Haitian Creole Bible

1 Chronicles 5

1 Chronicles

Return to Index

Chapter 6

1

ś Levi te gen twa pitit gason: Gčchon, Keyat ak Merari.

2

Keyat te gen kat pitit gason: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyčl.

3

Amram te gen de pitit gason, Arawon ak Moyiz ak yon pitit fi yo te rele Miryam. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama.

4

Eleaza te papa Fineas, Fineas te papa Abichwa,

5

Abichwa te papa Bouki, Bouki te papa Ouzi,

6

Ouzi te papa Zeraja, Zeraja te papa Merajňt,

7

Merajňt te papa Amarya, Amarya te papa Akitoub,

8

Akitoub te papa Zadňk, Zadňk te papa Akimaz,

9

Akimaz te papa Azarya, Azarya te papa Joanan,

10

Joanan te papa Azarya. Se li menm Azarya ki te sčvi prčt nan tanp Salomon te bati lavil Jerizalčm lan.

11

Azarya te papa Amarya, Amarya te papa Achitoub,

12

Achitoub te papa Zadňk, Zadňk te papa Chaloum,

13

Chaloum te papa Ilkija, Ilkija te papa Azarya,

14

Azarya te papa Seraja, Seraja te papa Jeosadak.

15

Wa Nčbikadneza te depňte Jeosadak ansanm ak tout moun peyi Jida ak tout moun lavil Jerizalčm yo, jan Bondye te vle l' la.

16

Levi te gen twa pitit gason: Gčchon, Keyat ak Merari.

17

Men non pitit Gechon yo: Libni ak Chimeyi.

18

Keyat te papa Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyčl.

19

Merari te papa Makli ak Mouchi. Men non branch fanmi Levi yo dapre zansčt yo.

20

Gčchon te papa Libni, Libni te papa Jakat, Jakat te papa Zima,

21

Zima te papa Joak, Joak te papa Ido, Ido te papa Zerak, Zerak te papa Jeatrayi.

22

Keyat te papa Aminadab, Aminadab te papa Kore, Kore te papa Asi.

23

Asi te papa Elkana, Elkana te papa Ebyasaf, Ebyasaf te papa Asi.

24

Asi te papa Tajat, Tajat te papa Ouryčl, Ouryčl te papa Ouzya, Ouzya te papa Sayil.

25

Elkana te gen de pitit gason: Amasayi ak Akimňt.

26

Akimňt te papa Elkana, Elkana te papa Zofayi, Zofayi te papa Naat,

27

Naat te papa Eliyab, Eliyab te papa Jeworam, Jeworam te papa Elkana. Elkana te papa Samyčl.

28

Samyčl te gen de pitit gason: Jočl, pi gran an ak Abija, dezyčm lan.

29

Merari bň pa l' te papa Makli, Makli te papa Libni, Libni te papa Chimeyi, Chimeyi te papa Ouza.

30

Ouza te papa Chimeya, Chimeya te papa Agija, Agija te papa Asaja.

31

ś Men moun David te mete pou reskonsab tout chante nan Tanp Seyč a lč y'a fin enstale Bwat Kontra a ladan l'.

32

Se yo ki te konn chante devan Tant Randevou a, jouk wa Salomon te fin bati Tanp Seyč a lavil Jerizalčm. Yo te fč travay yo yonn apre lňt dapre regleman yo te ba yo.

33

Men non sanba yo ak tout fanmi yo: Nan fanmi Keyat la te gen Eyman premye sanba, ki te pitit Jočl, ki li menm te pitit Samyčl,

34

ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Jeworam, ki li menm te pitit Eliyčl, ki li menm te pitit Toak,

35

ki li menm te pitit Zouf, ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Maat, ki li menm te pitit Amasayi,

36

ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Jočl, ki li menm te pitit Azarya, ki li menm te pitit Sofoni,

37

ki li menm te pitit Tat, ki li menm te pitit Asi, ki li menm te pitit Ebyasaf, ki li menm te pitit Kore,

38

ki li menm te pitit Jizeya, ki li menm te pitit Keyat, ki li menm te pitit Levi, ki li menm te pitit Izrayčl.

39

Asaf, dezyčm sanba a, te kanpe sou bň dwat Eyman. Asaf te pitit Berekya, ki li menm te pitit Chimeya,

40

ki li menm te pitit Mikayčl, ki li menm te pitit Baseja, ki li menm te pitit Malkija,

41

ki li menm te pitit Etni, ki li menm te pitit Zerak, ki li menm te pitit Adaja.

42

ki li menm te pitit Etan, ki li menm te pitit Zima, ki li menm te pitit Chimeyi,

43

ki li menm te pitit Jakat, ki li menm te pitit Gčchon, ki li menm te pitit Levi.

44

Etan ki soti nan branch fanmi Merari a te twazyčm sanba a ki te sou bň gňch Eyman. Se pitit Kichi li te ye. Kichi sa a te pitit Abdi, ki li menm te pitit Malouk,

45

ki li menm te pitit Asabija, ki limenm te pitit Amazya, ki li menm te pitit Ilkija,

46

ki li menm te pitit Amasi, ki li menm te pitit Bani, ki li menm te pitit Chemč,

47

ki li menm te pitit Mali, ki li menm te pitit Mouchi, ki li menm te pitit Merari, ki li menm te pitit Levi.

48

Lňt moun branch fanmi Levi yo te gen travay pa yo nan sčvis Tanp Seyč a.

