| Chapter 8 |
1 |
ś Menm epňk sa a, yon gwo foul moun te sanble ankň. Yo pa t' gen anyen pou yo manje. Jezi rele disip li yo, li di yo konsa: |
2 |
-Kč m' fč m' mal pou moun sa yo. Sa fč twa jou depi yo la avč m', yo fin manje tou sa yo te pote. |
3 |
Si m' voye yo al lakay yo konsa san manje, y'a tonbe feblčs nan chemen paske gen ladan yo ki soti byen lwen. |
4 |
Disip li yo reponn li: -Nan dezč sa a, ki bň poun jwenn pen pou plen vant tout moun sa yo? |
5 |
Jezi mande yo: -Konbe pen nou gen la a? Yo reponn: -Nou gen sčt pen. |
6 |
Lč sa a, li fč foul moun yo chita atč; li pran sčt pen yo; li di Bondye mčsi, li kase yo an moso, li renmčt yo bay disip li yo pou yo mache bay tout moun. Disip yo mache bay tout moun pen. |
7 |
Te gen kčk ti pwason la tou. Jezi di Bondye mčsi pou yo tou, li mande disip li yo mache bay tout foul moun yo. |
8 |
Tout moun te manje vant plen. Yo plen sčt panyen pote ale avčk moso ki te rete. |
9 |
Te gen katmil (4.000) moun konsa antou. Apre sa, Jezi voye yo ale. |
10 |
ś Touswit apre sa, li moute nan kannňt la avčk disip li yo, li ale nan yon peyi yo rele Dalmanouta. |
11 |
Farizyen yo vin rive. Yo tanmen diskite avčk Jezi: yo te vle pran li nan pčlen. Yo mande l' pou l' fč yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba li tout pouvwa sa a. |
12 |
Jezi bay yon gwo soupi nan kč l', li di yo konsa: -Poukisa moun alčkile yo renmen mande mirak konsa? Se vre wi sa m'ap di nou la a: yo p'ap jwenn okenn mirak. |
13 |
Apre sa, li vire do l' ba yo, li tounen nan kannňt la; li pati pou lňt bň lanmč a. |
14 |
Men, disip yo te bliye pran lňt pen: yo te gen yon sčl grenn pen avč yo nan kannňt la. |
15 |
Jezi ba yo lňd sa a: -Fč atansyon. Pran prekosyon nou avčk ledven farizyen yo ansanm avčk ledven Ewňd la. |
16 |
Disip yo pran pale pou kont yo, yonn t'ap di lňt: -Se paske nou pa gen pen kifč l' di nou sa. |
17 |
Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: -Poukisa n'ap di: se paske nou pa gen pen? Se konnen nou pa konnen? Nou poko ka konprann toujou? Se bouche lespri nou bouche konsa? |
18 |
Gen lč nou pa wč nan je nou? Nou pa tande nan zňrčy nou? Se bliye nou gen tan bliye? |
19 |
Lč m' te separe senk pen bay senkmil (5,000) moun yo, konbe panyen plen moso nou te pote ale? Yo reponn li: -Douz panyen. |
20 |
Jezi mande yo anko: -Lč m' te separe sčt pen bay katmil (4.000) moun yo, konbe panyen plen moso nou te pote ale? Yo reponn li: -Sčt panyen. |
21 |
Lč sa a li di yo: -Nou pa konprann toujou? |
22 |
ś Apre sa, y' ale Betsayda. Yo mennen yon nonm avčg bay Jezi. Yo mande li pou l' te manyen li. |
23 |
Jezi pran men avčg la, li mennen l' soti nan bouk la. Li pran ti gout krache, li mete nan je avčg la. Apre sa, li mete men l' sou tčt avčg la: Li mande li: -Eske ou wč kichňy? |
24 |
Avčg la louvri je l', li di: -Mwen wč moun k'ap mache; yo sanble pyebwa. |
25 |
Jezi remete men l' ankň nan je l' yo. Lč sa a, avčg la wč klč nčt. Li te geri, li te wč tout bagay klč. |
26 |
Jezi voye l' al lakay li, li di l' konsa: -Pa antre nan bouk la. |
27 |
ś Jezi pati apre sa avčk disip li yo; li ale nan tout bouk ki te nan rejyon Sezare Filip la. Antan yo t'ap mache, li poze yo keksyon sa a: -Ki moun yo di mwen ye en? |
28 |
Yo reponn li: -Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lňt ki di ou se Eli; gen lňt ankň ki di ou se yonn nan pwofčt yo. |
29 |
Li mande yo ankň: -Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye? Pyč reponn li: -Ou se Kris la. |
30 |
Lč sa a, Jezi ba yo lňd byen sevč pou yo pa di pčsonn sa. |
31 |
Apre sa, li kňmanse di disip li yo yon bann bagay. Li di yo konsa: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachč a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chčf fanmi yo, chčf prčt yo, dirčktč lalwa yo, yo yonn p'ap vle wč mwen. Y'ap fč touye m'. Men sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan pami mň yo. |
32 |
Li t'ap pale konsa aklč ak yo. Pyč rele l' sou kote, li di li: -Pa pale konsa non. |
33 |
Men Jezi vire tčt li, li gade disip li yo. Li pale sevč ak Pyč, li di li konsa: -Wete kň ou sou mwen, Satan! Paske, lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lčzňm ta vle. |
34 |
Lč sa a Jezi rele foul moun yo ansanm avčk disip li yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle mache dčyč m', se pou l' bliye tčt li, se pou l' chaje kwa l' sou zepňl li epi swiv mwen. |
35 |
Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pčdi li. Men, moun ki va pčdi lavi l' poutčt mwen ak bon nouvčl la, li va sove li. |
36 |
Kisa sa ta sčvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pčdi lavi li? |
37 |
Ou ankň, kisa yon nonm kapab bay pou l' gen lavi? |
38 |
Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawňl mwen nan mitan bann moun alčkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachč a, lč m'a tounen avčk zanj Bondye yo nan tout bčl pouvwa Papa m' lan, m'a wont pran li pou moun pa m' tou. |