| Chapter 2 |
1 |
ś Pitit mwen yo, m'ap ekri nou lčt sa a pou nou pa fč peche. Men, si yon moun rive fč peche, nou gen yon avoka k'ap plede pou nou bň kot Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a. |
2 |
Paske, Jezikri te ofri tčt li tankou bčt yo ofri bay Bondye, pou Bondye te ka padonnen peche nou yo, pa peche pa nou yo ase, men peche tout moun tou. |
3 |
ś Si nou fč sa Bondye mande nou fč, lč sa a nou mčt sčten nou konnen li. |
4 |
Lč yon moun di: mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fč sa Bondye mande l' fč a, moun sa a se yon mantň. Verite a pa nan li. |
5 |
Men, moun ki obeyi pawňl Bondye a, se moun sa a ki konmanse renmen Bondye tout bon vre. Men ki jan nou ka konnen nou fč yonn ak Bondye: |
6 |
Lč yon moun di li fč yonn ak Bondye, se pou l' viv tankou Jezi te viv la. |
7 |
ś Mezanmi, se pa yon kňmandman tou nčf m'ap ban nou nan lčt sa a. Se menm ansyen kňmandman yo te ban nou depi nan konmansman an. Ansyen kňmandman sa a, se menm pawňl nou te tande deja a. |
8 |
Men, nan yon sans, se yon kňmandman tou nčf m'ap ban nou la a. Nou wč kňmandman sa a se yon bagay k'ap aji tout bon nan lavi Kris la ak nan lavi pa nou tou, paske fčnwa a ap pase, limyč tout bon an gen tan ap klere. |
9 |
Moun ki di yo nan limyč epi pou anmenmtan yo rayi frč yo, moun konsa nan fčnwa toujou. |
10 |
Se moun ki renmen frč yo ki nan limyč a. Konsa, pa gen anyen nan yo ki ka fč yon lňt tonbe nan peche. |
11 |
Men, moun ki rayi frč yo, yo nan fčnwa toujou. Y'ap mache nan fčnwa, yo pa konnen kote yo prale, paske fčnwa a rann yo avčg. |
12 |
ś Timoun mwen yo, m'ap ekri nou paske Bondye padonnen peche nou yo poutčt Jezikri. |
13 |
M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou kraze dyab la. M'ap ekri nou, nou menm timoun, paske nou konn Papa a. |
14 |
M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou gen anpil fňs: nou kenbe pawňl Bondye a nan kč nou, nou kraze dyab la. |
15 |
Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kč li. |
16 |
Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachč, se gwo tanta, se lňgčy k'ap vire tčt moun lč yo gen anpil byen sou latč. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti. |
17 |
Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l' yo ta vle genyen. Men, moun ki fč sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan. |
18 |
ś Pitit mwen yo, dčnye jou a pa lwen rive. Nou tande yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la gen pou vini. Men koulye a, se yon bann moun ki kanpe pou konbat Kris la. Se sa ki fč nou konnen dčnye jou a pa lwen rive ankň. |
19 |
Moun sa yo pa t' avčk nou tout bon, se poutčt sa yo kite nou. Si yo te avčk nou tout bon, yo ta toujou rete la avčk nou. Men, yo kite nou pou tout moun ka wč aklč yo yonn pa t' avčk nou tout bon. |
20 |
ś Pou nou menm, nou te resevwa Sentespri Kris la te voye sou nou an, konsa nou tout nou konn verite a. |
21 |
Si m'ap ekri nou lčt sa a, se pa paske nou pa konn verite a non. Men, okontrč, se paske nou konnen li. Paske nou konnen pa gen manti ki ka soti nan verite a. |
22 |
Kilčs k'ap bay manti la a? Se moun ki di Jezi pa Kris la. Moun sa a, se goumen l'ap goumen ak Kris la. Li voye ni Papa a ni Pitit la jete. |
23 |
Moun ki voye Pitit la jete, li voye Papa a jete tou. Moun ki rekončt Pitit la, li rekončt Papa a tou. |
24 |
Se poutčt sa, pawňl nou te tande depi nan konmansman an, kenbe li nan kč nou. Si nou kenbe sa nou te tande depi nan konmansman an nan kč nou, n'ap toujou fč yonn ak Papa a ansanm ak Pitit la. |
25 |
Men sa Jezikri te pwomčt l'ap ban nou an: se lavi ki p'ap janm fini an. |
26 |
M'ap ekri nou tou sa poutčt moun k'ap chache twonpe nou yo. |
27 |
Pou nou menm, Kris la te voye Sentespri a sou nou. Toutotan Sentespri a nan kč nou, nou pa bezwen pesonn moutre nou anyen, paske Sentespri a ap moutre nou tout bagay. Sa l'ap moutre nou an se verite, se pa manti. Se poutčt sa, ann fč sa Sentespri a ap moutre nou, ann toujou fč yonn ak Kris la. |
28 |
ś Wi, pitit mwen yo, ann toujou fč yonn ak Kris la. Konsa, lč Kris la va parčt, n'a gen konfyans. Wi, jou la vini an, nou p'ap wont devan l', yo p'ap kapab voye nou jete byen lwen li. |
29 |
Nou konnen Kris la se yon moun ki te mache dwat devan Bondye. Se pou nou konnen tou, tout moun ki fč sa ki dwat devan Bondye se pitit Bondye yo ye. |