Haitian Creole Bible

Isaiah 40

Isaiah

Return to Index

Chapter 41

1

ś Nou menm moun zile yo, pe bouch nou! Koute sa m'ap di nou! Mete gason sou nou! Pwoche vin defann kňz nou! Annou plede pou n' wč kilčs ki gen rezon!

2

Kilčs ki te fč chčf la soti bň solčy leve, ki te fč l' genyen nan tout batay kote l' pase? Kilčs ki te lage tout nasyon yo nan men l', ki soumčt tout wa yo devan l'? Avčk nepe li, li kraze yo fč yo tounen pousyč. Avčk flčch li yo, li fč yo kouri tankou pay van ap gaye.

3

L'ap fann nan siyay yo, l'ap kouri san li pa pč anyen. Pye l' pa menm touche tč.

4

Se travay ki moun sa? Kilčs ki lakňz tout bagay sa yo rive? Ki moun ki depi nan kňmansman ap rele lčzňm, pitit an pitit, pou yo fč travay li sou latč? Se mwen menm, Seyč a, ki la anvan yo tout. Se mwen menm k'ap toujou la apre yo tout.

5

Moun zile yo wč sa, yo pč. Moun nan dčnye bout latč pran tranble, yo pwoche, yo vini.

6

Yonn ap ede lňt. Yonn ap di lňt: Pran kouraj!

7

Bňs atizan k'ap fč estati a ap ankouraje ňfčv la. Moun k'ap fin bay estati a fňm ak ti kout mato l' yo ap ankouraje bňs fňjon an. Yon lňt di: Soudi a bon! Yo kloure zidňl la nan plas li pou li pa tonbe.

8

Men, nou menm pčp Izrayčl, sčvitč m' yo! nou se pitit pitit Jakňb, moun mwen te chwazi a! Nou se moun ras Abraram, zanmi mwen an!

9

Mwen pran nou nan dčnye bout latč, mwen rele nou soti byen lwen. Mwen di nou: Se sčvitč m' nou ye! Se chwazi mwen te chwazi nou, mwen pa voye nou jete.

10

ś Nou pa bezwen pč. Mwen la avčk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kč sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fňs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fňs ponyčt mwen ki pa janm pčdi batay.

11

Tout moun ki te fache sou nou yo pral wont, yo pral bese tčt yo. Moun ki t'ap chache nou kont yo pral disparčt, yo pral mouri.

12

Moun ki t'ap fč nou lagč yo, n'a chache yo, nou p'ap wč yo. Moun ki t'ap goumen ak nou yo pral disparčt, yo p'ap la ankň!

13

Se mwen menm, Seyč a, ki Bondye nou! M'ap pran men nou, m'ap di nou: Nou pa bezwen pč. M'ap ede nou!

14

Nou menm fanmi Jakňb yo, moun Izrayčl yo, nou te mčt piti tankou yon včtč, fčb tankou yon cheni, nou pa bezwen pč. Se mwen menm k'ap ede nou, mwen menm, Bondye pčp Izrayčl la, ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou. Se Seyč a menm ki di sa!

15

M'ap fč nou tounen yon machin pou raboure tč, yon machin tou nčf avčk dan byen file. Nou pral raboure mňn yo, nou pral kraze yo. Nou pral fč ti bit mňn yo tounen pousyč.

16

Nou pral vannen yo, van ap bwote yo ale. Van tanpčt ap gaye yo toupatou. Men, nou pral fč fčt pou Seyč a. Nou pral kontan Bondye pčp Izrayčl la ki yon Bondye apa.

17

Lč malere yo ak pňv yo ap chache dlo pou yo bwč epi yo pa ka jwenn, lč gňj yo va chčch nčt sitčlman y'a swaf dlo, mwen menm, Seyč a, m'a ba yo sa yo lapriyč mande m' lan. Mwen menm, Bondye pčp Izrayčl la, mwen p'ap lage yo.

18

M'a fč gwo dlo larivyč koule sou tout tč sčk kote ki pa t' gen menm yon ti pyebwa. M'a fč sous dlo pete nan fon yo. M'ap fč dezč a tounen lagon dlo. Sous dlo pral pete nan tout tč sčk yo.

19

M'ap fč pye zakasya ak pye sčd pouse nan tout dezč a, ansanm ak pye jasmen ak pye oliv mawon. Nan tč savann lan, m'ap mete pye pichpen, pye bwadňm ak pye sčd.

20

Lč moun va wč sa, y'a konnen pou yo pran tčt yo, pou yo manyč konprann se Seyč a ki fč bagay sa yo ak men l', se travay Bondye pčp Izrayčl la, Bondye ki apa a.

21

ś Seyč a, wa pčp Izrayčl la, di: -Nou menm, bondye lňt nasyon yo, vin plede kňz nou! Vin di sa nou gen pou n' di pou defans nou!

22

Pwoche non! Vin di sa ki gen pou rive! Kisa nou te di k'ap rive ki rive vre? Di nou ki jan sa pral pase pou n' ka pran prekosyon nou! Fč nou konnen sa ki gen pou rive pou n' ka rekončt sa lč l'a rive vre!

23

Di nou kisa ki gen pou rive pita. Lč sa a, n'a konnen se bondye nou ye vre! Fč kichňy non, li te mčt bon, li te mčt pa bon, pou n' ka wč l', pou nou ka egzaminen l' ansanm!

24

Men, gade! Se pa anyen nou ye! Tou sa n'ap fč yo pa vo anyen menm! Se yon avilisman pou moun ki pran nou pou bondye yo!

25

Se mwen menm ki chwazi yon nonm soti bň solčy leve. Se mwen menm ki fč l' desann soti nan nň vin atake. Li kraze tout chčf yo tankou labou anba pye l', menm jan moun k'ap fč krich kraze tč pou l' travay.

26

Anvan sa te rive, kilčs nan nou ki te di sa pou n' te ka konnen? Ki moun ki te di davans sa tapral rive konsa, pou n' te ka di se vre? Non. Pesonn pa t' di anyen sou sa. Pyčs moun pa janm tande nou di yon mo sou sa.

27

Se mwen menm premye moun ki bay moun Siyon yo nouvčl men l'ap vini! Se mwen menm ki voye yon moun al pote bon nouvčl la bay lavil Jerizalčm.

28

Lč mwen gade nan tout bondye nou yo, mwen pa wč yonn ki te gen anyen pou l' te di. Pa t' gen yonn ki ta kapab reponn mwen si m' ta mande l' anyen.

29

Tout bondye sa yo pa vo anyen. Yo pa kapab fč anyen menm. Estati zidňl yo, se van. Yo pa vo anyen.

Isaiah 42

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com