Haitian Creole Bible

Habakkuk 1

Habakkuk

Return to Index

Chapter 2

1

ś Mwen moute sou fň a pou m' veye. Mwen kanpe sou tčt miray ranpa a, m'ap tann pou m' wč sa Seyč a pral di m', ki repons li pral ban mwen apre tout plenyen mwen plenyen ba li a.

2

Men repons Seyč a ban mwen. Li di m' konsa: -Ekri sa mwen pral fč ou wč a. Grave l' byen grave sou wňch plat pou moun ka li l' fasil.

3

Ekri l' paske se poko lč pou sa m' pral fč ou wč a rive. Men, li p'ap pran lontan ankň pou l' rive. Li gen pou l' rive vre. Si li pran reta pou l' rive, ou mčt tann. Paske, wč pa wč, li gen pou l' rive lč pou l' rive a.

4

Men mesaj la: Moun ki pa mache dwat devan Bondye p'ap chape. Men moun ki mache dwat yo va viv paske yo te kenbe konfyans fčm yo nan Bondye.

5

ś Richčs fč moun pčdi tčt yo pi mal pase bweson. Moun ki gen lňgčy pa ka rete trankil. Tankou simityč, yo pa janm gen ase. Tankou kote mň yo ye a, yo pa janm gen kont yo. Yo mache pran tout nasyon yo pou yo. Yo mete tout pčp yo anba ponyčt yo.

6

Men, tout pčp sa yo pral pase yo nan betiz, yo pral rele chalbari dčyč yo, yo pral bay istwa sou yo. Yo pral di: Madichon pou moun k'ap plede pran sa ki pa pou yo! Kilč y'a sispann fč sa? Madichon pou moun k'ap bay ponya epi k'ap fč moun peye gwo enterč mete sou li!

7

Talč konsa, se nou ki pral nan pran ponya. Moun nou dwe yo pral leve dčyč nou. Yo pral piye tou sa nou genyen.

8

Nou te piye anpil nasyon. Koulye a rčs moun ki te chape yo pral piye tou sa nou genyen paske nou te touye anpil moun, nou te fč peyi yo, lavil yo ansanm ak moun ki te rete ladan yo pase anpil mati anba men nou.

9

Madichon pou moun k'ap vňlň pou fč fanmi yo rich, k'ap bati kay sou mňn pou malč pa rive yo!

10

Se wont nou fč fanmi nou yo wont. Lč nou detwi anpil nasyon konsa, se pwňp tčt nou nou fč mal.

11

Ata wňch ki nan miray yo ap denonse nou. Poto travčs kay yo ap fč menm bagay la tou.

12

Madichon pou moun k'ap touye moun, k'ap fč lenjistis pou bati lavil yo!

13

Travay pčp yo ap fč a pral boule nan dife. Se pou gremesi nasyon yo ap fatige kň yo travay di. Se Seyč a menm k'ap fč sa rive konsa.

14

Menm jan lanmč a plen dlo, se konsa toupatou sou latč moun pral konnen pouvwa Bondye a.

15

ś Madichon pou moun k'ap fč moun parčy yo bwč pou avili yo. Yo vide bweson ba yo jouk yo sou. Yo mete yo toutouni devan tout moun.

16

Moun p'ap fč lwanj pou yo. Okontrč, yo pral trennen yo nan labou. Se yo menm ki pral bwč pou yo sou jouk y'a mete yo toutouni devan tout moun tou. Seyč a nan kňlč li pral fč yo bwč gode chatiman li pare pou yo a. Yo t'ap chache lwanj? Se wont y'a wont pito.

17

Yo te koupe tout gwo rakbwa peyi Liban an. Koulye a, se yo yo pral koupe voye jete. Yo te touye tout bčt li yo. Koulye a, bčt li yo pral fč yo kouri al kache. Tou sa pral rive yo paske yo te touye anpil moun, yo te fč peyi yo, lavil yo ansanm ak moun ladan yo pase anpil mati anba men yo.

18

Kisa yon estati an bwa ka fč pou nou, pou nou fč moun travay fč li pou nou? Kisa yon estati fčt ak metal yo fonn ka fč pou nou? Se manti ase l'ap ban nou. Sa sa ap rapňte nou lč nou fč zidňl ki pa ka pale pou nou mete konfyans nou nan yo?

19

Madichon pou moun k'ap pale ak yon bout bwa, epi k'ap di l': Leve non! Madichon pou moun k'ap pale ak yon moso wňch ki pa gen lapawňl, epi k'ap di l': Kanpe non! Eske bout bwa ak moso rňch ka di ou anyen? Ou kouvri yo avčk plak lň ak plak ajan, se vre. Men yo pa gen lavi.

20

Seyč a kanpe nan kay ki apa pou li a. Se pou tout moun sou latč pe bouch devan li.

Habakkuk 3

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com