Haitian Creole Bible

Psalms 118

Psalms

Return to Index

Chapter 119

1

ś Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwňch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyč a!

2

Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l' ak tout kč yo!

3

Moun konsa p'ap fč mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo.

4

ś Ou ban nou lňd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn.

5

Jan m' ta renmen kenbe fčm pou m' toujou fč sa ou mande!

6

Konsa, mwen p'ap janm wont lč m'ap kalkile kňmandman ou yo.

7

ś M'a fč lwanj ou avčk yon konsyans ki pwňp, lč m' aprann tou sa ou deside nan jistis ou.

8

Mwen vle fč tou sa ou mande. Tanpri, pa lage m'.

9

ś Kisa yon jenn gason dwe fč pou l' mennen bak li dwat? Se pou l' toujou mache jan ou di l' mache a.

10

ś Mwen chache obeyi ou ak tout kč mwen. Pa kite m' dezobeyi kňmandman ou yo.

11

ś Mwen sere pawňl ou yo nan kč mwen, pou m' pa fč peche kont ou.

12

ś Mčsi, Bondye. Moutre m' tou sa ou vle m' fč.

13

ś M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki soti nan bouch ou.

14

Mwen pran plezi m' pou m' mache dapre prensip ou yo, tankou si m' te gen tout richčs sou latč.

15

M'ap kalkile sa ou ban nou lňd fč. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou.

16

Mwen pran tout plezi m' nan fč sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawňl ou yo.

17

ś Aji byen avč m', mwen menm k'ap sčvi ou la, pou m' ka viv, pou m' ka fč tou sa ou di m' fč.

18

ś Louvri je m' pou m' ka wč bčl bagay ki nan lalwa ou la.

19

ś Se pase m'ap pase sou tč a. Tanpri, pa anpeche m' konnen kňmandman ou yo.

20

ś Se tout tan kč m' ap bat, tčlman mwen anvi konnen sa ou deside.

21

ś Ou rele dčyč awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kňmandman ou yo.

22

ś Pa kite yo joure m', pa kite yo meprize m', paske mwen te kenbe prensip ou yo.

23

ś Menm si chčf yo chita pou pale m' mal, mwen menm k'ap sčvi ou la, m'ap kalkile sou sa ou vle m' fč a.

24

ś Prensip ou yo fč kč m' kontan. Se yo ki ban m' konsčy sa pou m' fč.

25

ś Mwen kouche atč nan pousyč a! Ban m' lavi ankň, jan ou te pwomčt la.

26

ś Mwen di ou tou sa m' te fč, ou reponn mwen. Tanpri, moutre m' tou sa ou vle m' fč.

27

Fč m' konprann ki jan pou m' swiv lňd ou ban mwen yo. M'a kalkile bčl bagay ou fč yo.

28

ś Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m'. Mete m' sou de pye m' ankň, jan ou te pwomčt la.

29

Pa kite m' lage kň m' nan bay manti. Fč m' favč sa a, moutre mwen lalwa ou.

30

ś Mwen pran desizyon pou m' swiv verite a. M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen.

31

Mwen swiv prensip ou yo pwen pa pwen. Seyč, pa kite m' pran wont.

32

M'ap prese obeyi kňmandman ou yo lč ou louvri lespri mwen.

33

ś Seyč, moutre m' jan pou m' swiv lňd ou yo, pou m' obeyi yo jouk sa kaba.

34

Ban m' lespri pou m' ka obeyi lalwa ou, pou m' fč sa l' mande a ak tout kč mwen.

35

ś Fč m' viv yon jan ki dakň ak kňmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m'.

36

Fč m' pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m' anvi gen lajan.

37

ś Pa kite m' kouri dčyč bagay ki pa vo anyen. Fč m' swiv chemen ou mete devan m' lan.

38

ś Kenbe pwomčs ou te fč sčvitč ou la, pwomčs ou te fč pou moun ki gen krentif pou ou.

39

ś Pa kite yo joure m', mwen pč bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon!

40

ś Ou wč jan m' anvi swiv lňd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m' lavi ankň!

41

ś Fč m' wč jan ou renmen m', Seyč! vin delivre m', jan ou te pwomčt la.

42

Lč sa a, m'a gen repons pou m' bay moun k'ap joure m' yo, paske mwen gen konfyans nan pawňl ou.

43

ś Pa janm wete pawňl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo.

44

M'ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan.