49

Se Arawon ak pitit li yo ki te pou boule bčt yo te ofri sou lotčl yo te mete la pou sa, ak lansan sou lotčl lansan an. Se yo menm tou ki te reskonsab pou tout sčvis nan kay yo mete apa nčt pou Seyč a, pou mande padon pou peche pčp Izrayčl la, dapre tout regleman Moyiz, sčvitč Bondye a, te bay.

50

Men fanmi Arawon yo: Arawon te papa Eleaza, Eleaza te papa Fineas, Fineas te papa Abichwa,

51

Abichwa te papa Bouki, Bouki te papa Ouzi, Ouzi te papa Zeraja,

52

Zeraja te papa Merajňt, Merajňt te papa Amarya, Amarya te papa Akitoub,

53

Akitoub te papa Zadňk, Zadňk te papa Akimaz.

54

ś Men kote fanmi Arawon yo te rete ak limit zňn ki te pou yo. Lč yo fč tiraj osň, se branch fanmi Keyat yo ki soti an premye avčk

55

Ebwon, nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Jida a, ansanm ak tout savann pou bčt yo.

56

Yo bay Kalčb, pitit Jefoune a, tout jaden ki te andeyň lavil la ak tout ti bouk ki te sou lňd li yo.

57

Men lavil yo te bay moun branch fanmi Arawon yo: Ebwon ansanm ak tout savann pou bčt yo, Libna ak tout savann pou bčt yo, Jati ak tout savann pou bčt yo, Estemoa ak tout savann pou bčt yo,

58

Ilenn ak tout savann pou bčt yo, Debi ak tout savann pou bčt yo,

59

Achan ak tout savann pou bčt yo, Bčtchemčch ak tout savann pou bčt yo.

60

Nan pňsyon tč moun branch fanmi Benjamen yo, yo ba yo Geba ak tout savann pou bčt yo, Alemčt ak tout savann pou bčt yo, Anatňt ak tout savann pou bčt yo. Sa te fč antou trčz lavil pou yo te separe bay chak fanmi pa yo apa.

61

Yo pran dis lavil nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Efrayim, pou branch fanmi Dann lan ak pou lňt mwatye branch fanmi Manase a, yo bay rčs moun nan fanmi Keyat la.

62

Trčz lavil nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Isaka, branch fanmi Asč, branch fanmi Nčftali ak lňt mwatye branch fanmi Manase nan peyi Bazan an te soti pou branch fanmi Gčchon yo, chak fanmi ak lavil pa yo apa.

63

Konsa tou, douz lavil nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Woubenn, branch fanmi Gad ak branch fanmi Zabilon soti pou branch fanmi Merari yo, chak fanmi ak lavil pa yo apa.

64

Se konsa moun pčp Izrayčl yo bay moun Levi yo lavil sa yo pou yo rete ansanm ak tout savann pou bčt yo.

65

Yo te tire osň tou pou yo ba yo lavil nan pňsyon tč branch fanmi Jida, branch fanmi Simeyon ak branch fanmi Benjamen, jan nou sot nonmen yo a.

66

Gen kčk fanmi nan branch Keyat la ki te jwenn lavil nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Efrayim lan.

67

Yo ba yo tou lavil Sichčm, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon an, ansanm ak tout savann pou bčt yo nan mňn Efrayim lan, Gezč ansanm ak tout savann pou bčt yo,

68

Yokmeam ak tout savann pou bčt yo, Bčtowon ak tout savann pou bčt yo,

69

Ajalon ak tout savann pou bčt yo,

70

Gat-Rimon ak tout savann pou bčt yo. Nan pňsyon tč ki pou lňt mwatye branch fanmi Manase a, sou bň solčy kouche, yo ba yo Tanak ak tout savann pou bčt yo, Jibleam ak tout savann pou bčt yo. Tou sa pou rčs fanmi nan branch Keyat la.

71

Nan pňsyon tč ki pou mwatye branch fanmi Manase a sou bň solčy leve, yo bay moun fanmi Gčchon yo lavil Golan nan peyi Bazan ak tout savann pou bčt yo, lavil Astawňt ak tout savann pou bčt yo.

72

Nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Isaka a, yo ba yo Kadčs ak tout savann pou bčt yo, Dobera ak tout savann pou bčt yo,

73

Ramňt ak tout savann pou bčt yo, Ančm ak tout savann pou bčt yo.

74

Nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Asč a, yo ba yo Machal ak tout savann pou bčt yo, Abdon ak tout savann pou bčt yo,

75

Oukňk ak tout savann pou bčt yo, Reyňb ak tout savann pou bčt yo.

76

Nan pňsyon tč pou branch fanmi Neftali a, yo ba yo Kadčs nan peyi Galile ak tout savann pou bčt yo, Amon ak tout savann pou bčt yo, Kiriyatayim ak tout savann pou bčt yo.

77

Nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Zabilon an, yo bay Rimono ak tout savann pou bčt yo, Tabň ak tout savann pou bčt yo pou rčs moun nan branch fanmi Merari a.

78

Nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Woubenn lan, sou bň solčy leve larivyč Jouden, anfas lavil Jeriko, yo ba yo Bezč nan dezč a ak tout savann pou bčt yo, Jaza ak tout savann pou bčt yo,

79

Kedemňt ak tout savann pou bčt yo, Mefat ak tout savann pou bčt yo.

80

Nan pňsyon tč ki pou branch fanmi Gad la, yo ba yo Ramňt nan peyi Galarad ak tout savann pou bčt yo, Manayim ak tout savann pou bčt yo,

81

Esbon ak tout savann pou bčt yo, Jazč ak tout savann pou bčt yo.

1 Chronicles 7

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com