seyč a, Bondye nou an. Se pou lavil la toujou rete yon pil mazi pou li pa janm rebati ankň. |
17 |
Piga nou kenbe pou nou anyen nan bagay nou fčt pou boule pou Seyč a. Se konsa Seyč a va sispann fache sou nou, l'a gen pitye pou nou. Wi, l'a fč pa nou. L'a fč nou peple jan li te pwomčt sa bay zansčt nou yo. |
18 |
Men, se pou nou toujou koute sa Seyč a, Bondye nou an, ap di nou. Se pou nou toujou kenbe tout lňd m'ap ban nou jňdi a. Se pou nou toujou fč sa ki dwat devan Seyč a, Bondye nou an. |