| Chapter 9 |
1 |
ś Mwen pa wč rezňn pou m' voye di nou anyen sou keksyon sekou n'ap voye bay manm pčp Bondye ki nan peyi Jide a. |
2 |
Mwen konnen jan nou vle ede, mwen pa t' manke kontan pale byen pou nou ak moun Masedwan yo lč m' te di yo: Depi lanne pase anwo, frč ki nan peyi Lakayi yo pare pou ede. Se konsa lanpresman nou pou bay te eksite anpil ladan yo bay tou. |
3 |
Malgre sa, m'ap voye frč sa yo bň kote nou pou bčl pawňl mwen te di pou nou sou zafč sekou sa a pa pase pou manti. Mwen ta renmen wč nou pare vre, jan mwen te di l' la. |
4 |
Ala wont mwen ta wont si, pou lč moun peyi Masedwan yo ta vin ansanm avč m', yo ta jwenn nou pa pare! Jan m' te konte sou nou sa! Mwen pa bezwen pale jan nou menm tou nou ta wont! |
5 |
Se sak fč, mwen kwč se te nesesč pou m' te mande frč sa yo pou y' al lakay nou anvan mwen, pou nou ka pare kado nou te pwňmčt nou t'ap bay la. Konsa, lč m'a rive mwen menm, kado a va tou pare. Lč sa a, moun yo va wč nou bay paske nou vle, pa paske yo fňse nou. |
6 |
ś Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekňlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekňlte anpil. |
7 |
Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kč yo, san yo pa rčgrčt anyen, san moun pa bezwen fňse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kč kontan. |
8 |
Bondye menm gen pouvwa pou l' ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fč sa, pa sčlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rčs ki rete pou n' fč tout kalite bon zčv. |
9 |
Se sa menm ki ekri nan Liv la: Li bay moun ki nan nesesite yo san gad dčyč. L'ap toujou gen kč nan men. |
10 |
Bondye ki bay moun k'ap simen an grenn pou l' simen ak pen pou l' manje, l'a ban nou tou sa nou bezwen pou simen. L'a fč l' pouse pou nou, pou nou ka fč yon bčl rekňt lč nou bay an kantite konsa. |
11 |
Bondye ap toujou fč nou rich ase pou nou ka toujou bay ak tout kč nou. Konsa, anpil moun va di Bondye mčsi pou kado n'a ban mwen pou yo. |
12 |
Se pou nou konn sa byen: sčvis n'ap rann lč nou bay lajan sa a, se pa sčlman pou bay moun pčp Bondye sa yo bezwen. Men, akňz sčvis sa a, anpil moun pral lapriyč Bondye pou di l' mčsi. |
13 |
Sčvis sa a ap fč yo wč ki kalite moun nou ye. Yo pral fč lwanj Bondye, paske sekou sa a pral fč yo wč jan nou soumčt, jan nou kwč nan bon nouvčl ki pale sou Kris la. Y'a fč lwanj Bondye tou pou jan nou separe byen nou yo ak yo ansanm ak tout lňt yo. |
14 |
Y'a lapriyč pou nou, y'a renmen nou anpil akňz gwo favč sa a Bondye fč pou nou. |
15 |
Ann di Bondye mčsi pou gwo kado sa a li ban nou, yon kado ki pa gen parčy li! |