Haitian Creole Bible

Zechariah 5

Zechariah

Return to Index

Chapter 6

1

ś Mwen fč yon lňt vizyon ankň, mwen leve je m' gade. Mwen wč kat cha lagč ki t'ap soti nan fant de mňn fčt an kwiv.

2

Premye cha a te gen chwal wouj ki t'ap rale l'. Dezyčm cha a te gen chwal nwa ki t'ap rale l'.

3

Twazyčm cha a te gen chwal blan ki t'ap rale l'. Katriyčm cha a te gen chwal takte wouj ki t'ap rale l'.

4

Mwen pran lapawňl, mwen mande zanj ki t'ap pale avč m' lan: -Sa sa yo ye, mčt?

5

Zanj lan reponn mwen: -Se kat van ki fčk soti devan Mčt tout latč a.

6

Cha chwal nwa yo t'ap rale a pran direksyon peyi ki sou bň nň a. Cha chwal blan yo t'ap rale a pran menm direksyon an. Cha chwal takte wouj yo t'ap rale a pran direksyon peyi ki sou bň sid la.

7

Lč chwal takte wouj yo parčt, yo t'ap pyafe, yo pa t' ka tann ankň pou y' al toupatou sou latč. Zanj lan di yo: -Ale toupatou sou latč! Yo kouri ale toupatou sou latč.

8

Lčfini, zanj lan rele m', li di m' konsa: -Chwal ou wč ki pran direksyon peyi ki sou bň nň a fč kňlč Seyč a tonbe.

9

ś Seyč a pale avč m' ankň. Li di m' konsa:

10

-W'a pran ofrann moun ki soti nan peyi kote yo te depňte yo a: Eldayi, Tobija ak Jedaya. W'a ale lakay Jozyas, pitit gason Sofoni an, ki fčk rive soti lavil Babilňn.

11

W'a pran ajan ak lň yo te ba ou yo, w'a fč yon kouwňn, w'a mete l' sou tčt Jozye, pitit gason Jozadak la, granprčt la.

12

Lčfini, w'a pale avč l', w'a di l': Men sa Seyč a di: Men moun yo rele Boujon an. Li pral pouse kote li ye a. Li pral rebati kay ki apa pou Seyč a.

13

Se li menm ki pral rebati kay ki apa pou Seyč a. Yo pral konsidere l' tankou yon wa. Li pral chita sou fňtčy la pou l' gouvčnen pčp mwen an. Va gen yon prčt bň kote l'. Y'a travay ansanm ak kč poze.

14

Kouwňn lan menm va rete nan kay ki apa pou Seyč a. L'a sčvi pou fč moun toujou chonje Eldayi, Tobija, Jedaja ak Jozyas, pitit gason Sofoni an.

15

Moun ki rete byen lwen va vini, y'a ede nou rebati tanp Seyč a. Lč sa a, n'a konnen se Seyč ki gen tout pouvwa a ki te voye m' kote nou. Se sa menm ki va rive si nou fč tou sa Seyč a, Bondye nou an, ban nou lňd fč.

Zechariah 7

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com