Haitian Creole Bible

Ruth 2

Ruth

Return to Index

Chapter 3

1

ķ Kčk tan apre sa, Naomi di Rit konsa: -Pa pito m' chache yon mari pou ou, pou ou ka viv ak kč poze lakay ou?

2

Ou chonje Bōz, pa vre? Mčt jaden kote ou te ye ansanm ak medam yo? Bon! Ou chonje mwen te di ou se yon fanmi pre nou li ye! Bon. Koute! Aswč a, yo pral vannen lōj yo fin bat yo.

3

Al benyen. Mete odč sou ou, mete pi bčl rad ou sou ou. Epi ale bō glasi a, kote y'ap vannen an. Men, pa kite Bōz konnen ou la. W'a tann li fin manje, li fin bwč diven anvan.

4

Lč sa a, w'a gade byen kote li al kouche. Lč w'a wč dōmi pran l', ou va ale, w'a leve pwent dra ki kouvri pye l' yo, epi w'a kouche kouche ou la, bō kote l'. Li menm l'a di ou sa pou ou fč apre sa.

5

Rit reponn li: -M'a fč tou sa ou di m' fč.

6

ķ Se konsa Rit leve vre, li ale bō glasi a, li fč sa bčlmč li te di l' fč a.

7

Lč Bōz fin manje, lč li fin bwč diven, kč l' te kontan. Li al kouche bō yon pil pay lōj, epi dōmi pote l' ale. Lč sa a, Rit pwoche tou dousman, li leve pwent dra ki te kouvri pye l' yo, epi li kouche la bō kote l'.

8

Nan mitan lannwit, Bōz pantan nan dōmi an. Li leve, li panche, li tou sezi wč yon fanm ki te kouche nan pye l'.

9

Li mande: -Ki moun sa? Rit reponn li: -Se mwen menm, Rit. Ou se yon fanmi pre nou. Se ou ki reskonsab pou pran swen mwen. Mwen vin jwenn ou.

10

Bōz di l' konsa: -benediksyon Seyč a avč ou, mafi! Sa w'ap fč la a pi konsekan pase tou sa ou te fč pou bčlmč ou la. Sa moutre ou pa soti pou ou lage fanmi an. Ou ta gen dwa al dčyč nenpōt ki jenn gason, rich osinon pōv, pou marye avč ou, men ou pa fč l'.

11

Ou pa bezwen bat kō ou, tande. M'ap fč tou sa ou mande m' fč pou ou a. Tout moun konnen ou se yon fanm total.

12

Se vre sa ou di a. Mwen se yon fanmi pre nou. Mwen reskonsab ou. Men, gen yon nonm ki fanmi ou pi pre pase m'.

13

Ou mčt rete pase nwit lan la. Denmen maten m'a chache konnen si li vle pran reskonsablite a sou do li. Si li dakō pou li pran li, m'a byen kontan. Si li pa vle, enben, mwen fč sčman devan Bondye vivan ki nan syčl la, m'ap pran l' mwen menm. Koulye a, rete kouche la jouk denmen maten.

14

ķ Se konsa Rit kouche la nan pye l'. Men, anvan bajou kase, li leve pou moun pa wč l', paske Bōz pa t' vle pesonn konnen li te la.

15

Bōz di l' konsa: -Wete dra ki vlope ou la, louvri l' atč a. Rit louvri dra a atč. Bōz vide dis mamit lōj konsa ladan l'. Li mare l', epi li ede l' mete l' sou tčt li. Apre sa, Rit tounen lavil ak pakčt la.

16

Lč li rive lakay li, bčlmč a mande l': -Enben, mafi! Ki jan sa pase? Rit tanmen rakonte l' tou sa Bōz fč pou li.

17

Epi li di: -Anvan m' ale, li di m' konsa ou pa ka tounen san anyen. Se konsa, li ban m' dis mamit lōj sa yo.

18

Naomi di l': -Koulye a, Rit mafi, poze kō ou tann pou ou wč jan sa pral pase. Bōz p'ap bay kō l' kanpo jōdi a, tout tan li pa regle zafč sa a.

Ruth 4

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com