45

ś M'a mache alčz san anyen pa jennen m', paske m'ap toujou chache swiv lňd ou yo.

46

M'a fč wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fč sa.

47

Mwen pran tout plezi m' nan obeyi kňmandman ou yo, paske mwen renmen yo.

48

M'ap respekte kňmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap kalkile sou sa ou vle m' fč a.

49

ś Chonje sa ou te di sčvitč ou la. Se sa ki te ban m' espwa.

50

ś Nan mizč mwen, tout konsolasyon m', se pwomčs ou fč m' lan. Se sa ki fč m' viv.

51

ś Yon bann awogan ap pase m' nan betiz. Mwen pa janm dezobeyi lalwa ou.

52

ś Mwen chonje sa ou te deside nan tan lontan. Seyč, se sa ki ban m' kouraj.

53

ś Sa mete m' ankňlč, lč m' wč jan mechan yo ap dezobeyi lalwa ou.

54

ś Mwen fč chante ak sa ou mande m' fč, nan kay ki pa lakay mwen.

55

ś Lannwit se ou m'ap chonje, Seyč. M'ap fč tou sa lalwa ou la mande m' fč.

56

Pou mwen menm, men ki jan sa ye: se swiv m'ap swiv tout lňd ou yo.

57

ś Seyč, mwen deja di ou sa: pou mwen menm, se kenbe m'ap kenbe pawňl ou yo.

58

ś M'ap mande ou favč sa a ak tout kč m': Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l' la.

59

ś Mwen egzaminen jan m'ap viv la. Mwen chanje pou m' ka mache dapre prensip ou yo.

60

Mwen prese, mwen pa pran reta pou m' obeyi kňmandman ou yo.

61

ś Mechan yo sčnen m' toupatou ak pčlen yo. Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la.

62

ś Nan mitan lannwit mwen leve pou m' di ou mčsi, paske tout jijman ou yo san patipri.

63

ś Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lňd ou yo.

64

ś Seyč, toupatou sou latč tout moun wč jan ou gen bon kč. Moutre m' tou sa ou vle m' fč.

65

ś Ou te aji byen avč m', sčvitč ou la, jan ou te pwomčt la.

66

Moutre m' sa ki byen, louvri lespri m', ban m' konesans, paske mwen gen konfyans nan kňmandman ou yo.

67

ś Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fč sa ki mal. Men koulye a, m'ap fč tou sa ou di m' fč.

68

ś Ou gen bon kč, ou pa fč mechanste. Moutre m' sa ou vle m' fč.

69

ś Yon bann awogan ap fč manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lňd ou yo ak tout kč m'.

70

Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou la.

71

ś Pinisyon an te bon nčt pou mwen! Li fč m' konnen sa ou vle m' fč.

72

ś Lalwa ou ban mwen an gen plis valč pou mwen pase tout richčs ki sou latč.

73

ś Se ou ki te kreye m', se ou ki te fč m' ak men ou. Ban m' lespri pou m' ka aprann kňmandman ou yo.

74

ś Moun ki gen krentif pou ou va fč fčt lč y'a wč m', paske mwen te mete tout espwa m' nan pawňl ou.

75

ś Seyč, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m' paske ou toujou kenbe pawňl ou.

76

ś Jan ou te pwomčt mwen sa, mwen menm sčvitč ou la, konsole m', paske ou renmen m'.

77

Gen pitye pou mwen pou m' ka viv, paske mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou.

78

ś Bann awogan sa yo k'ap fini avč m' san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m'ap kalkile lňd ou ban mwen yo.

79

Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen.

80

ś Se pou m' fč tou sa ou vle m' fč, san manke yonn, pou m' pa janm wont.

81

ś Seyč, kč m' fč m' mal tčlman m'ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawňl ou.

82

Je m' yo fč m' mal tčlman m'ap veye sa ou te pwomčt la. M'ap mande: -Kilč w'a vin konsole m'?

83

ś Mwen tankou yon vye kalbas ki pandye bň dife. Men, mwen pa janm bliye sa ou mande m' fč.

84

ś Konbe jou sčvitč ou la rete pou l' viv ankň? Kilč w'a pini moun k'ap pčsekite m' yo?

85

ś Yon bann awogan fouye twou sou wout mwen, yo p'ap fč sa ou mande nan lalwa a.

86

Tout kňmandman ou yo se bagay ki sčten. Y'ap pčsekite m' san rezon. vin pote m' sekou!

