| Chapter 6 |
1 |
ś Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske nou mčt kontinye ap viv toujou nan peche pou favč Bondye a ka vin pi plis toujou? |
2 |
Non. Sa pa ka fčt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n' ta ka kontinye ap viv toujou nan peche? |
3 |
Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batčm pou n' te fč yonn ak Jezikri, avčk batčm sa a nou te fč yonn avč l' nan lanmň li. |
4 |
Se sak fč, avčk batčm nou an nou te antere ansanm avč l', nou te mouri ansanm avč l' tou. Men, menm jan Papa a te fč l' leve soti nan lanmň avčk gwo fňs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lňt lavi. |
5 |
Menm jan nou fč yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fč yonn avč li, paske n'a leve soti vivan nan lanmň tankou l' tou. |
6 |
Nou konn sa byen: vye moun nou te ye anvan an, sa mouri avčk Kris la sou kwa a. Konsa, sa nou gen nan kň nou ki te konn fč nou fč peche a fini. Nou pa esklav peche ankň. |
7 |
Lč yon moun mouri, li delivre anba pouvwa peche a. |
8 |
Si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwč nava viv tou ansanm avč li. |
9 |
Nou konnen Kris la te leve soti vivan nan lanmň, li pa gen pou l' mouri ankň; lanmň pa gen okenn pouvwa sou li. |
10 |
Lč l' te mouri, se pou peche li te mouri. Li mouri yon sčl fwa, li p'ap janm mouri ankň. Koulye a l'ap viv, se pou Bondye l'ap viv. |
11 |
Konsa tou, nou menm, konsidere tčt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avčk Jezikri. |
12 |
Pa kite peche donminen sou kň nou ki gen pou mouri a, pou l' fč nou fč tou sa kň a anvi fč. |
13 |
Pa lage okenn pati nan kň nou nan peche, pou peche a pa sčvi avč l' pou fč sa ki mal. Okontrč, tankou moun ki delivre anba lanmň epi k'ap viv, ann lage kň nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kň nou nan men Bondye pou l' ka sčvi ak yo pou fč sa ki byen. |
14 |
Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankň, se anba favč Bondye a nou ye. |
15 |
Kisa sa vle di menm? Paske nou pa anba lalwa Moyiz la ankň men anba favč Bondye a, čske nou ta mčt fč peche pou sa? Men non. |
16 |
Nou konn sa byen: Si nou lage tčt nou nan men yon moun pou nou sčvi l' esklav pou n' obeyi l', nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kň nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fč nou jwenn ak lanmň. Men, si nou lage kň nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fč nou mache dwat devan Bondye. |
17 |
Men, ann di mčsi Bondye! Paske yon lč nou menm nou te esklav peche; men koulye a, egzanp nou jwenn nan sa yo te moutre nou an, n'ap swiv li ak tout kč nou. |
18 |
Nou delivre anba peche. Koulye a se esklav sa ki byen nou ye. |
19 |
M'ap pale ak nou tankou lčzňm ta pale paske nou fčb nan kň nou. Te gen yon lč nou te lage tout kň nou nan fč move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n' te fč sa ki mal. Konsa tou koulye a, ann lage tout kň nou nan fč sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n' ka viv apa pou li. |
20 |
Lč n' te esklav peche a, nou pa t' gen okenn obligasyon pou n' te fč sa ki byen. |
21 |
Lč sa a, kisa n' te fč? Nou t'ap fč bagay ki fč nou wont jňdi a. Bagay sa yo fč nou jwenn ak lanmň. |
22 |
Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fč n'ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an. |
23 |
Peche peye nou kach: li ban nou lanmň; men kadň Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyč nou an, yon lavi ki p'ap janm fini. |