| Chapter 25 |
1 |
ķ Amasya te gen vennsenkan lč li moute wa. Li gouvčnen lavil Jerizalčm pandan ventnevan. Manman l' te rele Jeojadan, moun lavil Jerizalčm. |
2 |
Amasya te fč sa ki dwat devan Seyč a, men pa ak tout kč li. |
3 |
Lč Amasya fin chita otorite l', li fč touye chčf lame ki t'ap sčvi avč l' yo epi ki te touye papa l'. |
4 |
Men li pa t' manyen pitit ansasen sa yo, paske dapre sa ki ekri nan Liv lalwa Moyiz la, Bondye te bay lōd sa a: Nou pa gen dwa touye yon papa pou krim pitit li fč. Ni nou pa gen dwa touye yon pitit pou krim papa l' te fč. Y'a touye yon moun pou krim li menm li fč. |
5 |
Amasya reyini tout gason nan branch fanmi Jida yo ak nan branch fanmi Benjamen yo, li moute yon lame, chak fanmi apa. Li mete yon chčf alatčt chak rejiman mil sōlda ak yon chčf alatčt chak divizyon san sōlda. Li fč konte tout gason ki te gen ventan ak sa ki te gen ventan depase. Li fč kouche yo sou rejis. Li jwenn te gen twasanmil (300.000) sōlda ki te pi bon nan sčvi ak zam, ki te pare pou fč lagč, ki te gen ladrčs pou sčvi ak frenn ak gwo plak pwotčj. |
6 |
Lčfini, li pran sanmil (100.000) vanyan sōlda nan peyi Izrayčl, li peye yo chak twasan (300) kilo ajan pou yo goumen pou li. |
7 |
Men yon pwofčt Bondye vin di li: -Monwa, pa pran sōlda peyi Izrayčl sa yo ak ou nan lame a, paske Seyč a pa avčk moun peyi Izrayčl yo, avčk bann pitit Efrayim sa yo. |
8 |
Paske si ou konprann ou ka ranfōse lame ou la avčk moun sa yo pou ou al fč lagč, Bondye ap fč ou bese tčt devan lčnmi ou yo, paske se Bondye ki gen pouvwa pou fč ou genyen osinon pou fč ou pčdi batay la. |
9 |
Amasya mande pwofčt Bondye a: -Bon, sa k'ap rive twa san kilo ajan sa yo mwen deja bay sōlda peyi Izrayčl yo? Pwofčt la reponn li: -Seyč a ka renmčt ou plis pase sa! |
10 |
Se konsa Amasya fč sōlda li te fč vini soti nan peyi Efrayim yo mete kō yo sou kote, li voye yo al fč wout yo lakay yo. Men sōlda sa yo te fache anpil sou moun peyi Jida yo poutčt sa. Yo tounen lakay yo byen move. |
11 |
Amasya mete gason sou li, li mennen lame li a nan Fon Sale a kote li touye dimil (10.000) moun mōn Seyi. |
12 |
Sōlda peyi Jida yo fč dimil (10.000) prizonye met sou sa. Yo pran yo, yo mennen yo sou tčt yon falčz, yo lage yo anba kote yo mouri kraze. |
13 |
Men, sōlda Amasya te voye tounen lakay yo pou yo pa ale nan lagč ansanm avč l' yo, anvayi lavil peyi Jida yo, depi lavil Samari rive lavil Bčtowon. Yo touye twamil (3.000) moun, yo pran yon pakčt bagay pote ale. |
14 |
ķ Lč Amasya t'ap tounen apre li fin kraze moun peyi Edon yo, li pran bondye moun mōn Seyi yo avč l'. Li fč yo tounen bondye pa l', li sčvi yo, li boule lansan pou yo. |
15 |
Seyč a fache kont Amasya. Li voye yon pwofčt pou di l' konsa: -Poukisa koulye a ou pran sčvi bondye yon pčp ki pa t' ka sove pčp sa a anba men ou? |
16 |
Amasya koupe l' lapawōl, li di li: -Depi kilč mwen te nonmen ou konseye wa a? Pe la, si ou pa bezwen m' fč yo wonpi ou! Pwofčt la rete sou sa l' t'ap di a, men li di: -Koulye a mwen konnen Bondye pran desizyon pou l' fini avč ou vre, paske ou fč sa ou fč a, epi ou pa vle koute konsčy mwen. |
17 |
ķ Men Amasya, wa peyi Jida a, koute konsčy lōt moun, li voye misyon bay Joas, pitit Joakaz, pitit pitit Jeou, wa peyi Izrayčl la, li di l': -Vini non! Ann wč sa ki pi fō! |
18 |
Men, Joas voye reponn li: -Yon jou, yon pye pikan ki te sou mōn Liban an voye yon misyon bay yon pye sčd. Li di l': Bay pitit gason m' lan pitit fi ou la pou l' marye avč l'. Yon bčt bwa pase bō la, li kraze pye pikan an. |
19 |
Amasya, ou di ou kraze moun peyi Edon yo, koulye a, ou kite lōgčy vire tčt ou. Men pito ou rete chita lakay ou tande! Poukisa pou w'ap chache traka bay kō ou epi pou sa pase mal ni pou ou, ni pou peyi Jida a? |
20 |
Men Amasya derefize koute l'. Paske se te volonte Bondye pou l' te lage l' nan men Joas poutčt li te pran sčvi bondye pčp Edon yo. |
21 |
Se konsa Joas soti ak lame li pou l' al goumen ak Amasya bō lavil Bčtchemčs, nan peyi Jida. |
22 |
Lame Izrayčl la bat lame Jida a byen bat. Tout sōlda peyi Jida yo vole gaye, yo kouri al lakay yo. |
23 |
Joas, wa peyi Izrayčl la, fe Amasya, pitit Joas, pitit pitit Joakaz, wa peyi Jida a, prizonye lavil Bčtchemčs. Lčfini, li mache sou lavil Jerizalčm. Li kraze miray lavil la sou yon longč ki pran depi nan pōtay Efrayim lan rive jouk bō pōtay Kwen an. Sa te fč antou |
24 |
Li pran dčnye bagay an lō ak an ajan li jwenn, tou sa ki te nan Tanp Seyč a sou kont Občd-Edon, ak tout richčs ki te nan palč a, san konte kantite moun li te fč prizonye tankou yon garanti. Apre sa, li tounen tounen l' lavil Samari. |
25 |
Amasya, wa peyi Jida a, te viv kenzan ankō apre lanmō Joas, pitit Joakaz, wa peyi Izrayčl la. |
26 |
Tout rčs istwa Amasya a, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dčnye jou a, tou sa ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayčl yo. |
27 |
Depi lč Amasya te lage pye Seyč a, yo t'ap fč konplo sou do l' lavil Jerizalčm. Bout pou bout, li kouri al kache lavil lakis. Men, yo voye dčyč l' jouk lavil lakis, yo pran l', yo touye l'. |
28 |
Lčfini yo pote kadav li sou chwal lavil Jerizalčm. Yo antere l' nan tonm wa yo nan lavil David la. |
180 |
mčt nan miray la. |