Haitian Creole Bible

Acts 13

Acts

Return to Index

Chapter 14

1

ķ Nan Ikoniōm, Pōl ak Banabas antre nan sinagōg jwif yo tou. Yo pale sitčlman byen, anpil jwif ak anpil moun lōt nasyon te kwč.

2

Men jwif ki pa t' kwč yo moute tčt moun lōt nasyon yo, yo fč yo vire sou do Pōl ak Banabas.

3

Pōl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankō, yo t'ap fč konnen favč Bondye a avčk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Seyč a. Seyč a menm te bay disip yo pouvwa fč anpil bčl bagay ak anpil mirak pou l' te moutre sa yo t'ap di a te vre.

4

Nan lavil la moun te fč de kan: yon bō te gen patizan jwif yo, lōt bō a te gen patizan apōt yo.

5

Jwif yo, moun lōt nasyon yo ansanm ak chčf yo t'ap pare pou maltrete Pōl ak Banabas, pou touye yo ak kout wōch.

6

Lč Pōl ak Banabas wč sa, yo kouri met deyō, y' al nan peyi Likaoni, yo rete lavil List ak lavil Dčb ak nan vwazinaj yo.

7

Yo t'ap anonse bon nouvčl la la tou.

8

ķ Nan List te gen yon nonm enfim ki te toujou rete chita, paske de pye l' yo te paralize. Li te fčt tou konsa, li pa t' janm mache menm.

9

Li t'ap koute sa Pōl t'ap di. Pōl fikse je l' sou li, li wč nonm lan te gen kont konfyans nan Bondye pou l' te geri.

10

Pōl pale byen fō, li di: Leve, kanpe dwat sou de pye ou yo! Nonm lan vole kanpe, epi li pran mache.

11

Lč foul moun yo wč sa Pōl te fč a, yo pran rele an likaonyen, lang peyi a: Men bondye yo pran fōm moun, yo desann vin jwenn nou.

12

Yo rele Banabas Zeyis, yo rele Pōl Emčs paske se li menm ki t'ap pale.

13

Prčt ki sčvi nan tanp Zeyis ki te bō pōtay lavil la mennen kčk towo bčf ak kolye flč devan pōtay la. Ansanm ak pčp la, yo t'ap pare pou yo te fč ofrann bčt pou yo touye bay Pōl ak Banabas.

14

Lč apōt yo tande sa, yo chire rad sou yo, yo kouri nan mitan foul la, yo pale byen fō, yo t'ap di:

15

Mezanmi, sa n'ap fč konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bon nouvčl: Se pou nou kite tout zidōl sa yo ki pa vo anyen pou n' vire bō kot Bondye ki vivan an. Se li menm ki fč syčl la, tč a, lanmč a ansanm ak tout sa ki ladan yo.

16

Nan tan lontan, li te kite tout nasyon swiv chemen pa yo.

17

Men, li te toujou ap fč yo konnen ki moun li ye, li te fč anpil byen pou yo: li ban nou lapli ki soti nan syčl la ak sezon rekōt. Li ban nou manje an kantite, epi li fč kč nou kontan anpil.

18

Menm avčk tout pawōl sa yo, se pa t' ti traka anvan apōt yo te resi rive anpeche moun yo fč ofrann bčt yo.

19

ķ Kčk jwif soti Antiōch (ki nan peyi Pisidi) ak Ikoniōm. Yo pran tčt foul la, yo kalonnen Pōl kout wōch pou yo touye li. Apre sa, yo trennen l' mete andeyō lavil la, yo te kwč l' te mouri.

20

Men, lč disip yo vin sanble bō kote l', li leve kanpe, epi l' tounen antre nan lavil la. Nan denmen, li pati avčk Banabas, y' al lavil Dčb.

21

Pōl ak Banabas anonse bon nouvčl la nan lavil Dčb. Yo te fč anpil disip la. Apre sa, yo tounen, yo pase List, Ikoniōm, Antiōch (ki nan peyi Pisidi).

22

Yo t'ap bay disip yo fōs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fčm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a.

23

Nan chak legliz, yo chwazi kčk chčf fanmi. Yo fč jčn, yo lapriyč. Apre sa, yo renmčt yo nan men Bondye, Seyč ki te gen tout konfyans yo a.

24

Yo travčse peyi Pisidi, yo rive nan Panfili.

25

Yo anonse pawōl Bondye a lavil Pčj. Apre sa, yo desann Atali.

26

Antan yo la, yo pran batiman pou Antiōch. Se la nan menm Antiōch sa a yo te renmčt yo nan men Bondye ki te ba yo favč l' pou yo te al fč tout travay yo sot fč a.

27

Lč yo rive Antiōch, yo reyini legliz la, yo rakonte tou sa Bondye te ba yo pouvwa fč pou li, ki jan li te louvri pōt pou moun ki pa jwif yo kapab kwč tou.

28

Apre sa, yo rete lontan avčk disip Antiōch yo.

Acts 15

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com