| Chapter 32 |
1 |
ś Apre Ezekyas te fin fč tout bagay sa yo pou moutre jan li t'ap sčvi Bondye ak tout kč li, Senakerib, wa peyi Lasiri, anvayi peyi Jida. Li sčnen tout lavil ak gwo ranpa yo avčk lide pou l' pran yo. |
2 |
Lč Ezekyas wč Senakerib t'ap pwoche bň lavil Jerizalčm ak lide pou l' atake l' tou, |
3 |
li reyini tout otorite ak chčf lame l' yo, li di yo li fč lide bouche tout sous dlo ki andeyň lavil la. Yo tout dakň. |
4 |
Yon foul moun reyini vre, yo bouche tout sous dlo yo ansanm ak kannal anba tč ki te konn mennen dlo a byen lwen nan peyi a. Yo t'ap di yo p'ap kite wa peyi Lasiri yo jwenn anpil dlo lč y'a rive isit la. |
5 |
Ezekyas mete gason sou li. Li fč repare tout miray lavil la, li bati fň won sou li ak yon lňt miray sou deyň. Li ranfňse ranpa ki pwoteje teren ranbleye ki bay sou solčy leve lavil David la. Li fč fč anpil frenn ak manch long ak anpil plak pwotčj. |
6 |
Li mete chčf lame alatčt pčp la, li reyini yo sou plas piblik ki bň pňtay lavil la. Li ankouraje yo, li di yo: |
7 |
-Mete gason sou nou! Kenbe fčm! Pa kite anyen fč nou pč, ni devan wa peyi Lasiri a, ni devan gwo lame k'ap mache avč l' la, paske nou gen plis fňs avčk nou pase li menm li gen avč l'. |
8 |
Li menm, li konte sou fňs sňlda li yo. Nou menm, nou gen Seyč a, Bondye sčl Mčt la, pou ede nou, pou goumen pou nou. Lč pčp la tande pawňl sa yo soti nan bouch Ezekyas, wa peyi Jida a, yo tout pran kouraj. |
9 |
ś Kčk tan apre sa, Senakerib, wa peyi Lasiri a, te rive devan lavil lakis ansanm ak tout lame li a pou l' atake l'. Li voye kčk chčf bň kote Ezekyas, wa peyi Jida a ak bň kote tout pčp ki te lavil Jerizalčm lan avčk mesaj sa a: |
10 |
-Men sa Senakerib, wa peyi Lasiri a, voye di nou: Poukisa nou gen tout konfyans sa a, kifč nou rete nan lavil Jerizalčm ki sčnen toupatou a? |
11 |
Lč Ezekyas di nou Seyč a, Bondye nou an, va delivre nou anba men wa peyi Lasiri a, se twonpe l'ap twonpe nou. Li pral kite nou mouri grangou ak swaf dlo. |
12 |
Apa Ezekyas menm ki te disparčt dčnye lotčl ak dčnye kote yo te konn fč sčvis pou Seyč a, lčfini ki te di tout moun peyi Jida ak lavil Jerizalčm yo se devan yon sčl lotčl pou yo fč sčvis, pou yo boule lansan? |
13 |
Se konnen nou pa konnen sa zansčt mwen yo ansanm avč m' nou te fč pčp lňt nasyon yo? Eske bondye nasyon sa yo te rive delivre yo anba men mwen? |
14 |
Pa gen yonn nan bondye lňt nasyon zansčt mwen yo te detwi yo ki te rive delivre yo anba men mwen. Poukisa atň nou vle kwč Bondye nou an ka delivre nou anba men m'? |
15 |
Se poutčt sa, pa kite Ezekyas ban nou manti, pa kite li pete nou! Nou pa bezwen kwč l'! Pa gen bondye ankenn gouvčnman, ni bondye ankenn nasyon ki te ka delivre yon peyi anba men zansčt mwen yo, ni anba men pa m'! Ale wč pou Bondye nou an ta ka delivre nou anba men mwen! |
16 |
Chčf lame Lasiri yo te pale pi mal toujou sou Bondye pčp Izrayčl la, Seyč a, ak sou Ezekyas, sčvitč l' la. |
