Haitian Creole Bible

Deuteronomy 34

Joshua

Return to Index

Chapter 1

1

ś Apre Moyiz, sčvitč Seyč a, mouri, Seyč a pale ak Jozye, pitit gason Noun lan, ki te aladwat Moyiz nan tou sa li t'ap fč. Li di l' konsa:

2

-Koulye a, Moyiz, sčvitč m' lan, mouri. Pare kň ou, ou menm ansanm ak tout pčp Izrayčl la. Nou pral janbe lňt bň larivyč Jouden an pou nou ka antre nan peyi m'ap ban nou an.

3

Jan mwen te di Moyiz la, mwen pral ban nou tout peyi kote nou pral mete pye nou an.

4

Peyi a pral konmanse depi nan dezč a sou bň nan sid, jouk mňn Liban nou wč laba a, nan nň. L'ap pran tout peyi moun Et yo, depi larivyč Lefrat sou bň solčy leve, jouk gwo lanmč a sou bň solčy kouche.

5

Pandan tout rčs vi ou, pesonn p'ap ka kenbe tčt ak ou. M'ap toujou kanpe la avčk ou, menm jan mwen te toujou la avčk Moyiz. Mwen p'ap vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.

6

Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje, paske se ou menm ki pral fč pčp la antre pran peyi mwen te fč sčman m'ap bay zansčt yo a.

7

Wi. Sčl bagay mwen mande ou, se mete gason sou ou, pa janm dekouraje. Veye kň ou pou ou mache dapre tout lňd Moyiz, sčvitč m' lan, te ba ou yo. Pa janm neglije anyen nan sa li te di ou, pou zafč ou ka mache byen kote ou pase.

8

Se pou pawňl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w'ap kalkile yo nan tčt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w'a mennen bak ou byen. Tout zafč ou va mache byen.

9

Chonje lňd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pč, paske Seyč a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avčk ou kote ou pase.

10

ś Lč sa a, Jozye rele tout chčf pčp la. Li ba yo lňd sa a:

11

-Mache nan tout kan an. Bay pčp la lňd pou yo pare tout zafč yo, paske nan twa jou nou pral janbe lňt bň larivyč Jouden an pou nou antre nan peyi Seyč a, Bondye nou an, ap ban nou pou peyi pa nou.

12

Apre sa, Jozye pale ak moun branch fanmi Woubenn yo ak moun branch fanmi Gad yo ansanm ak mwatye moun nan branch fanmi Manase a. Li di yo:

13

-Chonje lňd Moyiz, sčvitč Seyč a, te ban nou lč li te di nou: Seyč a, Bondye nou an, ap ban nou tč bň isit la pou nou tabli, pou nou viv ak kč poze.

14

Madanm nou, pitit nou ak tout bčt nou yo pral rete nan peyi Moyiz ban nou sou bň isit larivyč Jouden an, bň solčy leve a. Men, nou menm gason yo, vanyan sňlda, se pou nou pran zam nou nan men nou pou nou mache devan tout rčs pčp la, pou nou ka ede yo, si gen nesesite.

15

Lč Seyč a va fin fč yo pran peyi a pou yo, lč l'a fin ba yo yon kote pou yo viv ak kč poze, menm jan li te fč l' pou nou an, se lč sa a atň n'a tounen nan peyi ki pou nou an. Wi, n'a vin rete nan peyi pa nou an, peyi Moyiz, sčvitč Bondye a, te ban nou lňt bň larivyč Jouden an, sou bň solčy leve.

16

ś Yo tout yo reponn Jozye, yo di l': -Tou sa ou ban nou lňd fč, n'ap fč l'! Kote ou voye nou, nou prale!

17

Menm jan nou te toujou obeyi Moyiz, se konsa n'ap obeyi ou tou. Sčl bagay, n'ap lapriyč pou Bondye toujou kanpe avč ou menm jan li te kanpe ak Moyiz la.

18

Se pou yo touye tout moun ki pa dakň ak lňd ou, osinon ki pa vle obeyi lňd ou bay, osinon ki derefize fč sa ou mande yo fč. Sčlman, met gason sou ou! Pa janm dekouraje!

Joshua 2

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com