Haitian Creole Bible

2 Kings 2

2 Kings

Return to Index

Chapter 3

1

ś Lč sa a, wa Jozafa t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvčnen nan peyi Jida lč Joram, pitit Akab la, moute sou fotčy wa peyi Izrayčl la. Li pase douzan ap gouvčnen nan lavil Samari.

2

Li fč sa ki mal nan je Seyč a, men pa tankou papa l' ak manman l' Jezabčl. Li wete gwo wňch papa l' te mete kanpe pou sčvis Baal la.

3

Men, li fč menm peche ak Jewoboram, pitit gason Nebat la, li lakňz pčp Izrayčl la fč peche. Li pa t' soti pou l' te kite vye chemen sa a.

4

Mesa, wa peyi Moab la, te fč gadinaj mouton. Se konsa li te pran angajman pou li te bay wa peyi Izrayčl la sanmil (100.000) ti mouton ak sanmil (100.000) belye ak tout lenn yo sou yo.

5

Men, lč Akab, wa peyi Izrayčl la, mouri, wa peyi Moab la revňlte kont otorite wa peyi Izrayčl la.

6

ś Lamenm, wa Joram kite lavil Samari, li sanble tout lame pčp Izrayčl la.

7

Epi li pati, li voye di Jozafa, wa peyi Jida a: --Wa peyi Moab la revňlte kont otorite mwen. Ou pa ta vle vin avč m' pou nou atake moun Moab yo? Jozafa reponn: --Men wi! Mwen menm ak tout sňlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avč ou ansanm ak pčp ou a. Se yonn nou ye!

8

Ki wout n'ap pran pou n' al atake? Joram reponn li: --N'ap pran chemen ki pase nan dezč Edon an.

9

Se konsa Joram, wa peyi Izrayčl la, ansanm ak wa peyi Jida a ak wa peyi Edon an pati. Yo pase sčt jou ap mache. Lč sa a dlo yo fini, pa t' gen yon ti gout dlo ni pou sňlda yo ni pou bčt chay ki te avč yo.

10

Joram, wa peyi Izrayčl la, di: --Woy! Nou fini! Seyč a fč nou tou twa vin isit la ansanm pou l' lage nou nan men wa Moab la.

11

Jozafa mande: --Pa gen yon pwofčt bň isit la ki ta ka pale ak Seyč a pou nou? Yonn nan chčf wa peyi Izrayčl yo di: --Bň isit la gen Elize, pitit gason Chafa a. Se li ki t'ap sčvi ak Eli.

12

Jozafa di: --Sčten l'ap gen kichňy pou l' di nou nan non Seyč a! Se konsa wa peyi Izrayčl la ansanm ak Jozafa ak wa peyi Edon an pati, y' al wč Elize.

13

Elize di wa Izrayčl la konsa: --Ki rapň m' gen avč ou! Al wč pwofčt papa ou ak manman ou te konn al wč yo! Joram reponn: --Non! Se Seyč a ki voye chache nou pou l' lage nou twa wa sa yo nan men wa peyi Moab la.

14

Elize reponn: --Mwen pran Seyč vivan m'ap sčvi a pou temwen! Si mwen pa t' gen respč pou Jozafa, wa peyi Jida a, m' pa ta menm gade ou, m' pa ta okipe ou.

15

Koulye a, al chache yon mizisyen pou mwen. Pandan mizisyen an t'ap jwe mizik, pouvwa Seyč a desann sou Elize.

16

Elize di: --Men sa Seyč a di: Fouye anpil gwo twou nan fon ravin sa a.

17

Paske, men sa li di ankň: Nou p'ap wč van, nou p'ap wč lapli, men ravin sa a pral plen dlo. Konsa n'a jwenn kont dlo pou nou bwč ansanm ak bčf, kabrit nou yo ak bčt chay nou yo.

18

Men tou sa pa anyen bň kote sa Seyč a ka fč. Li pral lage moun peyi Moab yo nan men nou.

19

Nou pral pran tout bčl lavil ak ranpa yo, nou pral koupe tout bčl pyebwa yo, nou pral bouche tout sous dlo yo. Nou pral gate tout pi bčl jaden yo, nou pral kouvri yo ak wňch.

20

ś Nan denmen maten, lč lč pou yo fč ofrann lan rive, yon dlo soti nan direksyon Edon, li kouvri tout tč a.

21

Lč moun Moab yo pran nouvčl twa wa yo te moute vin atake yo, tout gason ki te gen laj pou pote zam, gran kou piti, yo sanble, y' al mase kň yo sou fwontyč a.

22

Nan denmen maten, lč yo leve, limyč solčy la t'ap bat sou dlo a. Li bay dlo a yon koulč wouj, moun Moab yo te kwč se san.

23

Yo di: --Gade san! Lame wa yo gen lč goumen yonn ak lňt, yonn touye lňt. Ann al piye kan yo!

24

Men lč moun Moab yo rive nan kan moun Izrayčl yo, moun Izrayčl yo tonbe sou yo, yo kňmanse bat yo. Moun Moab yo pran kouri. Moun Izrayčl yo antre dčyč yo nan peyi Moab, yo touye tout moun Moab ki tonbe anba men yo.

25

Yo detwi lavil yo. Chak fwa yo rive bň yon bčl jaden, chak moun pran wňch, yo voye ladan l' jouk jaden an kouvri nčt ak wňch. Yo bouche tout sous dlo yo, yo koupe tout bčl pyebwa yo. Sčl kote ki te rete kanpe se te lavil Kiraresčt, kapital la. Sňlda yo sčnen l', yo atake l' ak kout wňch.

26

Lč wa peyi Moab la wč li t'ap pčdi batay la, li pran sčtsan (700) sňlda avč l'. Avčk nepe yo, yo chache mwayen pou yo pase nan mitan sňlda Izrayčl yo al fč wout yo nan direksyon peyi Edon, men yo pa t' kapab.

27

Lč sa a, wa peyi Moab la pran premye pitit gason l' lan, sa ki te pou pran plas li sou fotčy la, li ofri l' bay bondye peyi Moab la, li touye l' sou tčt miray lavil la. Lč moun Izrayčl yo wč sa, yo pč pou malč pa rive yo. Yo rale kň yo dčyč, yo tounen nan peyi yo.

2 Kings 4

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com