Haitian Creole Bible

Jeremiah 46

Jeremiah

Return to Index

Chapter 47

1

ś Men mesaj Seyč a te bay pwofčt Jeremi sou peyi Filisti a, anvan farawon an t' al atake Gaza.

2

Seyč a di konsa: -Gade! Bň nan nň, dlo yo ap gonfle, y'ap fč yon gwo lavalas k'ap desann, y'ap anvayi peyi a, y'ap kouvri tou sa ki ladan l'. Y'ap anvayi lavil yo ak tout moun ladan yo. Moun ap rele, y'ap plenn. Tout moun nan peyi a nan gwo lapenn.

3

Lč y'a tande bri zago chwal yo ap frape tč a, bri cha lagč yo k'ap kouri vini ak bri wou yo k'ap woule atč a, papa p'ap ka fč anyen pou pitit yo, tčlman y'a dekouraje.

4

Lč a rive pou yo ravaje tout peyi Filisti a nčt, pou yo disparčt tout rčs moun ki t'ap bay lavil Tir ak lavil Sidon konkou. Se mwen menm Seyč a k'ap detwi tout moun Filisti yo, tout moun ki soti nan lil Krčt la.

5

Moun Gaza yo nan gwo lapenn, yo kale tčt yo. Moun Askalon yo pa ka pale. Kilč rčs moun nan fon Filisti a va sispann kňche kň yo ak kouto pou plenn sň mň yo?

6

Adye! Kilč nepe Seyč a va sispann touye moun? Tounen nan djenn ou! Rete tou dousman, poze kň ou la!

7

Men, ki jan pou li fč poze lč Seyč a ba li lňd travay? Li gen pou l' ale jouk lavil Askalon dčyč moun ki rete bň lanmč a. Se la mwen voye l' ale.

Jeremiah 48

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com