| Chapter 1 |
1 |
ś Mesaj pwofčt Abdyas sou peyi Edon. Men mesaj Seyč a te ban mwen: Nou te tande mesaj Seyč a te bay la. Li te voye mesaj li a nan tout nasyon yo pou di yo: Annavan! Leve non! Ann mache pran Edon! Ann al goumen avč l'! |
2 |
Men sa Seyč a di moun peyi Edon yo: Mwen pral fč peyi nou an vin tou fčb nan mitan lňt nasyon yo. Tout moun pral meprize nou nčt! |
3 |
Se awogans nou ki fč nou pčdi tčt nou. Nou bati kapital nou sou tčt gwo wňch yo. Nou moute kay nou byen wo nan mňn yo. Epi n'ap di nan kč nou: Ki moun ki ka fč nou desann la a! |
4 |
Nou te mčt bati kay nou byen wo tankou nich malfini, nou te mčt mete nich nou byen wo tankou si li te nan mitan zetwal yo, m'ap voye nou jete anba, m'ap fč nou desann. Se Seyč a menm ki di sa. |
5 |
Lč vňlň antre lakay moun lannwit pou piye, yo annik pran sa yo bezwen. Lč moun ap ranmase rekňt rezen, yo toujou kite dčyč pou moun k'ap vin grapiye yo. Men, gade jan lčnmi ravaje nou nčt ale non! |
6 |
Yo fouye toupatou nan peyi Ezaou a. Yo pran tout trezň nou te kache yo. |
7 |
Tout moun ki te mete tčt ansanm avč nou yo woule nou byen woule. Yo mete nou deyň nan pwňp peyi nou an. Moun ki te pi bon zanmi nou yo twonpe nou byen twonpe. Moun ki te konn manje sou tab ansanm ak nou pare pčlen pou nou. Nou menm, nou pa menm wč sa! |
8 |
Seyč a di konsa: -Jou m'ap pini moun Edon yo, m'ap disparčt tout moun ki gen bon konprann nan peyi a, tout moun lespri ki rete sou mňn Ezaou a. |
9 |
Sňlda lavil Teman yo pral tranble nan kanson yo. Yo pral masakre tout gason peyi Edon ki konn goumen. |
10 |
ś Paske nou te masakre pitit pitit Jakňb yo, kouzen nou yo, paske nou te fč yo anpil mechanste, yo pral fč nou wont, yo pral disparčt nou nčt. |
11 |
Nou te rete kanpe la ap gade, lč moun lňt nasyon yo t'ap piye tout richčs yo. Nou pa t' pi bon pase etranje yo ki te defonse pňtay yo lč sa a, ki te separe bay chak moun tout richčs lavil Jerizalčm yo. Nou menm tou, nou te fč menm bagay la. |
12 |
Nou pa t' dwe kontan wč kouzen nou yo nan malč. Nou pa t' dwe kontan wč y'ap fini ak moun fanmi Jida yo. Nou pa t' dwe pase yo nan rizib, lč yo te nan tray. |
13 |
Nou pa t' dwe janbe pňtay lavil pčp mwen an pou nou te antre ladan l', jou malč te tonbe sou yo a. Nou pa t' dwe kontan wč jan y'ap soufri, jou malč te tonbe sou yo a. Nou pa t' dwe mete men nou sou byen yo, jou malč te tonbe sou yo a. |
14 |
Nou pa t' dwe kanpe nan kalfou yo pou nou touye sa ki t'ap chache chape kň yo. Nou pa t' dwe lage sa ki pa t' mouri yo nan men lčnmi yo, jou malč te tonbe sou yo a. |
15 |
Jou a pa lwen rive, kote mwen menm, Seyč a, mwen pral jije tout nasyon yo. Nou menm moun peyi Edon, sa nou te fč a, se sa yo pral fč nou tou. Yo pral fč nou sibi tou sa nou te fč lňt yo sibi. |
16 |
Pčp mwen an pase pa l' anba men mwen sou mňn ki apa pou mwen an. Konsa tou, tout nasyon yo pral pran pa yo san rete. Yo pral pran jouk yo p'ap kapab ankň. Yo pral disparčt tankou si yo pa t' janm la. |
17 |
ś Men, sou mňn Siyon an, kčk moun pral sove. Se yon kote ki pral apa nčt pou mwen. Moun fanmi Jakňb yo pral reprann tout peyi lčnmi te wete nan men yo. |
18 |
Moun fanmi Jakňb yo pral tankou dife. Pitit pitit Jozčf yo pral tankou yon flanm dife. Yo pral detwi pitit Ezaou yo nčt tankou dife nan zčb chčch. Pesonn nan fanmi Ezaou a p'ap chape. Se mwen menm, Seyč a, ki di sa. |
19 |
Moun pčp Izrayčl ki rete nan zňn Negčv la pral pran mňn Ezaou a pou yo. Moun pčp Izrayčl ki rete nan plenn ki nan pye mňn Jida yo pral pran peyi moun Filisti yo nan men yo. Moun pčp Izrayčl yo pral pran peyi Efrayim ak peyi Samari pou yo. Moun Benjamen yo pral pran peyi Galarad la pou yo. |
20 |
Nan moun yo te depňte yo, sňlda ki moun nan nň peyi Izrayčl la va pran peyi Kanaran an pou yo, rive lavil Sarepta. Men, moun lavil Jerizalčm yo te depňte nan peyi Sefara a va pran tout lavil Negčv yo pou yo. |
21 |
Yo tout, y'a moute sou mňn Siyon an pou delivre l'. Se yo ki va gouvčnen tout mňn Ezaou a. Lč sa a, se Seyč a menm ki va sčl wa. |