| Chapter 10 |
1 |
ś Apre sa, Seyč a chwazi swasanndis lňt disip; li voye yo devan l' de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l' ale. |
2 |
Li di yo: Rekňt la anpil, men pa gen ase travayč pou ranmase li. Mande mčt jaden an pou l' voye travayč nan jaden l' lan. |
3 |
Ale: m'ap voye nou tankou ti mouton nan mitan chen mawon. |
4 |
Pa pote ni lajan, ni manje, ni soulye. Pa rete nan di pesonn bonjou nan chemen an. |
5 |
Lč nou antre nan yon kay, premye bagay pou nou di: benediksyon pou tout moun ki nan kay la. |
6 |
Si gen yon moun ki ka resevwa benediksyon an, benediksyon an va desann sou li; si pa genyen, benediksyon an va tounen vin jwenn ou. |
7 |
Rete nan kay sa a; manje, bwč tou sa y'a ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l' lajan travay li. Pa soti nan yon kay pou al rete nan yon lňt. |
8 |
Lč nou antre man yon lavil, si yo resevwa nou, manje sa y'a mete devan nou. |
9 |
Geri moun malad ki nan lavil la, di tout moun yo: Gouvčnman Bondye a rive toupre nou. |
10 |
Men, lč nou antre nan yon lavil, si yo pa resevwa nou, mache nan tout lari, di yo konsa: |
11 |
Men n'ap souke pousyč lavil nou an ki te kole anba pye nou, nou fini ak nou. Tansčlman, konnen byen: Gouvčnman Bondye a te rive toupre nou. |
12 |
M'ap di nou sa: Jou jijman an, y'ap peni lavil sa a pi rčd pase lavil Sodňm. |
13 |
Malč pou nou, moun lavil Korazen! Malč pou nou tou, moun lavil Betsayda! Paske, si mirak ki fčt nan mitan nou yo, se te nan mitan lavil Tir ak lavil Sidon yo te fčt, gen lontan moun sa yo ta chita atč, yo ta mete rad sak sou yo, yo ta kouvri kň yo ak sann dife pou fč wč yo vle tounen vin jwenn Bondye. |
14 |
Se poutčt sa, jou jijman an, y'a peni nou pi rčd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon. |
15 |
Nou menm, moun lavil Kapčnawňm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syčl la; enben y'ap bese nou desann jouk anba kote mň yo ye a. |
16 |
Li di disip li yo ankň: Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m', se moun ki voye m' lan yo repouse. |
17 |
ś Swasanndis disip yo tounen ak kč kontan, yo di li: Mčt, ata move lespri yo soumčt devan nou, lč nou pran non ou pou chase yo. |
18 |
Jezi di yo: Mwen te wč Satan ap tonbe sot nan syčl la tankou yon zčklč. |
19 |
Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sčpan ak eskňpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fč nou mal. |
20 |
Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumčt devan nou. Fč kč n' kontan pito dapre non nou ekri nan syčl la. |
21 |
Lč sa a, Sentespri a te fč kč Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: O Papa, ou menm ki mčt syčl la ak tč a, mwen di ou mčsi anpil dapre ou pran bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li. |
22 |
Papa m' renmčt tout bagay nan men mwen. Pesonn pa konn kilčs moun Pitit la ye, esepte Papa a; pesonn pa konn kilčs moun Papa a ye, eseptč Pitit la, ak moun Pitit la vle fč konnen li. |
23 |
Apre sa, Jezi vire bň disip li yo, li rele yo apa, li di yo: benediksyon pou nou k'ap wč sa n'ap wč a. |
24 |
Paske, m'ap di nou sa: anpil pwofčt ak anpil wa te anvi wč sa n'ap wč la a, men yo pa t' wč li, yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pa t' tande li. |
25 |
ś Yon dirčktč lalwa vin rive. Pou l' pran Jezi nan pčlen li di l' konsa: Mčt, kisa pou m' fč pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an? |
26 |
Jezi di li: Kisa ki ekri nan lalwa? Ki jan ou konprann li? |
27 |
Nonm lan reponn: Se pou ou renmen Mčt la, Bondye ou, ak tout kč ou, ak tout nanm ou, ak tout fňs kouraj ou, ak tout lide ou. Se pou renmen frč parčy ou tankou ou renmen pwňp tčt pa ou. |
28 |
Jezi di li: Ou byen reponn. Si ou fč sa, wa gen lavi. |
29 |
Men, dirčktč lalwa a te vle bay tčt li rezon, kifč li mande Jezi: Ki moun ki frč parčy mwen? |
30 |
Jezi reponn li konsa: Vwala, yon nonm t'ap desann soti Jerizalčm, li tapral Jeriko. Kčk ansasen atake l', yo vňlň ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka (3/4) mň. |
31 |
Lč sa a, yon prčt vin ap desann sou menm wout la, li wč nonm lan, men li janbe lňt bň wout la, li al fč wout li. |
32 |
Konsa tou, yon moun Levi vin ap pase menm kote a, li rive toupre, li wč nonm lan, men li janbe lňt bň wout la, li al fč wout li. |
33 |
Men, yon moun peyi Samari ki t'ap vwayaje sou menm wout la rive bň kote nonm lan; kč l' fč l' mal lč li wč nonm lan. |
34 |
Li pwoche kote l', li vide lwil ak diven sou blese l' yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bčt li te moute a. Li mennen l' nan yon lotčl kote li pran swen li. |
35 |
Nan denmen, li rale kňb nan pňch li, li bay mčt lotčl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lč m' tounen isit la ankň m'a renmčt ou tout depans ou va fč anplis pou li. |
36 |
Apre sa, Jezi di nonm lan: Dapre ou, nan twa moun sa yo, kilčs ki te moutre li se frč parčy nonm ki te tonbe nan men ansasen yo? |
37 |
Dirčktč lalwa a reponn: Nonm ki te gen pitye pou li a. Jezi di li: Ale, fč menm bagay la tou. |
38 |
ś Jezi al fč wout li ansanm ak disip li yo. Li antre nan yon ti bouk kote yon fanm yo rele Mat resevwa l' lakay li. |
39 |
Mat sa a te gen yon sč yo rele Mari. Mari te chita nan pye mčt la, li t'ap koute pawňl li yo. |
40 |
Mat menm t'ap fatige kň l' ak tout travay ki te pou fčt nan kay la. Lč sa a, li vini, li di: Mčt, sa pa fč ou anyen pou ou wč sč m' lan kite m' ap fč tout travay la pou kont mwen? Manyč di l' ede m' non. |
41 |
Jezi reponn li: Mat, Mat. W'ap trakase tčt ou, w'ap bat kň ou pou yon bann bagay. |
42 |
Men, se yon sčl bagay ki nesesč. Se li Mari chwazi, yo p'ap janm wete l' nan men li. |