17 |
Senakerib te ekri yon lčt kote li te joure Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la. Li te di ladan l': Bondye lňt nasyon ki sou latč yo pa t' ka delivre pčp yo anba men m'. Se pa Bondye Ezekyas la ki va delivre pčp la anba men m'! |
18 |
Mesaje wa Lasiri yo t'ap pale byen fň nan lang ebre pou tout moun ki te sou miray lavil Jerizalčm yo te ka tande. Yo t'ap fč yo pč, yo t'ap fč yo pčdi kouraj pou yo te ka pran lavil la fasil. |
19 |
Yo t'ap pale sou Bondye lavil Jerizalčm lan tankou yo te konn pale sou bondye lňt nasyon yo ki yon bann estati moun fč ak men. |
20 |
Lč sa a, wa Ezekyas ak pwofčt Ezayi, pitit Amňz la, pran lapriyč, yo t'ap mande Bondye sekou. |
21 |
Seyč a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sňlda yo ansanm ak kaptenn ak chčf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwňp pitit li yo touye l' ak kout nepe. |
22 |
Se konsa Seyč a te delivre Ezekyas ak tout moun lavil Jerizalčm yo anba men Senakerib, wa peyi Lasiri a, ak anba lňt lčnmi yo. Li fč yo viv san bri san kont ak tout peyi nan vwazinaj yo. |
23 |
Anpil moun vini lavil Jerizalčm pote ofrann pou Seyč a ak kado pou Ezekyas, wa peyi Jida a. Depi lč sa a tout lňt nasyon nan vwazinaj yo respekte Ezekyas. |
24 |
ś Yon lč rive, Ezekyas tonbe malad, li te prčt pou mouri. Li lapriyč Seyč a. Seyč a reponn li, li fč l' wč yon mirak. |
25 |
Men, Ezekyas kite lňgčy vire tčt li, li refize di mčsi pou sa Seyč a te fč pou li. Se konsa, Seyč a move ni sou li, ni sou peyi Jida, ni sou lavil Jerizalčm. |
26 |
Tansčlman, Ezekyas ansanm ak moun lavil Jerizalčm yo rekončt fňt yo apre sa. Depi lč sa a, Seyč a pa move sou yo ankň jouk jou Ezekyas mouri. |
27 |
Ezekyas te gen anpil richčs, tout moun te respekte l'. Li fč bati depo pou mete tout bagay an ajan, an lň li te genyen, bčl pyč koute chč, epis santi bon, plak pwotčj ak tout lňt bagay koute chč l' yo. |
28 |
Li fč bati tou depo pou mete grenn manje, diven ak lwil oliv, kay pou tout bčt li yo ak pak pou mouton l' yo. |
29 |
Li fč bati kčk vil, li achte kantite mouton, kabrit ak bčf, paske Bondye te ba li anpil richčs. |
30 |
Se wa Ezekyas ki te bouche kote dlo sous Giyon an te konn soti sou anwo a pou fč l' pase sou anba bň solčy kouche lavil David la. Tou sa li te vle fč te mache byen. |
31 |
Se konsa, lč wa Babilňn yo te voye delege bň kote l' pou wč kalite mirak ki te fčt nan peyi a, Bondye te kite l' pou kont li pou sonde l', pou l' te ka konnen sa ki te nan kč li. |
32 |
Tout lňt bagay wa Ezekyas te fč yo, jan li te sevi Bondye nan tou sa li t'ap fč, tou sa ekri nan liv Vizyon pwofčt Ezayi, pitit Amňz la, ak nan liv Istwa wa peyi Jida ak wa peyi Izrayčl yo. |
33 |
Lč Ezekyas mouri, yo antere l' nan yon chanm anwo nan kavo fanmi David yo. Lč l' mouri, tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalčm yo fč bčl lantčman pou li. Se Manase, pitit li, ki moute wa nan plas li. |