87

Ti moso yo touye m'. Men, mwen menm, mwen pa janm dezobeyi lňd ou yo.

88

ś Paske ou renmen m', ban m' lavi ankň pou m' ka swiv prensip ki soti nan bouch ou.

89

ś Seyč, pawňl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syčl la.

90

Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawňl ou. Ou mete latč nan plas li, l'ap rete fčm.

91

Jouk jounen jňdi a, tout bagay sou latč rete jan ou vle l' la, paske yo tout se sčvitč ou yo ye.

92

ś Si mwen pa t' pran plezi m' nan fč sa ou mande m' fč, atňkonsa mwen ta fin mouri nan mizč mwen.

93

ś Mwen p'ap janm bliye lňd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m' lavi ankň.

94

ś Se moun ou mwen ye. Sove m' non! M'ap toujou swiv lňd ou yo.

95

ś Yon bann mechan ap veye pou yo touye m'. Men mwen menm, m'ap veye pou m' mache dapre prensip ou yo.

96

ś Mwen wč tou sa ki bon sou latč la pou yon ti tan. Men, kňmandman ou yo la pou tout tan.

97

ś Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li.

98

ś Kňmandman ou yo fč m' gen plis konprann pase lčnmi m' yo. Kňmandman ou yo nan kč m' tout tan.

99

Mwen gen plis konprann pase tout pwofesč m' yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo.

100

Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lňd ou yo.

101

ś Mwen veye pou m' pa mete pye m' nan move chemen, pou m' ka fč tou sa ou di m' fč.

102

ś Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay.

103

ś Ala dous pawňl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myčl nan bouch mwen.

104

Lňd ou yo fč m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fč m' bay manti.

105

ś Pawňl ou se yon chandčl ki fč m' wč kote m'ap mete pye m', se yon limyč k'ap klere chemen mwen.

106

ś Mwen fč sčman, epi m'ap kenbe sčman an: M'ap fč tou sa ou deside nan jistis ou.

107

ś Seyč, m'ap soufri anpil anpil. Ban m' lavi ankň jan ou te pwomčt la.

108

ś Seyč, koute lč m'ap lapriyč pou m' di ou mčsi. Fč m' konnen tou sa ou deside.

109

ś Se tout tan lavi m' an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou.

110

Yon bann mechan tann pčlen pou mwen. Men, mwen pa t' dezobeyi lňd ou yo.

111

ś Prensip ou yo se byen m' pou tout tan, se yo ki fč kč m' kontan.

112

Mwen pran desizyon pou m' fč tou sa ou vle m' fč, tout tan jouk mwen mouri.

113

ś Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou.

114

ś Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m' nan pawňl ou.

115

ś Wete kň nou sou mwen, bann mechan, pou m' ka obeyi kňmandman Bondye mwen an.

116

ś Soutni mwen, jan ou te pwomčt la, pou m' ka viv. Pa kite m' pran wont pou m' pa jwenn sa m'ap tann lan.

117

Kenbe m' pou m' ka delivre. M'ap toujou veye pou m' pa janm bliye sa ou vle m' fč.

118

ś Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fč yo p'ap sčvi yo anyen.

119

Ou konsidere mechan ki sou latč tankou fatra. Se poutčt sa mwen renmen prensip ou yo.

120

M'ap tranble nan tout kň m' sitčlman mwen pč ou. Wi, mwen pč jijman ou yo.

121

ś Mwen fč sa ki dwat ak sa ki bon. Tanpri, pa lage m' nan men lčnmi m' yo.

122

Kanpe pou defann sčvitč ou la. Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen.

123

ś Je m' yo fč m' mal tčlman m'ap tann ou vin sove m', jan ou te pwomčt fč m' jistis la.

124

ś Jan ou gen bon kč sa a, aji byen ak sčvitč ou la. Moutre m' sa ou vle m' fč a.

125

Se sčvitč ou mwen ye, louvri lespri m', pou m' ka konnen prensip ou yo.

126

ś Seyč, li lč pou ou fč sa w'ap fč a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou.

127

ś Se poutčt sa, mwen renmen kňmandman ou yo pi plis pase lň, menm pase lň ki pi bon an.

128

Se konsa, pou mwen menm tout lňd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fč m' bay manti.

129

ś Prensip ou yo se mčvčy. M'ap swiv yo ak tout kč m'.

130

ś Esplikasyon nou jwenn nan pawňl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.

