| Chapter 19 |
1 |
ś Moyiz di yo ankň: -Lč Seyč a, Bondye nou an, va fin detwi nasyon sa yo pou l' ban nou peyi ki te pou yo a, lč n'a fin pran tout peyi a nan men yo pou nou rete nan lavil yo ak nan lakay yo, |
2 |
n'a chwazi twa lavil nan peyi Seyč a, Bondye nou an, te ban nou pou nou rete a, n'a mete yo apa. |
3 |
N'a kenbe wout ki mennen nan lavil sa yo an bon eta. N'a divize teritwa Seyč a, Bondye nou an, te ban nou pou nou rete a an twa zňn ak yon lavil nan chak zňn. Konsa, nenpňt moun ki ta rive touye yon lňt ka kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo pou sove lavi l'. |
4 |
Men nan ki sikonstans yon moun ka kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo pou sove lavi l': Se lč yon moun touye yon frč parčy li san li pa fč espre, san li pa janm gen anyen avč l'. |
5 |
Konsa, si de moun al nan bwa ansanm pou koupe bwa epi yonn ladan yo fč sa li leve rach li pou l' koupe yon bwa epi rach la chape soti nan manch lan, l' al frape zanmi l' lan, li touye l' frčt, yon nonm konsa gen dwa kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo pou l' ka sove lavi l'. |
6 |
Si te gen yon sčl lavil konsa, distans la ta ka twň long. Lč sa a, moun ki reskonsab pou tire revanj moun yo touye a, si l'ap kouri dčyč moun ki te fč krim lan, li ta ka rapouswiv li. Nan kč cho li, li ta ka ba l' yon kou, li touye l'. Lč sa a, li ta touye yon inonsan, paske nonm lan pa t' fč espre, li pa t' janm gen anyen nan kč l' kont moun li touye a. |
7 |
Se poutčt sa mwen mande nou pou nou mete twa lavil konsa apa espre pou sa. |
8 |
Konsa tou, lč Seyč a, Bondye nou an, va fč peyi nou an vin pi gran jan li te pwomčt zansčt nou yo, lč l'a ban nou tout peyi li te pwomčt l'ap bay zansčt nou yo, |
9 |
n'a chwazi twa lňt lavil, n'a mete sou sa nou genyen deja yo. Men, pa bliye, l'ap ban nou peyi a, se pou nou toujou swiv tout lňd m'ap ban nou jňdi a, se pou nou toujou renmen Seyč a Bondye nou an, pou nou swiv chemen li mete devan nou an. |
10 |
Se konsa, nou p'ap kite yo touye moun ki inonsan nan peyi Seyč a, Bondye nou an, te ban nou pou rele nou pa nou. Si nou kite sa rive, n'a peye pou sa nou fč a. |
11 |
Men, si yon moun rayi yon lňt, epi li pran veye l' jouk li tonbe sou li, li ba l' kou jouk li touye l', epi apre sa, li kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo, |
12 |
lč sa a, chčf fanmi ki reskonsab lavil kote li rete a va voye chache l' epi y'a lage l' nan men fanmi pre moun ki mouri a pou yo touye l'. |
13 |
N'a san pitye pou li, n'a wete moun k'ap mache touye inonsan nan peyi Izrayčl la. Se konsa tout bagay va mache byen pou nou. |
14 |
ś Nan peyi Seyč a, Bondye nou an, pral ban nou pou nou rete a, pa janm deplase bňn tč moun pčp Izrayčl parčy nou. Kite yo kote zansčt nou yo te plante yo a. |
15 |
Depozisyon yon sčl temwen pa kont pou moutre si yon moun fč yon krim, osinon yon bagay mal tout bon nan nenpňt akizasyon yo ta ka fč sou do li. Fňk gen de osinon twa temwen ki pou fč depozisyon kont li pou akizasyon an ka kenbe. |
16 |
Lč yon fo temwen kanpe pou l' akize yon moun pou yon krim li pa fč, |
17 |
de moun ki nan pwose yo va prezante ansanm devan lňtčl Seyč a, devan prčt yo ak jij yo ki desčvis lč sa a. |
18 |
Jij yo va egzaminen ka a. Y'a mennen yon bon ankčt jan yo dwe fč l' la. Si yo jwenn se manti temwen an ap bay, se akize l'ap akize yon moun pčp Izrayčl parčy li pou yon bagay li pa janm fč, |
19 |
n'a fč l' sibi chatiman li te vle pou moun li akize a. Se konsa n'a wete mechanste sa a ki te nan mitan nou. |
20 |
Lč lňt moun yo va konn sa, y'a pč, yo p'ap rekonmanse fč move bagay konsa ankň nan mitan nou. |
21 |
Se pou nou san pitye pou moun konsa. Se pou nou fč yo peye lavi pou lavi, yon je pou yon je, yon dan pou yon dan, yon men pou yon men, yon pye pou yon pye. |