Haitian Creole Bible

Psalms 49

Psalms

Return to Index

Chapter 50

1

ś Se yon sňm Asaf. Seyč ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latč, depi moun ki rete kote solčy leve jouk moun ki rete kote solčy kouche. Li fč yo tout sanble.

2

Bondye parčt, li klere byen bčl depi Siyon, mňn ki bčl tout bon an.

3

Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fčmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fč dega.

4

Li rele syčl la ak latč a pou sčvi l' temwen. Li pral jije pčp li a.

5

Li di: -Sanble tout moun k'ap sčvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fč kontra avčk mwen lč yo te ofri bčt touye ban mwen.

6

Syčl la va fč konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sčl jij!

7

ś Koute, pčp Izrayčl, pčp mwen! Mwen pral pale avč ou! Mwen pral mete tout bagay aklč avč ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.

8

Se pa pou bčt ou touye pou mwen yo m'ap fč ou repwňch, ni pou bčt ou boule pou mwen yo.

9

Mwen pa mande ou ti towo bčf ki nan sčka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.

10

Paske, tout bčt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bčt ki nan mňn yo, se pou mwen yo ye tou.

11

Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mňn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye.

12

Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tč a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye.

13

Eske m' manje vyann towo bčf? Eske m' bwč san bouk kabrit?

14

Men sa pou ou fč pou Bondye: Di l' mčsi pou tout bagay. Fč tout sa ou te pwomčt fč pou Bondye ki anwo nan syčl la.

15

Lč ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fč lwanj mwen.

16

ś Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kňmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawňl kontra mwen an nan bouch nou?

17

Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kňmandman mwen yo.

18

Lč nou wč yon vňlč, nou fč zanmi avčk li. Nou met tčt nou ansanm ak fanm movčz vi yo.

19

Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.

20

Nou chita, n'ap pale frč nou mal. N'ap bay manti sou frč nou ki menm manman ak nou.

21

Nou fč tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tčt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fč nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklč devan je nou.

22

Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lč sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.

23

Lč yon moun chonje di m' mčsi pou tout bagay, se lč sa a li fč lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.

Psalms 51

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com