Haitian Creole Bible

Mark 13

Mark

Return to Index

Chapter 14

1

ķ Nan de jou ankō yo tapral fete fčt Delivrans lan ansanm ak fčt Pen san ledven an. Chčf prčt yo ak dirčktč lalwa yo t'ap chache mwayen pou yo arete Jezi san pesonn pa konnen, pou fč touye li.

2

Yonn t'ap di lōt: -Nou pa kapab arete l' pandan jou fčt yo, paske sa ka kreye dezōd nan pčp la.

3

Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalčp la. Pandan li te chita bō tab la, yon fanm vin antre. Li t'ap pote yon ti boutčy fčt an albat. Ti boutčy la te plen yon odč bon kalite ki fčt ak yon fčy yo rele n'a ki vann byen chč. Fanm lan kase kou boutčy la, epi li vide tout odč a sou tčt Jezi.

4

Nan moun ki te la yo, gen ladan yo ki pa t' kontan menm, yonn t'ap di lōt: -Pouki tout gaspiyay odč sa a?

5

Yo ta kapab vann li twasan (300) goud pou pi ba pri, epi yo ta bay pōv lajan an. Yo t'ap kritike fanm lan byen fō.

6

Men Jezi di yo: -Kite l' an repo. Pouki n'ap fč l' tout lapenn sa a? Se yon bčl bagay li fč la a pou mwen.

7

Pōv yo, n'ap toujou genyen yo avčk nou; chak fwa nou vle, nou ka fč byen pou yo. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m' tout tan avčk nou.

8

Fanm lan fč sa l' te kapab. Depi davans li tou benyen kō m' pou lantčman mwen.

9

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latč, kote y'a anonse bon nouvčl la, y'a rakonte sa fanm lan fč la a tou pou yo pa janm bliye li.

10

Lč sa a, Jida Iskariōt, yonn nan douz disip yo, leve, li al di chčf prčt yo li te pare pou l' te fč yo pran Jezi.

11

Yo te kontan tande sa Jida t'ap di yo, yo pwomčt pou yo ba l' lajan. Se konsa Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l' te ba yo Jezi.

12

ķ Premye jou fčt Pen san ledven an, jou yo te konn touye ti mouton pou manje Delivrans lan, disip yo di Jezi konsa: -Ki bō ou ta vle n' al pare Fčt Delivrans lan?

13

Lč sa a, Jezi rele de nan disip li yo, li di yo: -Ale lavil la; n'a kontre yon moun k'ap pote yon krich dlo: swiv li.

14

Kote la antre a, antre dčyč li. n'a di mčt kay la: Mčt la voye mande ou kote pyčs kay pou l' manje manje Delivrans lan avčk disip li yo.

15

La moutre nou yon gwo chanm, tou pare tou meble, anwo kay la. Se la n'a pare manje Delivrans lan pou nou tout.

16

Disip yo pati, yo rive lavil la; yo jwenn tout bagay jan l' te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan.

17

Lč solčy fin kouche, Jezi vin rive avčk douz disip yo.

18

Antan yo te chita bō tab la ap manje, Jezi di konsa: -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou k'ap manje avčk mwen la a pral trayi mwen.

19

Lč sa a, kč disip yo kase; yonn apre lōt yo pran mande li: -Eske se mwen menm?

20

Li reponn yo: -Se yonn nan nou douz la k'ap tranpe pen ansanm avč m' nan plat la.

21

Moun Bondye voye nan lachč a pral mouri, jan sa te ekri sou li a. Men, malč pou moun k'ap trayi l' la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pa t' janm fčt.

22

Antan yo t'ap manje, Jezi pranpen, li di Bondye mčsi, li kase l'; li bay disip li yo, li di yo konsa: -Men, pran. Sa se kō mwen.

23

Apre sa, li pran yon gode diven tou, li di Bondye mčsi, li pase l' ba yo, yo tout bwč ladan li.

24

Epi Jezi di yo: -Sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye ap fč ak nou an, san ki koule pou anpil moun.

25

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen p'ap janm bwč diven ankō, jouk jou m'a bwč yon diven nčf nan peyi kote Bondye Wa a.

26

Apre yo fin chante chante fčt la, yo soti, y' ale mōn Oliv.

27

Jezi di disip li yo: -Nou tout, nou pral kouri kite m' pou kont mwen; paske men sak te ekri: M'ap frape gadō mouton yo, epi tout mouton yo pral gaye nan bwa.

28

Men apre, lč m'a leve soti vivan nan lanmō, mwen pral tann nou nan peyi Galile.

29

Pyč di li: -Menm si tout moun ta kouri kite ou, mwen menm mwen p'ap janm fč sa.

30

Jezi reponn li: -Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Jōdi a menm, pandan lannwit sa a, anvan kōk chante de fwa, wa gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen.

31

Men, Pyč te kenbe la, li t'ap di: -Menm si m' ta dwe mouri avč ou, mwen p'ap janm di sa. Tout lōt disip yo t'ap di menm bagay la tou.

32

ķ Apre sa, yo rive yon kote yo rele Jetsemane. Jezi di disip li yo: -Chita la, mwen pral lapriyč pi devan.

33

Li pran Pyč, Jak ak Jan avč li. Lamenm, li santi yon frison nan rčl do l' ak yon kč sere ki pran li.

34

Li di yo: -Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri mwen vle mouri. Rete la a, pa kite dōmi pran nou.

35

Li ale yon ti kras pi lwen, li lage kō l' fas atč, li lapriyč; li mande si se te posib pou l' pa ta bezwen soufri tout soufri sa a.

