| Chapter 2 |
1 |
ś Nou menm frč m' yo, nou konn sa byen: vizit mwen te fč lakay nou an te bay bon rezilta. |
2 |
Mwen te fenk soti lavil Filip kote yo te maltrete m' anpil, kote yo te joure m' lan. Men, Bondye ban m' fňs ak kouraj pou m' te ka anonse nou bon nouvčl ki soti nan li a, malgre tout opozisyon mwen te jwenn. |
3 |
Paske, lč m'ap pale ak moun, se pa manti m'ap bay, ni mwen pa gen ankenn move lide dčyč tčt mwen, ni mwen p'ap chache twonpe pesonn. |
4 |
Okontrč, mwen te toujou pale jan Bondye vle l' la. Se Bondye ki konnen sa ki nan kč mwen. Li fč m' konfyans, li ban mwen bon nouvčl li a pou m' anonse. Se sak fč, se pa lčzňm m'ap chache fč plezi, men Bondye ki konnen sa ki nan kč mwen. |
5 |
Nou menm, nou konn sa byen: mwen pa janm sčvi ak pawňl ki pou flate moun, ni mwen pa janm pran ankenn pretčs pou chache fč lajan. Mwen pran Bondye pou temwen. |
6 |
Mwen pa chache lwanj nan men pesonn, ni nan men nou, ni nan men lňt moun. |
7 |
ś Se pa kapab mwen pa ta kapab fč nou santi otorite Kris la ban mwen tankou apňt li. Non, okontrč. Pandan tout tan m' te lakay nou, mwen te aji avčk dousč, tankou yon manman k'ap pran swen pitit li yo. |
8 |
Mwen te sitčlman renmen nou, se pa bon nouvčl la ase mwen ta ban nou. Ata vi m' mwen ta bay pou nou. Nou wč jan m' renmen nou! |
9 |
Nou chonje, frč m' yo, jan m' te travay, jan m' te fatige kň m' ap travay lajounen kou lannwit pou m' pa t' sou kont nou yonn pandan tout tan mwen t'ap anonse nou bon nouvčl Bondye a. |
10 |
Mwen pran nou sčvi m' temwen ansanm ak Bondye: Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou ka di mwen te aji byen ak nou, yon jan ki dakň ak volonte Bondye, yon jan ki dwat, ki san repwňch. |
11 |
Nou konnen ki jan mwen te aji ak nou chak, tankou yon papa ak pitit li yo. |
12 |
Mwen te ankouraje nou, mwen te konsole nou, mwen pa t' janm sispann fč nou konprann byen ki jan pou nou mennen tčt nou pou nou ka fč Bondye plezi, paske Bondye rele nou pou nou resevwa pa nou nan gouvčnman l' ak nan bčl pouvwa li. |
13 |
ś Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mčsi tou pou jan nou te pare zňrčy nou koute lč m' t'ap fč nou konnen pawňl Bondye a. Nou te resevwa l' pou sa l' ye a: pou pawňl Bondye, pa pou pawňl lčzňm. Se pawňl sa a k'ap travay nan kč nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye. |
14 |
Frč m' yo, sa ki rive nou an, se sa ki te rive manm legliz Bondye k'ap viv pou Jezikri nan peyi Jide a. Menm sa yo te soufri nan men jwif yo, se sa nou soufri tou nan men moun menm peyi ak nou yo. |
15 |
Se jwif yo ki te fč touye ni Jezi, Seyč a, ni pwofčt yo. Se yo menm tou ki te pčsekite m' ansanm ak zanmi m' yo. Yo pa soti pou fč Bondye plezi. Yo fč lčnmi ak tout moun. |
16 |
Y'ap fč sa yo kapab pou anpeche m' pale ak moun ki pa jwif yo, pou moun sa yo pa sove. Konsa, yo lage kň yo nčt ale nan menm peche yo te toujou kňnn fč a. Men, koulye a kňlč Bondye tonbe sou yo. |
17 |
ś Pou mwen menm, frč m' yo, pa gen lontan depi m' kite nou. Nou pa wč menm, se vre. Men, lide m' toujou sou nou. Se pa ti anvi mwen pa anvi wč nou ankň. |
18 |
Mwen pa konnen sa m' ta fč pou m' tounen lakay nou ankň. Mwen menm Pňl, mwen te seye plizyč fwa menm. Men, Satan te anpeche mwen. |
19 |
Se nou menm, moun Tesalonik, ki tout espwa mwen, se pa lňt moun. Se nou menm ki fč kč m' kontan. Se nou menm k'ap ban m' okazyon pou m' vante tčt mwen devan Jezi, Seyč nou an, lč la vini. |
20 |
Se nou menm ki ban m' satilfaksyon, se nou menm ki fč kč m' kontan. |