| Chapter 3 |
1 |
ś Nou menm ki deja leve soti vivan ansanm ak Kris la nan lanmň, se pou nou chache bagay ki anwo nan syčl la kote Kris la chita sou bň dwat Bondye. |
2 |
Pa kite bagay ki sou latč pran tčt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syčl la. |
3 |
Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye. |
4 |
Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lč la parčt, nou menm tou n'a parčt ansanm avč l' nan tout bčl pouvwa li. |
5 |
ś Se poutčt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwňpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sčvi zidňl). |
6 |
Se tout bagay sa yo ki fč kňlč Bondye tonbe sou moun ki derefize obeyi li. |
7 |
Se konsa nou t'ap viv nan tan lontan lč nou te anba pouvwa peche sa yo. |
8 |
ś Men koulye a, pa fč kňlč, pa fč move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo soti nan bouch nou. |
9 |
Pa bay frč nou yo manti. Paske, nou voye vye moun nou te ye a jete ansanm ak tout vye mčs li yo. |
10 |
Koulye a, nou tounen yon lňt kalite moun, n'ap chanje jouk n'a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n' te ka konnen l' nčt. |
11 |
Se sak fč, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankň, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankň, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bčt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout. |
12 |
ś Nou tout nou fč pati pčp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n' ka viv pou li. Se poutčt sa, se pou nou gen kč sansib anpil, pou n' aji byen yonn ak lňt, san lňgčy, avčk anpil dousč, anpil pasyans. |
13 |
Se pou nou yonn sipňte lňt, pou nou yonn padonnen lňt si nou gen kont yonn ak lňt. Wi, se pou yonn padonnen lňt, menm jan Kris la te padonnen nou. |
14 |
Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kňd k'ap mare nou ansanm yonn ak lňt. |
15 |
Se pou nou viv byen yonn ak lňt, jan Kris la vle l' la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lňt pou nou ka fč yon sčl kň. Toujou chonje sa li fč pou nou. |
16 |
Kenbe pawňl Kris la ak tout richčs li yo byen fčm nan kč nou. Se pou nou yonn aprann nan men lňt, se pou nou yonn bay lňt konsčy avčk anpil bon konprann. Se pou nou chante sňm, kantik ak tout lňt chante Lespri Bondye a va moutre nou, pou di Bondye mčsi ak tout kč nou. |
17 |
Tou sa n'ap fč, tou sa n'ap di, fč l' nan non Seyč Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mčsi nan li. |
18 |
ś Nou menm medam, soumčt devan mari nou paske se konsa pou moun ki kwč nan Seyč a aji. |
19 |
Nou menm mari, renmen madanm nou. Pa fč move jan ak yo. |
20 |
Nou menm timoun, se devwa nou pou nou obeyi manman nou ak papa nou nan tout bagay. Se sa ki fč Bondye plezi. |
21 |
Nou menm papa ak manman, pa rele sou timoun yo twňp pou sa pa dekouraje yo. |
22 |
Nou menm domestik, obeyi mčt nou gen sou latč a nan tout bagay. Se pa sčlman lč nou anba je yo pou nou obeyi yo, tankou moun k'ap fč lčzňm plezi. Men, se pou n' obeyi yo ak tout kč nou, akňz respč nou gen pou Seyč a. |
23 |
Nenpňt travay yo ban nou fč, fč l' ak tout kč nou tankou si se pa pou lčzňm nou t'ap travay, men pou Seyč a. |
24 |
Chonje byen: Seyč a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l' yo. Paske, mčt n'ap sčvi tout bon an se Kris la. |
25 |
Men, moun ki fč sa ki mal va resevwa sa ki pou li dapre mal li te fč a. Paske, Bondye pa gade sou figi moun. |