Haitian Creole Bible

Job 5

Job

Return to Index

Chapter 6

1

ś Jňb pran lapawňl, li di konsa:

2

-Si yo te ka pran pčz lapenn mwen, si yo te ka peze tout malč mwen yo nan balans,

3

yo ta jwenn yo pi lou pase tout sab ki bň lanmč. Lč sa a, nou pa ta sezi tande m' pale jan m'ap pale a.

4

Bondye ki gen tout pouvwa a plante flčch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kň m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malč pou fč kč m' kase.

5

Bourik mawon pa ranni lč li gen zčb pou l' manje. Ni bčf pa rele lč li gen manje devan l'.

6

Moun pa manje manje ki san gou, manje ki san sčl. Blan ze pa gen bon gou nan bouch.

7

Mwen pa menm gen apeti pou bagay konsa. Tou sa mwen manje fč kč m' tounen.

8

ś Si Bondye te ka ban mwen sa m' mande l' la! Si li te ka fč m' jwenn sa m'ap tann lan!

9

Si sčlman sa ta fč l' plezi pou l' touye m'! Si li ta vle lonje men l' pou l' disparčt mwen!

10

Se ta va yon gwo konsolasyon pou mwen. Malgre tout soufrans mwen yo, mwen ta danse, mwen ta fč fčt, paske mwen konnen mwen pa janm dezobeyi lňd Bondye ki apa a bay.

11

Mwen pa gen fňs pou m' tann ankň. Pa gen ankenn espwa pou mwen. Sa m' bezwen viv toujou fč?

12

Se pa wňch mwen ye. Se pa bout fč kň m' ye.

13

Mwen pa gen fňs ankň pou m' kenbe. Kote m' vire, mwen pa jwenn sekou.

14

ś Nan tray m'ap pase koulye a, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m', menm si mwen ta vire do bay Bondye.

15

Men, frč m' yo, nou p'ap di m' anyen la a. Nou tankou ravin chčch ki pa gen dlo depi lapli pa tonbe.

16

Nan sezon fredi, lč lančj ap fonn, yo plen dlo sal ki frčt kou glas.

17

Men, nan sezon lesčk, pa yon gout dlo! Chalč solčy la cheche yo nčt.

18

Bann vwayajč yo kite chemen yo pou y' al dčyč dlo. Yo pčdi nan dezč a. Yo mouri.

19

Vwayajč ki soti nan peyi Cheba ak nan peyi Saba ap touye tčt yo chache dlo.

20

Yo pa ka jwenn. Rive devan ravin lan, yo pa konn sa pou yo fč.

21

Wi, mezanmi. Nou tankou yon ravin chčch pou mwen. Nou wč nan ki eta mwen ye, nou pč, n'ap renka kň nou dčyč.

22

ś Eske m' te mande nou pou nou fč m' kado kichňy? Osinon pou nou fč yon moun kado pou mwen nan sa nou genyen?

23

Eske mwen te mande nou pou nou vin wete m' anba grif yon lčnmi, osinon pou nou delivre m' anba men yon moun k'ap fč m' soufri?

24

Bon. Pale avč m'. Si m' antň, fč m' wč kote m' antň a. Lč sa a, m'a pe bouch mwen. M'a koute nou.

25

Pawňl ki pale verite bon pou tande. Men, m' pa wč sa nou vle di m' la a.

26

Ou di mwen fin dekouraje. Se depale m'ap depale. Poukisa atň w'ap kritike pawňl mwen yo konsa?

27

Konsa tou, ou ta rive jwe lajan sou tčt timoun san papa. Ou ta fč lajan sou tčt bon zanmi ou.

28

Koulye a, monchč, tanpri, gade m' nan je. Mwen p'ap ba ou manti.

29

Tounen non! Pa fč m' lenjistis sa a! Tounen, mwen di ou. Se kňz mwen m'ap defann.

30

Eske se manti m'ap bay? Dapre nou, mwen pa konnen sa ki byen ak sa ki mal?

Job 7

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com