| Chapter 27 |
1 |
ś Lč sa a, Moyiz ansanm ak tout chčf fanmi pčp Izrayčl yo bay pčp la lňd sa yo: -Se pou nou fč tou sa mwen mande nou fč jňdi a. |
2 |
Lč n'a janbe lňt bň larivyč Jouden an, pou nou antre nan peyi Seyč a, Bondye nou an, ap ban nou an, n'a pran kčk gwo wňch, n'a mete yo kanpe, n'a blanchi yo ak lacho. |
3 |
Apre sa, n'a ekri sou yo tout lňd ki nan lalwa sa a. Lč n'a fin antre nan peyi Seyč a, Bondye nou an, ap ban nou an, peyi kote lčt ak siwo myčl ap koule tankou dlo jan li te pwomčt zansčt nou yo, |
4 |
lč n'a fin janbe lňt bň larivyč Jouden an, n'a kanpe wňch sa yo sou tčt mňn Ebal, jan mwen di nou li jňdi a. N'a blanchi yo ak lacho. |
5 |
N'a pran wňch, n'a moute yon lňtčl la tou pou Seyč a, Bondye nou an. Pa travay wňch n'a pran pou n' fč lňtčl la ak sizo. |
6 |
Se pou n' pran wňch yo konsa, jan nou jwenn yo a, pou nou bati lňtčl Seyč a, Bondye nou an. Se la n'a touye bčt nou ofri pou yo boule nčt pou Seyč a. |
7 |
Se la n'a fč ofrann bčt pou yo touye pou di Bondye mesi. Se la n'a manje ofrann nou yo, se la n'a fč fčt devan Seyč a, Bondye nou an. |
8 |
N'a ekri sou wňch yo tout lňd ki nan lalwa sa a. N'a ekri yo pou tout moun ka li yo. |
9 |
Apre sa, Moyiz ansanm ak prčt moun Levi yo pale ak tout pčp la. Li di yo konsa: -Nou menm, moun pčp Izrayčl yo, fč yon ti silans pou mwen, tanpri. Koute byen. Depi jňdi a se pčp Seyč a, Bondye nou an, nou ye. |
10 |
Se pou nou obeyi l', se pou nou swiv tout lňd ak tout regleman mwen ban nou jňdi a. |
11 |
ś Menm jou sa a, Moyiz bay pčp Izrayčl la lňd sa a: |
12 |
-Lč n'a fin pase larivyč Jouden an, moun branch fanmi Simeyon, moun branch fanmi Levi, moun branch fanmi Jida, moun branch fanmi Isaka, moun branch fanmi Jozčf ak moun branch fanmi Benjamen yo va moute kanpe sou mňn Garizim lč y'ap beni pčp la. |
13 |
Moun branch fanmi Woubenn, moun branch fanmi Gad, moun branch fanmi Asč, moun branch fanmi Zabilon, moun branch fanmi Dann ak moun branch fanmi Neftali yo va moute kanpe sou mňn Ebal lč y'ap bay pčp la madichon. |
14 |
Moun Levi yo va pale ak pčp la, y'a rele byen fň pou tout moun ka tande: |
15 |
-Madichon Bondye pou tout moun ki fč travay yon wňch ak sizo osinon fč fonn metal pou fč yon zidňl, epi lčfini ki kache l' yon kote pou l' fč sčvis pou li. Se yon bondye moun fč ak men yo. Seyč a pa vle wč bagay konsa! Tout pčp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakň! |
16 |
-Madichon pou moun ki derespekte manman l' al papa l'! Tout pčp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakň! |
17 |
-Madichon pou moun ki deplase bňn tč yon moun pčp Izrayčl parčy li! Tout pčp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakň! |
18 |
-Madichon Bondye pou moun ki fč yon avčg pčdi chemen l'! Tout pčp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakň! |
19 |
-Madichon Bondye pou moun k'ap fč pasdwa sou moun lňt nasyon yo, sou timoun ki san papa ak sou včv yo! Tout pčp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakň! |
20 |
-Madichon Bondye pou tout gason ki va kouche ak madanm papa l', paske se avili l'ap avili papa l'! Tout pčp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakň! |
21 |
-Madichon Bondye pou tout moun ki kwaze ak nenpňt ki bčt! Tout pčp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakň! |
22 |
-Madichon Bondye pou tout moun ki kouche avčk sč li, kit se pitit fi papa l', kit se pitit fi manman l'! Tout pčp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakň! |
23 |
-Madichon Bondye pou moun ki kouche ak bčlmč li, manman madanm li! Tout pčp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakň! |
24 |
-Madichon Bondye pou moun ki touye yon lňt moun Izrayčl parčy li an kachčt! Tout pčp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakň! |
25 |
-Madichon Bondye pou moun ki asepte lajan pou touye yon inonsan! Tout pčp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakň! |
26 |
-Madichon Bondye pou moun ki pa kenbe pawňl ki nan lalwa a, ki pa fč sa yo di ladan l'! Tout pčp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakň! |