36

Li t'ap di: -O! Papa mwen, nanpwen anyen ou pa kapab fč. Tanpri souple, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, fč sa ou menm ou vle a. Pa fč sa mwen menm mwen ta vle a.

37

Li tounen bō kot disip li yo, li jwenn yo tou twa ap dōmi. Li di Pyč konsa: -Simon! W'ap dōmi? Ou pa t' kapab rete je klč menm yon ti moman?

38

Pa dōmi, tande! Lapriyč fō pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men se kō nou ki fčb.

39

Li kite yo ankō, li al fč menm lapriyč a.

40

Apre sa, li retounen. Li jwenn yo ap dōmi ankō paske yo pa t' kapab kenbe je yo louvri. Yo pa t' konn sa pou yo te reponn li.

41

Lč l' tounen twazyčm fwa a, li di yo: -N'ap dōmi toujou? N'ap poze kō nou toujou? Sa ase koulye a. Lč a rive; men yo pral lage Moun Bondye voye nan lachč a nan men mechan yo.

42

Leve non. Ann ale. Men moun k'ap trayi m' lan ap vini.

43

ķ Jezi t'ap pale toujou lč Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avčk li: se chčf prčt yo ak dirčktč lalwa yo ki te voye yo avčk li.

44

Jida, nonm ki t'ap trayi Jezi a, te gen dizon ak yo pou l' ba yo yon siyal. Li te di yo: -Moun n'a wč m' bo a se li menm n'ap chache a. Mete men sou li, mennen li ale, pa kite l' chape.

45

Rive Jida rive, li pwoche bō kot Jezi, li di li: -Mčt! Epi li bo li.

46

Menm lč a, moun yo mete men sou Jezi, yo arete li.

47

Yonn nan disip yo rale nepe l', li frape domestik granprčt la; li koupe yon zōrčy li.

48

Jezi pran lapawōl, li di yo: -Nou vin dčyč m' ak nepe, ak baton, tankou si m' te yon ansasen.

49

Men, toulčjou mwen te la nan mitan nou, mwen t'ap pale nan tanp lan; lč sa a nou pa t' janm arete mwen. Men, tou sa pase konsa pou sa ki ekri a ka rive vre.

50

Lč sa a tout disip yo kite l', yo pran kouri.

51

Te gen yon jenn gason ki t'ap swiv Jezi; li te gen yon dra ase sou li. Yo mete men sou msye.

52

Men, li lage dra a, li chape nan men yo toutouni.

53

ķ Yo mennen Jezi kay granprčt la. Se la tout chčf prčt yo, chčf fanmi yo ak dirčktč lalwa yo te reyini.

54

Pyč t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen. Li antre jouk nan fon lakou kay granprčt la. Li te chita avčk gad yo bō dife a, li t'ap chofe kō li.

55

Chčf prčt yo ak tout manm Gran Konsčy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fč sou Jezi pou yo te kondannen l' amō, men yo pa t' kapab jwenn anyen menm.

56

Anpil moun te vin fč manti sou li. Men, pawōl yo pa t' dakō.

57

Lč sa a, kčk moun leve kanpe, yo fč manti sa a sou li:

58

-Nou te tande l' di: m'a kraze tanp moun te fč a, epi nan twa jou m'a bati yon lōt tanp moun pa ka fč.

59

Menm sou pwen sa a yo pa t' dakō.

60

Lč sa a, granprčt la leve nan mitan asanble a, li poze Jezi keksyon, li di l' konsa: -Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa?

61

Jezi pa louvri bouch li, li pa reponn anyen. Granprčt la keksyonnen li ankō, li mande l': -Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye ki merite lwanj la?

62

Jezi reponn li: -Wi, se mwen menm. Nou gen pou nou wč m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachč a, chita sou bō dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wč m' tou ap vini anwo nwaj yo nan syčl la.

63

Lč sa a, granprčt la chire rad ki te sou li a, li di: -Sa nou bezwen temwen ankō fč?

64

Nou sot tande jan l' pale mal sou Bondye. Sa nou di nan sa? Yo tout deklare Jezi koupab, yo di li merite lanmō.

65

Kčk ladan yo tonbe krache sou li, yo bouche je l', yo pran ba l' koutpwen. Lčfini yo di li: -Si ou konnen di nou ki moun k'ap fč ou sa? Menm gad yo pran bay Jezi souflčt.

66

ķ Antan Pyč te anba nan lakou a, yonn nan sčvant granprčt la vin rive.

67

Li wč Pyč ap chofe, li gade l' byen. Li di l' konsa: -Ou menm tou, ou te avčk Jezi, moun Nazarčt la?

68

Pyč reponn: -Mwen pa konnen. Mwen pa konprann sa ou vle di la a. Epi Pyč soti pou li al nan pyčs devan kay la. Menm lč a, yon kōk chante.

69

Menm sčvant lan wč l' ankō. Li pran di moun ki te la yo: -Nonm sa a fč pati moun sa yo wi.

70

Men Pyč demanti l' ankō. Yon kadč apre, moun ki te la yo di Pyč ankō: -Se vre, monchč. Ou fč pati moun sa yo, ou se moun Galile.

71

Lč sa a, Pyč kōmanse di: -Mwen mande Bondye nenpōt bagay rive m' si m' manti: mwen pa konnen nonm n'ap pale la a.

72

Menm lč a, kōk la chante yon dezyčm fwa. Lč sa a Pyč vin chonje pawōl Jezi te di l' la: anvan kōk chante de fwa, w'a gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Epi li tonbe kriye.

Mark 15

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com