| Chapter 5 |
1 |
ś Pa fč granmoun gason yo repwňch twň di. Pale ak yo tankou ou ta pale ak papa ou. Aji ak jenn jan yo tankou si yo te frč ou; |
2 |
ak granmoun fanm yo, tankou si yo te manman ou; ak jenn fi yo, tankou si yo te sč ou, san okenn move lide. |
3 |
ś Pran swen včv ki včv tout bon yo. |
4 |
Men, si yon včv gen pitit, osinon pitit pitit, se pou pitit yo aprann fč tout devwa Bondye mande yo fč pou pwňp fanmi yo anvan. Konsa, y'a fč tou sa yo dwe fč pou papa yo, manman yo ak granparan yo. Se sa ki pou fč Bondye plezi. |
5 |
Yon fanm ki včv tout bon, ki pa gen pesonn pou okipe l', li mete tout espwa li nan Bondye, l'ap lapriyč tout tan, l'ap mande l' konkou lajounen kou lannwit. |
6 |
Men, yon včv ki lage kň l' nan plezi, se yon včv ki mouri, menm si l' vivan toujou. |
7 |
Men sa pou ou moutre yo, pou pesonn pa jwenn okenn repwňch pou fč yo. |
8 |
Si yon moun pa pran swen fanmi l', sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwč nan Bondye. |
9 |
Pa mete okenn včv sou lis toutotan li pa gen swasantan. Epi, se pou l' te marye yon sčl fwa. |
10 |
Se pou tout moun konnen tou sa li te fč ki byen: tankou si li elve pitit li yo byen, si l' konn resevwa moun byen lakay li, si l' konn lave pye moun pčp Bondye a, si l' ede malere yo, si l' fč tout lňt kalite byen. |
11 |
Men, pa mete okenn včv ki poko gen laj sa a sou lis. Paske, lč anvi a pran yo pou yo marye, yo vire do bay Kris la. |
12 |
Lč konsa yo vin antň, paske yo pa kenbe premye pwomčs yo te fč l' la. |
13 |
Apre sa, yo pran abitid pčdi tan yo ap mache pňt an pňt. Sa ki pi rčd ankň, yo vin tripňt, fouyapňt. Y'ap foure bouch yo nan sa ki pa gade yo. |
14 |
Se poutčt sa, mwen ta pito wč jenn včv yo marye pou yo ka gen pitit, pou yo sa okipe kay yo. Konsa, yo p'ap bay lčnmi nou yo chans pale nou mal. |
15 |
Paske, gen včv ki vire do yo deja, y'ap swiv Satan. |
16 |
Men, si yon fanm ki gen lafwa gen yon včv nan fanmi l', se pou l' ede l', pou l' pa kite l' sou kont legliz la, pou legliz la ka ede včv ki nan nesesite tout bon yo. |
17 |
ś Kanta chčf reskonsab yo k'ap dirije legliz la byen, se pou yo resevwa yon lajan doub, sitou ansyen k'ap bay tout tan yo pou bay pawňl la ak pou fč enstriksyon moun yo. |
18 |
Se sa ki ekri nan Liv la: Pa mare bouch bčf la lč l'ap fč moulen kann lan mache. Ou ankň: Moun ki travay fčt pou resevwa lajan travay li. |
19 |
Pa kite pesonn vin pote plent pou yon chčf reskonsab, esepte si moun lan gen de osinon twa temwen avč li. |
20 |
Se pou ou fč moun ki fč peche yo repwňch devan tout moun. Konsa, lňt yo va pč. |
21 |
Devan Bondye, devan Jezikri, devan tout zanj k'ap viv pou Bondye yo, men sa m'ap mande ou: swiv lňd sa yo san fč ni patipri ni moun pa nan tou sa w'ap fč. |
22 |
Pa prese mete men sou tčt yon moun pou ba l' yon chaj nan legliz la. Pa mele nan peche okenn moun. Evite tou sa ki mal. |
23 |
Ak maladi lestonmak ou a, sispann bwč dlo sčlman. Bwč ti diven tou pou ede ou fč dijesyon. |
24 |
Gen moun, anvan menm ou jije yo, ou gen tan wč tout peche yo aklč konsa. Gen lňt menm, se lontan apre ou wč sa yo fč ki mal. |
25 |
Konsa tou, tout byen yon moun fč gen pou parčt aklč, menm sa ou pa wč lapoula. Yo pa ka rete kache. |