| Chapter 74 |
1 |
ś Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nčt konsa? Poukisa ou an kolč konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo? |
2 |
Pa bliye pčp ou te chwazi depi nan tan lontan an, pčp ou te achte pou ou te fč yo tounen moun pa ou! Pa bliye mňn Siyon kote ou te chwazi pou rete a! |
3 |
vin wč sa ki rete apre ravaj la! Lčnmi nou yo fin kraze dčnye bagay nan kay ki apa pou ou a. |
4 |
Moun ki pa vle wč ou yo, yo kanpe nan mitan kote pčp ou konn reyini an, y'ap rele byen fň. Yo wete tou sa ki nan tanp lan, yo mete drapo pa yo. |
5 |
Yo tankou moun k'ap voye kout rach pou koupe pyebwa nan yon gwo rak. |
6 |
Yo kraze bout bčl panno bwa byen travay ki te nan tanp lan, anba kout rach ak kout mato. |
7 |
Yo mete dife nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte kote yo fč sčvis pou ou a, yo kraze l' vide atč. |
8 |
Nan kč yo yo te di: Ann kraze yo tout yon sčl kou! Yo boule tout kote ki te apa pou Bondye nan peyi a! |
9 |
Tout bčl bagay ki te nan tanp lan disparčt. Pa gen pwofčt ankň. Pesonn pa konnen kilč sa va chanje. |
10 |
Bondye, kilč moun k'ap pile nou anba pye yo va sispann joure? Gen lč lčnmi yo p'ap janm gen respč pou non ou? |
11 |
Poukisa ou derefize ede nou? Poukisa ou rete kanpe ap gade, de bra ou kwaze? |
12 |
ś Men, Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan. Ou fč nou genyen anpil batay sou latč. |
13 |
Se avčk pouvwa ou ou te fann lanmč a. Se avč l' ou te kraze tčt gwo bčt lanmč yo. |
14 |
Se ou ki kraze tčt levyatan an, lčfini, ou fč bčt k'ap viv nan dezč a manje l'. |
15 |
Ou te fč sous dlo pete, ou fč larivyč koule. Ou fe gwo larivyč rete konsa yo chčch. |
16 |
Ou fč lajounen, ou fč lannwit. Se ou ki mete lalin lan ak solčy la nan plas yo. |
17 |
Se ou ki fikse limit tč a. Se ou ki fč sezon chalč ak sezon fredi. |
18 |
ś Seyč, pa bliye jan lčnmi ou yo ap pase ou nan rizib. Se yon bann moun san konprann ki pa gen respč pou non ou! |
19 |
Pa lage pčp ou nan men lčnmi l' yo tankou toutrčl devan malfini. Pa bliye moun pa ou yo ki nan mizč nčt. |
20 |
Chonje kontra ou te siyen avčk yo a! Paske, nan tout ti kwen peyi a, nan tout mňn yo se ansasen. |
21 |
Pa kite moun y'ap peze yo wont! Fč pou pňv malere yo ka fč lwanj ou. |
22 |
Leve non, Bondye! Defann kňz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen! |
23 |
Pa bliye jan lčnmi ou yo ap rele byen fň! Pa bliye jan moun ki pa vle wč ou yo ap fč eskandal san rete. |