Haitian Creole Bible

Psalms 144

Psalms

Return to Index

Chapter 145

1

ś Se yon chante David te ekri pou fč lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m'a fč konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mčsi tout tan tout tan.

2

Chak jou m'ap di ou mčsi. M'ap fč lwanj ou tout tan tout tan.

3

Seyč a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fč lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!

4

Papa va fč lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fč. Y'a rakonte tout bčl bagay ou fč yo.

5

M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fňs. M'a fč konnen bčl mčvčy ou yo.

6

Y'a di jan ou gen pouvwa kifč moun respekte ou. M'a rakonte jan ou gen fňs.

7

Y'a fč tout moun chonje jan ou gen bon kč. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.

8

Seyč a gen pitye pou nou. Li gen bon kč. Li pa fasil fč kňlč. Li p'ap janm sispann renmen nou!

9

Seyč a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fč.

10

ś Seyč, tou sa ou fč ap fč lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mčsi!

11

Y'a di jan ou gouvčnen avčk otorite. Y'a fč konnen jan ou gen pouvwa,

12

pou tout moun ka konnen jan ou gen fňs, jan ou gouvčnen avčk otorite.

13

Gouvčnman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyč a ap toujou kenbe pawňl li yo, Li bon nan tou sa li fč.

14

L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj.

15

Seyč, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lč yo bezwen manje.

16

Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bčt, ni plant tou sa yo bezwen.

17

Seyč a san patipri nan tou sa l'ap fč. Li gen kč sansib nan tou sa l'ap fč.

18

Seyč a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kč yo.

19

L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lč y'ap rele l', l'ap delivre yo.

20

L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo.

21

M'a fč lwanj Seyč a ak bouch mwen. Se pou tout moun fč lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fč l' tout tan tout tan.

Psalms 146

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com