Haitian Creole Bible

Isaiah 20

Isaiah

Return to Index

Chapter 21

1

ś Men mesaj Bondye bay sou plenn bň lanmč a, nan peyi Babilňn: -Tankou yon van siklňn k'ap bale dezč Negčv la, yon gwo malč pral soti nan peyi san manman yo.

2

Mwen fč yon vizyon, mwen wč bagay ki pou bay gwo lapenn lan. Mwen wč moun k'ap trayi, moun k'ap kraze brize! Nou menm lame peyi Elam lan, moute al atake! Nou menm sňlda peyi Medi yo, al sčnen lavil li yo! Bondye pral fč moun k'ap soufri anba peyi Babilňn lan sispann plenn.

3

Se poutčt sa, tout zantray mwen ap bouyi! Mwen gen yon sčl doulč anba vant tankou yon fanm ki prčt pou akouche. M'ap tňde. Mwen rete vant ba: mwen pa wč anyen, mwen pa tande anyen.

4

Tčt mwen ap vire. M'ap tranble tčlman mwen pč. Mwen t'ap tann solčy la kouche. Men, lč aswč rive, se te pi mal.

5

Nan vizyon an, mwen wč yon tab byen ranje, yo louvri tapi atč pou envite yo chita. Y'ap manje, y'ap bwč. Yon moman, yo bay yon lňd: Kanpe, chčf lame yo! Pare zam nou pou defann nou!

6

Apre sa, Seyč a di m' konsa: -Ale non! Mete yon gad veye! W'a di l' pou l' fč ou konnen tou sa la wč.

7

Si l' wč kavalye k'ap vini sou chwal yo, de pa de ak yon pati moun sou bourik, yon lňt pati sou chamo, se pou l' louvri je l' gade byen.

8

Gad la rele byen fň: -Mčt, m'ap rete kanpe la nan pňs mwen tout lajounen. Mwen p'ap deplase kote m' ye a. M'ap veye tout lannwit.

9

Lč sa a, yon lame kavalye parčt. Y'ap mache vini de pa de. Gad la bay nouvčl la. Li di: Lavil Babilňn tonbe! Wi, li tonbe! Tout estati zidňl yo tonbe plat atč, yo kraze!

10

Nou menm, pčp mwen an, mwen te fwote nou anba pye m' tankou moun fwote diri sou glasi. Men, koulye a m'ap fč nou konnen bon nouvčl mwen te tande a. Se Seyč ki gen tout pouvwa a, Bondye pčp Izrayčl la, ki te fč m' konn sa.

11

ś Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Edon yo: -Yon moun rete peyi Seyi, l'ap rele m'. Li di m': Ey, gad! Kilč li ye? Konbe tan ankň pou nwit lan bout? Konbe tan ankň anvan solčy leve?

12

Mwen reponn: -Bajou prčt pou kase. Men apre sa, se va lannwit ankň. Si nou vle mande sa ankň, tounen vin mande.

13

ś Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Arabi yo: -Nou menm moun peyi Dedan, se nan mitan raje ki nan savann Arabi a nou pral moute kan nou pase nwit!

14

Al kontre moun ki swaf dlo yo pou ba yo bwč. Moun peyi Tema yo al kontre moun k'ap kouri sove yo, yo pote manje ba yo.

15

Moun yo pran kouri pou yo chape anba nepe sňlda ki te soti pou touye yo, anba flčch ki te tou pare pou pčse yo, anba gwo danje ki te gen nan batay la.

16

Lč sa a, Seyč a di m' konsa: -Nan yon lanne, jou pou jou, tankou moun k'ap travay pou lajan kalkile lč travay yo, p'ap rete anyen nan tout bčl pouvwa peyi Keda a!

17

Ou tande jan nan peyi sa a gen anpil vanyan sňlda ki konn tire banza byen? Enben! Se de twa ase ki va rete. Se mwen menm, Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, ki di sa.

Isaiah 22

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com