| Chapter 31 |
1 |
ķ (31:1) Pou chčf sanba yo. Se yon sōm David. (31:2) Seyč, m'ap chache pwoteksyon anba zčl ou! Pa janm kite m' pran wont ankō. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri. Tanpri, delivre mwen. |
2 |
(31:3) Panche zōrčy ou bō kote m', prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wōch kote m' ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sčvi m' ranpa. Se ou menm ki pou delivre m'. |
3 |
(31:4) Se ou ki tout pwoteksyon mwen, tout defans mwen. Tanpri, dirije m', kondi m' poutčt non ou pote a. |
4 |
(31:5) Pa kite m' tonbe nan pčlen yo tann pou mwen an. Se ou menm k'ap pwoteje m'. |
5 |
(31:6) Mwen renmčt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m', Seyč, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawōl li. |
6 |
(31:7) Ou rayi moun k'ap adore zidōl. Pou mwen menm, tout konfyans mwen se nan ou li ye. |
7 |
(31:8) M'ap kontan, m'ap fč fčt, paske ou renmen m'. Ou wč jan m'ap soufri, ou konnen nan ki pwoblčm mwen ye. |
8 |
(31:9) Ou pa kite lčnmi m' yo mete men sou mwen, ou mete m' yon kote pou anyen pa rive m'. |
9 |
ķ (31:10) Gen pitye pou mwen, Seyč, paske mwen anba tray. Figi m' fin rale, mwen kagou. Kō m' ap fin deperi afōs mwen gen lapenn. |
10 |
(31:11) Mwen pase tout lavi m' ap soufri, se tout tan m'ap plenn. Mwen santi m'ap febli paske mwen fč twōp move bagay. Tout zo nan kō m' ap fč m' mal. |
11 |
(31:12) Tout lčnmi m' yo ap pase m' nan rizib. Vwazen m' yo ap pase m' nan betiz. Tout moun ki konnen m' yo pč m'. Lč yo wč m' nan lari, yo kouri pou mwen. |
12 |
(31:13) Tout moun gen tan bliye m', tankou si m' te mouri deja. Mwen tankou yon vye bagay yo voye jete. |
13 |
(31:14) Mwen tande jan anpil moun ap pale m' mal. Kote m' pase mwen pč. Yo mete tčt yo ansanm sou do m', y'ap fč konplo pou yo touye m'. |
14 |
(31:15) Men, Seyč, se nan ou mwen mete tou konfyans mwen. Se ou ki Bondye mwen. |
15 |
(31:16) Lavi m' nan men ou. Delivre m' anba lčnmi m' yo, anba moun k'ap pčsekite m' yo. |
16 |
(31:17) Se sčvi m'ap sčvi ou, tanpri, fč m' santi ou la avčk mwen. Delivre m', paske ou renmen m'. |
17 |
(31:18) M'ap rele ou, Seyč. Pa kite m' pran wont. Se mechan yo ki pou wont. Se pou yo mouri san di krik. |
18 |
(31:19) Se pou yo rete san pale, moun sa yo k'ap bay manti, tout moun sa yo k'ap fč grandizč yo, k'ap fč awogans, k'ap pale mal sou moun k'ap mache dwat devan Bondye yo. |
19 |
ķ (31:20) Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezčv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bčl yo bčl, bagay ou fč devan tout moun, lč w'ap pwoteje moun k'ap chache pwoteksyon anba zčl ou! |
20 |
(31:21) Ou kenbe yo la devan je ou, pou ou ka pwoteje yo anba moun k'ap pčsekite yo. Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang. |
21 |
(31:22) Lwanj pou Seyč a! Ala bčl bagay li fč pou l' moutre jan l' renmen mwen, lč m' te anba tray, lč yo te sčnen m' toupatou a! |
22 |
(31:23) Mwen te pč, mwen t'ap di nan kč m': -Gen lč ou voye m' jete byen lwen ou. Men, ou te tande rčl mwen, lč m' t'ap mande ou sekou. |
23 |
(31:24) Nou tout k'ap sčvi Seyč a, se pou nou renmen l'. Wi, Seyč a pwoteje tout moun ki kenbe fčm nan li. Men, se pa ti pini l'ap pini moun k'ap vante tčt yo. |
24 |
(31:25) Nou tout ki met espwa nou nan Seyč a, pran kouraj, kenbe fčm. |