131

ś Mwen rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann, tčlman m' anvi konnen kňmandman ou yo.

132

ś Vire gade m' non, gen pitye pou mwen, tankou ou toujou fč l' pou moun ki renmen ou yo!

133

ś Soutni m' avčk pawňl ou pou m' pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen.

134

ś Delivre m' anba men moun k'ap peze m' yo pou m' ka mache dapre lňd ou yo.

135

ś Se sčvi m'ap sčvi ou. Tanpri, fč m' santi ou la avč m'. Moutre m' sa ou vle m' fč.

136

ś Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyč, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.

137

ś Seyč, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan.

138

Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre.

139

ś Tčlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lč m' wč jan moun ki pa vle wč m' yo bliye pawňl ou yo.

140

ś Pawňl ou se pawňl sčten nčt. Sčvitč ou gen tan renmen li.

141

ś Mwen pa anyen, y'ap meprize m'. Men, mwen pa bliye lňd ou bay yo.

142

ś Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite.

143

ś Mwen nan tray, kč m' ap kase. Men, mwen pran tout plezi m' nan fč sa ou mande m' fč.

144

Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m' bon konprann pou m' ka viv.

145

ś M'ap rele nan pye ou ak tout kč mwen. Reponn mwen, Seyč, pou m' ka toujou fč sa ou vle m' fč.

146

M'ap rele ou, sove m' non, pou m' ka mache dapre prensip ou yo!

147

ś Solčy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawňl ou li ye.

148

Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m' kalkile pawňl ou yo.

149

ś Seyč, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kč. Ban m' lavi ankň, jan ou te pwomčt la.

150

ś Moun ki soti pou touye m' yo pwoche bň kote m'. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan.

151

Men, ou toupre m', Seyč. Tout kňmandman ou yo se bagay ki vre.

152

ś Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan.

153

ś Gade nan ki mizč mwen ye. Delivre m' non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou!

154

Defann kňz mwen, delivre m'. Ban m' lavi ankň, jan ou te pwomčt la.

155

ś Mechan yo p'ap janm sove, paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fč.

156

ś Seyč, ou pa manke gen kč sansib! Ban m' lavi ankň, jan ou te deside l' la.

157

ś Mwen gen anpil moun ki pa vle wč m'. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote.

158

ś Lč m'ap gade bann trčt sa yo, sa ban m' degoutans, paske se pa moun k'ap obeyi pawňl ou.

159

ś Gade jan m' renmen lňd ou yo, Seyč! Ban m' lavi ankň, paske ou renmen m'.

160

ś Tou sa ki nan pawňl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.

161

ś Yon bann chčf ap pčsekite m' san rezon, men se pou pawňl ou yo mwen gen krentif.

162

ś Pawňl ou fč kč m' kontan. Se tankou si m' te jwenn yon gwo richčs.

163

ś Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wč sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil.

164

ś Sčt fwa chak jou m'ap di ou mčsi pou jijman ou yo ki san patipri.

165

ś Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kč poze. Pa gen anyen ki pou fč yo bite.

166

ś M'ap tann ou vin delivre m', Seyč. M'ap fč tou sa ou kňmande m' fč.

167

ś M'ap mache dapre prensip ou yo, se pa ti renmen mwen renmen yo.

168

M'ap swiv lňd ou yo, m'ap fč tou sa ou vle m' fč, paske ou konnen tout vire tounen m'.

169

ś Se pou rčl mwen rive jouk nan zňrčy ou, Seyč. Jan ou te pwomčt la, ban m' bon konprann.

170

Se pou lapriyč m' rive nan zňrčy ou. Jan ou te pwomčt la, delivre m'.

171

ś Se pou m' louvri bouch mwen pou m' fč lwanj ou, paske se ou ki moutre m' sa ou vle m' fč.

172

ś Se pou m' chante pou m' fč konnen pawňl ou yo, paske tout kňmandman ou yo dwat.

173

ś Se pou ou vin ede m' ak fňs ponyčt ou, paske mwen pran desizyon pou m' swiv lňd ou yo!

174

Ou wč jan m'ap tann ou vin sove m'! Mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa ou.

175

ś Ban m' lavi pou m' fč lwanj ou, pou ou ka vin ede m', jan ou te deside l' la.

176

ś Mwen tankou yon mouton ki pčdi bann li. Tanpri, vin chache m', paske mwen pa janm bliye kňmandman ou yo.

Psalms 120

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com