| Chapter 5 |
1 |
ķ Seyč, gade sa ki te rive nou non! Voye je gade nou. Wč nan ki mizč nou ye! |
2 |
Peyi nou an nan men moun lōt nasyon! Yo pran kay nou pou yo. |
3 |
Nou se timoun san papa. Manman nou tankou fanm ki pčdi mari yo. |
4 |
Se achte pou n' achte dlo pou nou bwč. Si nou pa gen lajan, nou pa jwenn bwa pou nou boule. |
5 |
N'ap travay di tankou bourik, tankou bčf kabwa. Nou bouke, nou pa ka pran kanpo. |
6 |
Pou nou ka jwenn manje pou nou manje nou blije ap lonje men bay peyi Lejip ak peyi Lasiri. |
7 |
Zansčt nou yo fč peche. Yo pa la ankō! Se nou menm k'ap peye pou sa yo te fč. |
8 |
Moun k'ap gouvčnen nou yo se esklav yo ye. Pesonn pa ka delivre nou anba men yo. |
9 |
Se gwo danje lč nou soti al dčyč manje. Ansasen toupatou nan peyi a. |
10 |
Grangou ban nou lafyčb. Kō nou cho kou dife. |
11 |
Yo fč kadejak sou madanm nou sou mōn Siyon an. Nan tout ti bouk peyi Jida yo yo kenbe pitit fi nou yo. |
12 |
Yo pran chčf nou yo, yo pann yo. Yo derespekte granmoun nou yo. |
13 |
Yo fōse jenn gason nou yo rale moulen. Ti gason nou yo ap titibe anba gwo chay bwa. |
14 |
Granmoun yo pa chita nan pōtay lavil la ankō. Jennmoun nou yo pa chante ankō. |
15 |
Pa gen kč kontan lakay nou. Nou pa danse ankō! Lapenn plen kč nou! |
16 |
Tou sa ki te konn ban nou kč kontan disparčt. Nou te peche, malč tonbe sou nou. |
17 |
ķ Nou malad nan fon kč nou, nou pa ka wč tčlman n'ap kriye, |
18 |
paske mōn Siyon an tounen savann. Se bčt nan bwa ase ki rete la. |
19 |
Men ou menm, Seyč, ou wa pou tou tan. W'ap gouvčnen jouk sa kaba. |
20 |
Poukisa ou lage nou pou tout tan sa a? Gen lč ou p'ap janm chonje nou ankō! |
21 |
Seyč, fč nou tounen vin jwenn ou non! Fč nou tounen vin jwenn ou! Fč nou viv jan nou te konn viv nan tan lontan an non! |
22 |
Eske ou voye nou jete pou tout bon? Pou di ou p'ap janm sispann fache sou nou? |