| Chapter 1 |
1 |
ś Nan dezyčm lanne rčy wa Dariyis nan peyi Pčs la, premye jou nan sizyčm mwa a, Seyč a te bay pwofčt Aje yon mesaj pou Zowobabčl, pitit gason Chealtyčl la, ki te gouvčnč peyi Jida ansanm ak pou Jozye, pitit gason Jozadak la, ki te granprčt lč sa a. Men mesaj la: |
2 |
-Seyč ki gen tout pouvwa a pale. Men sa li di: Moun yo ap plede di se poko lč pou yo bati kay Seyč a! |
3 |
Se poutčt sa, men mesaj Seyč a te bay pwofčt Aje pou pčp la. |
4 |
Ki jan nou fč pa wont rete nan gwo kay nou byen alčz, epi nou kite kay Bondye a tou kraze? |
5 |
Bon. Koulye a, men sa Seyč ki gen tout pouvwa a di: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a. |
6 |
Nou simen anpil grenn nan jaden nou, men nou rekňlte ti kras. Nou manje, men vant nou pa plen. Nou bwč diven, men kč nou pa kontan. Nou gen rad pou mete sou nou, men fredi ap kale nou toujou. Travayč yo touche lajan, men sa pa ka bouche yon twou dan. |
7 |
Wi! Men sa Seyč ki gen tout pouvwa a di nou: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a! |
8 |
Lčfini, ale nan mňn yo. Koupe bwa pote vini. Rebati kay mwen an. Sa va fč m' plezi, se va yon lwanj pou mwen. Se Seyč a ki di sa. |
9 |
Nou te kwč nou t'ap fč bčl rekňt. Men, rekňt la mčg. Nou ranmase l' mete nan depo, mwen fč l' gate. Poukisa mwen fč sa? Se Seyč ki gen tout pouvwa k'ap pale wi. Se paske nou kite tanp mwen an ap kraze epi tout moun ap prese bati kay pa yo. |
10 |
Se poutčt sa, lapli pa tonbe, anyen pa pouse. |
11 |
Mwen lage yon sčl chechrčs nan peyi a, sou mňn yo, sou jaden ble yo, sou jaden rezen yo ak jaden oliv yo, sou tou sa k'ap pouse sou latč, sou moun, sou bčt, sou tout sa nou plante. |
12 |
ś Lč sa a, Zowobabčl, pitit Chealtyčl la, Jozye, granprčt la, pitit Jozadak la, ansanm ak tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depňte yo a, yo koute sa Seyč a, Bondye yo a, te di yo, dapre mesaj Seyč a te bay pwofčt Aje pou yo a. Yo te vin gen krentif pou Seyč a. |
13 |
Epi, Aje, mesaje Seyč a, bay pčp la yon lňt mesaj Seyč a te ba li. Li di yo: -Seyč a fč nou konnen li la avčk nou. |
14 |
Seyč a mete nan tčt tout moun lanvi pou yo travay nan tanp Bondye yo a, depi Zowobabčl, pitit gason Chealtyčl la, gouvčnč peyi Jida a, Jozye, granprčt la, pitit gason Jozadak la, jouk dčnye moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depňte yo a. Yo konmanse travay nan tanp Seyč ki gen tout pouvwa a, Bondye yo a, |
15 |
jou ki te make vennkatriyčm jou nan sizyčm mwa nan dezyčm lanne rčy wa Dariyis la. |