| Chapter 2 |
1 |
ś Zanj Seyč a kite Gilgal, li moute nan Kriye. Li di pčp Izrayčl la konsa: -Mwen fč nou soti kite peyi Lejip. Mwen fč nou antre nan peyi mwen te pwomčt zansčt nou yo. Mwen te di mwen p'ap janm kase kontra mwen te pase ak nou pou tout tan an. |
2 |
Nou menm, bň pa nou, piga nou fč ankenn kontra ak moun k'ap viv nan peyi a. Se pou nou kraze tout lotčl yo. Men, nou pa fč sa m' te di nou fč a. Gade sa nou pito fč! |
3 |
Se poutčt sa m'ap di nou: Mwen p'ap mete yo deyň devan nou. Y'ap rete la bň kote nou, bondye yo ap tounen yon pčlen pou nou. |
4 |
Lč zanj Seyč a fin di yo sa, tout pčp la pran kriye. |
5 |
Se poutčt sa yo rele kote yo te ye a Nankriye. Epi yo ofri bčt pou touye pou Seyč a la. |
6 |
ś Jozye voye pčp la ale lakay yo. Se konsa, chak branch fanmi pčp la pati al pran pňsyon tč yo te ba yo nan peyi a. |
7 |
Pčp Izrayčl la te sčvi Seyč a pandan tout tan Jozye te vivan. Apre sa, yo sčvi l' pandan tout tan chčf ki te konnen sa Seyč a te fč pou pčp Izrayčl la te vivan toujou. |
8 |
Jozye, pitit gason Noun lan, sčvitč Seyč a, mouri. Li te gen sandizan (110 an). |
9 |
Yo antere l' sou tč ki te vin pou li a nan zňn Timnat-Erčs, nan mňn ki pou branch fanmi Efrayim lan, sou bň nň mňn Gach. |
10 |
Tout jenerasyon moun Jozye yo te fin mouri tou, yo te al jwenn zansčt yo anba tč. Apre yo, te vin gen yon lňt jenerasyon moun ki te bliye ni Seyč a ni sa li te fč pou pčp Izrayčl la. |
11 |
Moun pčp Izrayčl yo lage kň yo nan fč sa ki mal nan je Seyč a. Y' al sčvi Baal yo. |
12 |
Yo vire do bay Seyč a, Bondye zansčt yo a, Bondye ki te fč yo soti kite peyi Lejip la. Yo tonbe mache dčyč lňt bondye ki te fč pati bann bondye pčp ki te la toupatou bň kote yo. Y' al adore yo. Sa te fč Seyč a an kolč sou yo. |
13 |
Yo vire do bay Seyč a, y' al fč sčvis pou Baal yo ak Astate yo. |
14 |
Seyč a vin an kňlč sou pčp Izrayčl la, li kite ansasen atake yo pou pran tou sa yo te genyen. Li kite lčnmi ki toupatou bň kote yo mete pye sou kou yo. Yo pa t' ka kenbe tčt devan lčnmi yo ankň. |
15 |
Chak fwa y' al nan lagč, Seyč a te pran pozisyon kont yo pou malč yo, jan li te di li t'ap fč l' la. Se konsa yo t'ap bat yon sčl mizč! |
16 |
Se lč sa a Seyč a voye bay pčp Izrayčl la kčk chčf, vanyan gason ki te delivre yo anba men ansasen yo. |
17 |
Men, menm chčf sa yo, yo pa t' koute yo. Yo vire do bay Seyč a, y' al dčyč lňt bondye, yo fč sčvis pou yo. Yo te toujou prese kite chemen dwat kote zansčt yo t'ap mache lč yo t'ap swiv lňd Seyč a. Yo pa t' koute lňd Seyč a. |
18 |
Chak fwa Seyč a voye yon chčf konsa ba yo, li te kanpe la avčk chčf la, li te delivre yo anba men lčnmi yo toutotan chčf la te vivan. Seyč a te gen pitye pou yo paske yo t'ap soufri anpil anba moun ki t'ap pčsekite yo ak anba moun ki t'ap peze yo. |
19 |
Men, mouri chčf la mouri, pitit yo te rekonmanse lage kň yo nan menm vye bagay yo ankň pi mal pase papa yo. Y' al dčyč lňt bondye, yo fč sčvis pou yo, yo adore yo. Yo t'ap fč tčt di, yo derefize sispann fč bagay sa yo. |
20 |
Seyč a te fache anpil sou pčp Izrayčl la. Li di konsa: -Nasyon an kase kontra mwen te mande zansčt yo kenbe a. Yo pa vle koute m'. |
21 |
Bon, mwen menm tou, mwen p'ap mete lňt nasyon Jozye te mouri kite nan peyi a deyň ankň. |
22 |
Se konsa m'a wč kote m' ye ak pčp Izrayčl la. M'a konnen si wi ou non yo soti pou fč sa m' mande yo fč a jan zansčt yo te fč l' la. |
23 |
Se konsa Seyč a te kite lňt nasyon li pa t' lage anba men Jozye yo rete nan peyi a. Li pa prese mete yo deyň. |