Haitian Creole Bible

Micah 3

Micah

Return to Index

Chapter 4

1

ķ Yon tan gen pou rive! Lč sa a, mōn kote tanp lan ye a va pi wo pase tout lōt mōn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mōn yo. Moun va soti an kantite toupatou vin sou li.

2

Anpil moun lōt nasyon va vini, y'a di: Ann ale sou mōn Seyč a! Ann ale nan tanp Bondye pčp Izrayčl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa, n'a mache nan chemen l'a mete devan nou an. Paske, Seyč a rete sou mōn Siyon an, l'ap bay lōd li. Seyč a rete lavil Jerizalčm, l'ap pale ak pčp li a.

3

L'ap regle kont nasyon yo gen yonn ak lōt, l'ap sčvi jij pou gwo peyi ki byen lwen. Y'ap pran mato, y'ap fč zam yo tounen zouti pou travay tč. Y'ap fč nepe yo tounen sčpčt. Nasyon yo p'ap fč lagč yonn ak lōt ankō. Yo p'ap janm aprann fč lagč ankō.

4

Tout moun va viv ak kč poze anba tončl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pesonn p'ap chache yo kont. Sa se pawōl ki soti nan bouch Seyč a!

5

Chak nasyon ap viv dapre lōd bondye pa yo ba yo. Men nou menm, n'ap viv dapre lōd Seyč a, Bondye nou an, pou tout tan tout tan.

6

Seyč a di: Yon tan ap vini. Lč sa a, m'a aji avčk pčp mwen an tankou yon gadō. M' aval chache moun ki t'ap bwete yo. M'a ranmase moun yo te chase byen lwen yo, moun mwen te pini yo.

7

Avčk sa ki t'ap bwete yo, m'a mete peyi a kanpe ankō. M'a fč moun yo te depōte yo tounen yon gwo nasyon. Mwen menm, Seyč a, m'a gouvčnen yo sou tčt mōn Siyon an, depi jou sa a jouk sa kaba.

8

ķ Ou menm, lavil Jerizalčm kote Bondye rete pou l' veye bann mouton l' yo, ou menm, ti mōn Ofčl kote moun Siyon yo rete a, ou gen pou tounen kapital peyi a ankō kote wa moun Jerizalčm yo ye a, jan sa te ye nan tan lontan an.

9

Koulye a, poukisa w'ap rele fō konsa? Se paske ou pčdi wa ou la? Poukisa w'ap plenn konsa tankou yon fanm ki gen tranche? Se paske moun ki te konn ba ou konsčy la mouri?

10

Tōde kō nou, nou menm moun lavil Jerizalčm! Plenn tankou fanm ki sou choukčt! Paske, koulye a nou pral soti kite lavil la, nou pral rete nan bwa. N'a rive jouk lavil Babilōn. Men, antan nou la, y'a vin delivre nou. Seyč a ap vin wete nou nan men lčnmi nou yo.

11

Anpil nasyon ap reyini pou atake nou. Y'ap di konsa: Se pou yo avili lavil Jerizalčm. Se pou nou wč lavil Siyon an kraze nčt.

12

Men, moun sa yo pa konnen lide Bondye gen nan tčt li. Yo pa konprann plan travay li. Li te sanble yo pou l' ka pini yo tankou lč yo sanble pwa sou glasi anvan yo bat yo.

13

Seyč a di: Nou menm moun lavil Siyon, leve non! Foule lčnmi nou yo anba pye nou! M'ap ban nou fōs, n'ap tankou towo bčf ki gen kōn ak zago fč. N'ap kraze anpil nasyon an miyčt moso. N'a pran tou sa yo genyen ansanm ak tout richčs yo, n'a ofri yo ban mwen, mwen menm Seyč a, ki mčt tout latč.

Micah 5

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com