| Chapter 2 |
1 |
ś Lč a te rive pou Seyč a te fč Eli moute nan syčl nan yon toubouyon. Eli ak Elize pati ansanm, yo kite lavil Gilgal. |
2 |
Eli di Elize konsa: --Ou mčt rete isit la tande, paske Seyč a ban m' lňd pou m' al Betčl. Men, Elize reponn li: --Mwen pran ou menm ansanm ak Seyč ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Betčl. |
3 |
Men, yon gwoup pwofčt ki te rive lavil Betčl vin kontre Elize, yo di l' konsa: --Ou pa konnen Seyč a pral pran mčt ou a jňdi a? Elize reponn yo: --Mwen konn sa wi. Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankň! |
4 |
Apre sa, Eli di Elize: --Koulye a ou mčt rete isit la tande, paske Seyč a te ban m' lňd pou m' al Jeriko. Men, Elize reponn li: --Mwen pran ou menm ansanm ak Seyč ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Jeriko. |
5 |
Yon gwoup pwofčt ki te rete lavil Jeriko vin kontre Elize, yo di l' konsa: --Ou pa konnen Seyč a pral pran mčt ou a jňdi a? Elize reponn: --Mwen konn sa wi! Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankň. |
6 |
Apre sa, Eli di Elize: --Koulye a ou mčt rete isit la tande, paske Seyč a ban m' lňd pou m' al bň larivyč Jouden. Men, Elize reponn li: --Mwen pran ou menm ansanm ak Seyč ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm ankň. |
7 |
Senkant nan pwofčt Jeriko yo t'ap mache dčyč yo. Eli ak Elize rete bň larivyč Jouden an. Senkant pwofčt yo menm rete yon ti distans lwen yo. |
8 |
Eli wete gwo rad ki te sou li a, li woule l', li frape dlo a avč l'. Dlo a fann de bň. Eli ak Elize janbe lňt bň larivyč a san pye yo pa mouye. |
9 |
ś Lč yo fin janbe, Eli di Elize konsa: --Di m' kisa ou ta vle m' fč pou ou anvan Bondye pran m'. Elize reponn li: --Mwen ta renmen resevwa yon pňsyon doub nan lespri ki sou ou a. |
10 |
Eli di li: --Sa ou mande m' la a pa fasil. Men, si ou wč m' ak je ou lč m'ap kite ou la, w'ap jwenn sa ou mande a. Men, si ou pa wč m', w'a konnen ou p'ap jwenn li. |
11 |
Yo t'ap mache ansanm, yo t'ap pale yonn ak lňt lč yon cha dife ak chwal dife vin nan mitan yo. Epi li pote Eli moute nan syčl nan yon gwo toubouyon. |
12 |
Lč Elize wč sa, li rele Eli, li di: --Papa mwen! papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayčl la, ou ale! Epi li pa wč Eli ankň. Yon sčl lapenn pran Elize, li chire rad ki te sou li a fč de moso. |
13 |
ś Lčfini, li ranmase gwo rad ki te soti sou zepňl Eli tonbe atč a, epi li tounen. Rive bň larivyč Jouden an li kanpe. |
14 |
Li frape dlo a ak rad ki te soti sou zepňl Eli a, epi li di byen fň: --Kote Seyč a, Bondye Eli a? Li frape dlo a yon dezyčm fwa ak rad Eli a. Dlo a fann de bň. Elize janbe lňt bň larivyč a. |
15 |
Lč pwofčt Jeriko yo ki te pi devan an wč sa, yo di: --Lespri Eli a sou Elize! Yo vin jwenn li, yo bese tčt yo jouk atč devan l'. |
16 |
Yo di li: --Koute. Gen senkant nan nou la a. Nou tout se vanyan gason. Kite n' al chache mčt ou a. Ou pa janm konnen. Lespri Bondye a ka pran l' al lage sou yon mňn osinon nan yon fon. Men, Elize di yo: --Non. Pa voye pesonn dčyč l'. |
17 |
Men yo kenbe la avč l' jouk li di yo: --Bon. Nou mčt ale! Se konsa yo voye senkant moun yo al chache Eli. Yo pase twa jou ap chache, yo pa jwenn li. |
18 |
Yo tounen al jwenn Elize ki te rete ap tann yo lavil Jeriko. Elize di yo: --Mwen pa t' di nou nou pa t' bezwen ale! |
19 |
ś Moun lavil Jeriko yo vin di Elize: --Mčt, lavil la bati nan yon bon pozisyon, jan ou ka wč l' la. Men, dlo a pa bon, li fč tč a pa bay anyen. |
20 |
Elize di yo: --Pote ti gout sčl nan yon bňl tou nčf ban mwen! Yo pote veso sčl la bay Elize. |
21 |
Elize moute nan sous la, li voye sčl jete nan dlo a. Lčfini, li di: --Men sa Seyč a di: M'ap netwaye dlo sa a. Li p'ap janm touye moun ankň, ni li p'ap fč tč a rete san donnen anyen. |
22 |
Depi lč sa a dlo a vin bon jouk jounen jňdi a, jan Elize te di l' la. |
23 |
Elize kite lavil Jeriko, l' ale lavil Betčl. Li t'ap mache sou chemen an konsa, lč yon bann ti gason soti lavil la, yo pran pase l' nan betiz, yo t'ap rele: --Al fč wout ou, tčt chňv! Al fč wout ou, tčt chňv! |
24 |
Elize vire, li gade ti gason yo, li ba yo madichon nan non Seyč a. Lamenm, de lous soti nan rakbwa a, yo dechire karannde nan ti gason yo. |
25 |
Apre sa, Elize ale mňn Kamčl. Lčfini li tounen lavil Samari. |