| Chapter 13 |
1 |
ś Moun pčp Izrayčl yo te rekonmanse ankň ap fč sa ki mal nan je Seyč a. Seyč a lage yo nan men moun Filisti yo pandan karantan. |
2 |
Te gen yon nonm yo te rele Manoak. Se te moun lavil Zora, li te fč pati branch fanmi Dann lan. Madanm li pa t' janm ka fč pitit. |
3 |
Zanj Seyč a parčt devan madanm lan, li di l' konsa: -Ou pa t' janm ka fč pitit, pa vre? Men ou pral vin ansent, ou pral fč yon pitit gason. |
4 |
Piga ou janm bwč diven, ni ankenn lňt bweson ki pou fč ou sou. Nitou, piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sčvi Bondye manje. |
5 |
Paske ou pral ansent, ou pral fč yon pitit gason. Piga ou janm koupe cheve nan tčt li, paske depi nan vant manman l', se yon gason k'ap viv apa pou Bondye tankou nazirit yo l'ap ye. Se li menm ki pral konmanse travay pou delivre pčp Izrayčl la anba men moun Filisti yo. |
6 |
Apre sa, madanm lan antre al di mari l': -Yon moun Bondye te vin bň kote m'. Lč mwen gade l', pou jan li te fč m' pč a ou ta di yon mesaje Bondye. Mwen pa mande l' kote l' soti, ni li pa ban m' non li. |
7 |
Li di m' konsa: Ou pral ansent, ou pral fč yon pitit gason. Piga ou janm bwč diven, ni ankenn lňt bweson ki pou fč ou sou. Ni piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sčvi Bondye manje. Paske pitit gason ou lan pral viv apa pou Bondye tankou nazirit yo depi nan vant manman l' jouk jou li mouri. |
8 |
ś Lč sa a, Manoak lapriyč Seyč a, li di: -Tanpri, Mčt mwen, fč moun Bondye ou te voye a vin bň kote nou ankň pou l' ka di nou sa pou nou fč pou ti gason ki pral fčt la. |
9 |
Bondye fč sa Manoak te mande l' la vre. Epi mesaje Bondye a vin bň kote madanm lan ki te chita nan yon jaden. Manoak, mari a, pa t' avč l'. |
10 |
Madanm lan prese kouri al bay mari l' nouvčl la. Li di li konsa: -Men moun ki te vin bň kote m' lňt jou a parčt devan m' ankň. |
11 |
Manoak leve, li swiv madanm li. L' al jwenn nonm lan, epi li di l': -Se ou menm ki te pale ak madanm sa a? Li reponn: -Wi, se mwen. |
12 |
-Manoak di l': -Bon. Lč tou sa ou di yo va rive, kijan pou m' elve ti pitit la? Kisa pou l' fč ak sa pou l' pa fč? |
13 |
Mesaje Seyč a di Manoak konsa: -Se pou madanm ou fč tou sa mwen di l' fč a. |
14 |
Piga li janm manje anyen ki fčt avčk rezen. Piga li janm bwč diven ni ankenn lňt bweson ki pou fč l' sou. Piga li janm manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sčvi Bondye manje. Se pou li fč tou sa mwen mande l' fč a. |
15 |
ś Manoak di mesaje Seyč a: -Tanpri, poko ale. Kite nou kwit yon jenn ti kabrit pou ou. |
16 |
Mesaje Seyč a di Manoak konsa: -Menm si mwen rete mwen p'ap manje manje w'ap ban mwen an. Men si ou vle, touye yon ti kabrit, boule l' nan dife tankou yon ofrann pou Seyč a. Manoak pa t' ankň konnen si se te yon mesaje Seyč a ki te devan l'. |
17 |
Manoak di mesaje Seyč a: -Di nou ki jan ou rele pou nou ka fč lwanj pou ou lč pawňl ou di yo va rive vre. |
18 |
Mesaje Seyč a di l': -Poukisa nou vle konnen non m'? Non m' se yon mčvčy. |
19 |
Manoak pran jenn ti kabrit la ak kčk grenn jaden, li mete yo sou lotčl wňch la, li ofri yo pou Seyč a ki fč yon mčvčy devan Manoak ak madanm li ki te rete la ap gade. |
20 |
Pandan flanm dife yo t'ap soti sou lotčl la moute nan syčl la, Manoak ak madanm li wč mesaje Seyč a moute nan syčl la nan flanm dife a. Lč yo wč sa, yo lage kň yo fas atč. |
21 |
Manoak ak madanm li pa janm wč mesaje Bondye a ankň. Se lč sa a, Manoak vin konprann se te yon mesaje Seyč a ki te parčt devan yo a. |
22 |
Lč sa a, Manoak di madanm li: -Nou pral mouri, paske nou wč Bondye! |
23 |
Madanm lan di l': -Si Seyč a te vle touye nou, li pa ta asepte ofrann nou fč pou li yo. Li pa ta fč nou wč tout bagay sa yo, ni li pa ta fč nou tande tout pawňl sa yo. |
24 |
ś Apre sa, madanm lan fč yon pitit gason, li rele l' Samson. Pitit la grandi, Seyč a te beni l'. |
25 |
Epi lespri Seyč a konmanse travay nan li antan li te nan kan moun Dann yo, ant Soreja ak Echtawňl. |